Jenèz 37:1-25

Jenèz 37:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Men Jakòb rete rete l nan peyi Kanaran kote papa l te pase tout lavi l. Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disetan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l yo. Li te konn rapòte bay papa l tout vye bagay yo t'ap fè. Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè li fè Jozèf. Li fè yon bèl varèz manch long ak bon twal siperyè pou li. Lè frè l yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l. Yo pat louvri bouch avè l san yo pa joure l. Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l pi plis toujou. Li di yo: — Mesye, tande yon rèv mwen fè. Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tou dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m lan tankou moun y'ap salwe. Frè l yo di l: — Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a. Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l bay frè li yo. Li di yo: — Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalin lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen. Li rakonte rèv la bay papa l ansanm ak frè l yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l: — Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Kounyeya, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou? Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li. Frè Jozèf yo leve, y'ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje. Izrayèl rele Jozèf, li di l konsa: — Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: — Men mwen wi, papa. Izrayèl di l konsa: — Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l menm ki te fè l pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l: — Kisa w'ap chache konsa? Jozèf reponn li: — M'ap chache frè m yo. Tanpri, di m ki kote yo mennen bèt yo al manje. Nonm lan di l: — Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l yo, li jwenn yo Dotan. Men, anvan Jozèf te rive, yo te gentan wè l byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l. Yonn di lòt: — Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini! Annou wè. N'ap touye l, n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n'a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre. Riben tap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: — Piga nou touye l. Pa fè san koule. Annou lage li nan pi sa a nan dezè a. Men piga nou touye li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove li anba men yo pou voye li tounen kay papa li. Lè Jozèf rive bò kote frè l yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. Yo pran l, yo jete l nan pi a. Pi a te vid, li pat gen dlo. Apre sa, yo chita pou manje. Pandan yo leve je gade, yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap pase. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap ale vann nan peyi Lejip.

Jenèz 37:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jacob s’installe en Canaan, où son père était venu habiter. Voici l’histoire des fils de Jacob. Joseph a dix-sept ans. Il garde les moutons et les chèvres avec ses frères, les fils de Bila et de Zilpa, femmes de son père. Joseph rapporte à son père le mal qu’on raconte sur eux. Jacob aime Joseph plus que ses autres enfants. En effet, il l’a eu quand il était déjà vieux. Il lui fait faire un vêtement brodé magnifique. Les frères de Joseph voient que leur père l’aime plus qu’eux tous. Alors ils commencent à le détester. Ils sont même incapables de lui parler gentiment. Un jour, Joseph fait un rêve. Il le raconte à ses frères, et ses frères le détestent encore plus. Joseph leur dit : « Écoutez donc le rêve que j’ai fait. Nous étions tous dans les champs en train d’attacher les gerbes de blé. Tout à coup, ma gerbe s’est relevée et elle est restée debout. Ensuite, toutes vos gerbes sont venues autour d’elle et elles se sont inclinées profondément devant elle. » Les frères de Joseph lui demandent : « Est-ce que tu as l’intention de devenir notre roi et de nous commander ? » Ils le détestent encore plus à cause de ses rêves et de ce qu’il raconte. Joseph fait un autre rêve et il le raconte à ses frères : « J’ai encore rêvé. Le soleil, la lune et onze étoiles s’inclinaient profondément devant moi. » Joseph raconte aussi le rêve à son père. Jacob lui fait des reproches. Il lui dit : « Ce rêve, c’est quoi ? Est-ce que moi, ta mère et tes frères, nous devons nous incliner jusqu’à terre devant toi ? » Les frères de Joseph sont jaloux de lui, mais son père pense souvent à ces rêves. Les frères de Joseph vont à Sichem pour garder les moutons et les chèvres de leur père Jacob. Un jour, Jacob dit à Joseph : « Tes frères gardent le troupeau près de Sichem. Va les voir de ma part. » Joseph répond : « Je veux bien, père. » Jacob dit encore : « Va voir si tes frères sont en bonne santé et si le troupeau va bien. Puis rapporte-moi des nouvelles. » Jacob envoie Joseph depuis la vallée d’Hébron. Quand Joseph arrive près de Sichem, un homme le rencontre. Joseph cherche son chemin dans la campagne. L’homme lui demande : « Qu’est-ce que tu cherches ? » Joseph répond : « Je cherche mes frères. Dis-moi où ils sont avec le troupeau. » L’homme lui répond : « Ils sont partis d’ici. Je les ai entendus dire : “Allons à Dotan.” » Joseph part à la recherche de ses frères et il les trouve à Dotan. Ses frères le voient de loin. Avant que Joseph arrive près d’eux, ils préparent sa mort en secret. Ils se disent entre eux : « Tiens, voilà le rêveur ! Maintenant allez, tuons-le et jetons-le dans un puits ! Nous dirons qu’une bête sauvage l’a dévoré. Ensuite, nous verrons bien si ses rêves se réalisent. » Ruben les entend. Il veut sauver Joseph, et il dit : « Ne le tuons pas ! » Puis il ajoute : « Ne le faites pas mourir ! Jetez-le dans un puits du désert, mais ne touchons pas à sa vie ! » Ruben veut sauver Joseph de leurs mains et le ramener à son père. Quand Joseph arrive près de ses frères, ils lui arrachent le magnifique vêtement brodé qu’il porte. Ils prennent Joseph et ils le jettent dans un puits. Ce puits est vide, sans eau. Ensuite, ils s’assoient pour manger. Ils aperçoivent un groupe d’Ismaélites qui viennent de Galaad. Leurs chameaux transportent plusieurs produits : de la gomme, de la résine et du ladanum . Les Ismaélites vont les vendre en Égypte.

