Galat 5:1-25

Galat 5:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò. Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen. M'ap repete sa m te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande. Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a. Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou. Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou. Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a? Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki sòti nan Bondye k'ap rele nou an. Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pat la leve. Men, Senyè a fè m gen konfyans nan nou, li ban m lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l te ye, Bondye gen pou pini li. Pou mwen menm, frè m yo, si m t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m jouk kounyeya? Epitou, nan ka sa a, mesay m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pèsonn okazyon bite. Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou kèsyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo, fin ak sa. Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou! Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò. Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo. Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay.

Galat 5:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le Christ nous a libérés pour que nous soyons vraiment libres. Alors, résistez ! Ne vous laissez plus attacher avec les chaînes de l’esclavage ! Moi, Paul, je vous le dis : si vous vous faites circoncire, le Christ ne vous servira plus à rien. Encore une fois, je tiens à le dire à tout homme qui se fait circoncire : il est obligé d’obéir à toute la loi. Vous qui cherchez à devenir justes par la loi, vous vous êtes séparés du Christ, vous avez perdu ce que Dieu vous a donné. Pour nous qui croyons, nous espérons que Dieu nous rendra justes, et c’est l’Esprit Saint qui nous fait attendre cela avec impatience. Quand quelqu’un vit uni au Christ Jésus, être circoncis ou ne pas être circoncis, cela n’a aucune importance ! Ce qui compte, c’est de croire et de montrer sa foi en aimant. Vous étiez bien partis. Qui vous a barré la route et vous empêche d’obéir à la vérité ? Cet empêchement ne vient pas de Dieu qui vous appelle ! Un peu de levain fait lever toute la pâte. Pourtant, le Seigneur me donne confiance à votre sujet : vous ne penserez pas autrement que moi. Mais tous ceux qui sèment le désordre chez vous, seront condamnés sans exception. Et moi, frères et sœurs, est-ce que j’annonce encore que nous avons besoin d’être circoncis ? Si oui, pourquoi est-ce qu’on continue à me faire souffrir ? En effet, si j’annonce cela, la croix du Christ n’est plus un obstacle pour personne ! Eh bien, ceux qui sèment le désordre chez vous n’ont qu’à se mutiler complètement ! Vous, frères et sœurs, vous avez été appelés à la liberté, mais cette liberté ne doit pas être une excuse pour vos désirs mauvais ! Au contraire, mettez-vous au service les uns des autres avec amour. Toute la loi de Moïse est contenue dans un seul commandement : « Tu dois aimer ton prochain comme toi-même. » Mais si vous vous mordez et si vous vous blessez les uns les autres, attention, vous allez vous détruire ! C’est pourquoi je dis : laissez l’Esprit Saint conduire votre vie, ainsi vous ne suivrez pas vos désirs mauvais. Ces désirs mauvais luttent contre l’Esprit Saint, et l’Esprit Saint lutte contre ces désirs. Entre eux, c’est la guerre, et le résultat, c’est que vous n’arrivez pas à faire ce que vous voulez. Mais si l’Esprit Saint vous conduit, vous ne dépendez plus de la loi. Ce que les désirs mauvais produisent, on le voit bien : ils mènent une vie immorale et mauvaise, ils se conduisent n’importe comment. Ils adorent les faux dieux, ils pratiquent la sorcellerie. Ils détestent les autres, ils se disputent, ils sont jaloux. Ils se mettent en colère, ils cherchent à passer devant tout le monde, ils se divisent en partis et en groupes opposés. Ils veulent ce que les autres possèdent, ils boivent trop, ils mangent trop et ils font encore bien d’autres choses semblables. Je vous avertis et je l’ai déjà dit : ceux qui font ces choses-là n’auront pas de place dans le Royaume de Dieu. Au contraire, voici ce que l’Esprit Saint produit : amour, joie, paix, patience, bonté, service, confiance dans les autres, douceur, maîtrise de soi . La loi n’est sûrement pas contre ces choses-là. Ceux qui appartiennent au Christ Jésus ont cloué sur la croix les désirs mauvais qui les entraînaient. Puisque l’Esprit Saint nous fait vivre, laissons-nous conduire par cet Esprit.

Galat 5:1-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò. Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò. M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou. Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a. Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive. Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou. Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a? Asireman yon move enfliyans kon sa pa ka soti nan Bondye ki te chwazi nou an. Fè atansyon, “Yon ti kras ledven kapab fè tout yon pat leve.” Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa. Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò? Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a? Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt. Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou. M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa. Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou.

Galat 5:1-25 New International Version (NIV)

It is for freedom that Christ has set us free. Stand firm, then, and do not let yourselves be burdened again by a yoke of slavery. Mark my words! I, Paul, tell you that if you let yourselves be circumcised, Christ will be of no value to you at all. Again I declare to every man who lets himself be circumcised that he is obligated to obey the whole law. You who are trying to be justified by the law have been alienated from Christ; you have fallen away from grace. For through the Spirit we eagerly await by faith the righteousness for which we hope. For in Christ Jesus neither circumcision nor uncircumcision has any value. The only thing that counts is faith expressing itself through love. You were running a good race. Who cut in on you to keep you from obeying the truth? That kind of persuasion does not come from the one who calls you. “A little yeast works through the whole batch of dough.” I am confident in the Lord that you