Jenèz 37:1-25 New International Version (NIV)

Jacob lived in the land where his father had stayed, the land of Canaan. This is the account of Jacob’s family line. Joseph, a young man of seventeen, was tending the flocks with his brothers, the sons of Bilhah and the sons of Zilpah, his father’s wives, and he brought their father a bad report about them. Now Israel loved Joseph more than any of his other sons, because he had been born to him in his old age; and he made an ornate robe for him. When his brothers saw that their father loved him more than any of them, they hated him and could not speak a kind word to him. Joseph had a dream, and when he told it to his brothers, they hated him all the more. He said to them, “Listen to this dream I had: We were binding sheaves of grain out in the field when suddenly my sheaf rose and stood upright, while your sheaves gathered around mine and bowed down to it.” His brothers said to him, “Do you intend to reign over us? Will you actually rule us?” And they hated him all the more because of his dream and what he had said. Then he had another dream, and he told it to his brothers. “Listen,” he said, “I had another dream, and this time the sun and moon and eleven stars were bowing down to me.” When he told his father as well as his brothers, his father rebuked him and said, “What is this dream you had? Will your mother and I and your brothers actually come and bow down to the ground before you?” His brothers were jealous of him, but his father kept the matter in mind. Now his brothers had gone to graze their father’s flocks near Shechem, and Israel said to Joseph, “As you know, your brothers are grazing the flocks near Shechem. Come, I am going to send you to them.” “Very well,” he replied. So he said to him, “Go and see if all is well with your brothers and with the flocks, and bring word back to me.” Then he sent him off from the Valley of Hebron. When Joseph arrived at Shechem, a man found him wandering around in the fields and asked him, “What are you looking for?” He replied, “I’m looking for my brothers. Can you tell me where they are grazing their flocks?” “They have moved on from here,” the man answered. “I heard them say, ‘Let’s go to Dothan.’ ” So Joseph went after his brothers and found them near Dothan. But they saw him in the distance, and before he reached them, they plotted to kill him. “Here comes that dreamer!” they said to each other. “Come now, let’s kill him and throw him into one of these cisterns and say that a ferocious animal devoured him. Then we’ll see what comes of his dreams.” When Reuben heard this, he tried to rescue him from their hands. “Let’s not take his life,” he said. “Don’t shed any blood. Throw him into this cistern here in the wilderness, but don’t lay a hand on him.” Reuben said this to rescue him from them and take him back to his father. So when Joseph came to his brothers, they stripped him of his robe—the ornate robe he was wearing— and they took him and threw him into the cistern. The cistern was empty; there was no water in it. As they sat down to eat their meal, they looked up and saw a caravan of Ishmaelites coming from Gilead. Their camels were loaded with spices, balm and myrrh, and they were on their way to take them down to Egypt.

Jenèz 37:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jacob s’établit au pays de Canaan où son père avait séjourné. Voici l’histoire de la famille de Jacob. Joseph, âgé de dix-sept ans, gardait les moutons et les chèvres avec ses frères. Il avait passé son enfance avec les fils de Bilha et de Zilpa, femmes de son père. Il rapportait à leur père leurs mauvais propos. Israël aimait Joseph beaucoup plus que tous ses autres fils, car il l’avait eu dans sa vieillesse. Il lui fit une tunique splendide. Ses frères virent que leur père le préférait à eux tous ; alors ils le prirent en haine, et ils ne pouvaient plus lui parler aimablement. Joseph fit un rêve et le raconta à ses frères, qui ne l’en détestèrent que davantage. Il leur dit, en effet : Ecoutez, je vous prie, ce songe que j’ai eu. Nous étions en train de lier des gerbes dans les champs. Soudain, ma gerbe s’est dressée et s’est tenue debout ; les vôtres se sont placées autour d’elle et se sont prosternées devant elle. Ses frères lui dirent : Prétendrais-tu devenir notre roi et nous gouverner ? Et ils le détestèrent de plus belle à cause de ses songes et de ses propos. Il eut encore un autre rêve qu’il raconta également à ses frères : Voici, leur dit-il, j’ai encore fait un rêve. J’ai vu le soleil, la lune et onze étoiles se prosterner devant moi. Quand il raconta ce rêve à son père et à ses frères, son père le réprimanda et lui dit : Qu’as-tu rêvé là ? T’imagines-tu que moi, ta mère et tes frères, nous allons nous prosterner en terre devant toi ? Ses frères étaient jaloux de lui : mais son père garda la chose en mémoire. Les frères de Joseph allèrent faire paître les troupeaux de leur père dans la région de Sichem. Israël dit à Joseph : Tes frères font paître les troupeaux à Sichem  ; va, je veux t’envoyer vers eux. Joseph répondit : J’y vais. Son père lui dit : Va voir comment se portent tes frères et comment vont les troupeaux. Tu m’en rapporteras des nouvelles. Il l’envoya donc depuis la vallée d’Hébron et Joseph se rendit à Sichem. Un homme l’y rencontra, alors qu’il errait dans la campagne. Il lui demanda : Que cherches-tu ? – Je cherche mes frères, lui dit-il, peux-tu me dire où ils font paître leurs troupeaux ? – Ils sont partis d’ici, lui répondit l’homme, et je les ai entendus dire : « Allons vers Dotân. » Joseph partit donc à la recherche de ses frères et les trouva à Dotân. Ceux-ci l’aperçurent de loin. Avant qu’il ne soit près d’eux, ils complotèrent de le faire mourir. – Voilà le maître-rêveur qui arrive, se dirent-ils les uns aux autres. C’est le moment ! Allez, tuons-le et jetons-le dans une citerne, nous dirons qu’une bête féroce l’a dévoré. On verra bien alors ce qu’il advient de ses rêves ! Lorsqu’il entendit cela, Ruben chercha à sauver Joseph. Il dit : Ne portons pas atteinte à sa vie ! Il ajouta : Ne répandez pas le sang ! Jetez-le dans cette citerne qui se trouve dans le désert, mais ne portez pas la main sur lui ! Il avait l’intention de le sauver pour le renvoyer à son père. Dès que Joseph eut rejoint ses frères, ils le dépouillèrent de sa tunique, cette tunique splendide qu’il portait. Ils se saisirent de lui et le jetèrent au fond de la citerne. Elle était vide ; il n’y avait pas d’eau dedans. Puis ils s’assirent pour manger. En regardant au loin, ils aperçurent une caravane d’Ismaélites venant de la région de Galaad et dont les chameaux étaient chargés de gomme, de baume et de myrrhe, qu’ils transportaient en Egypte.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an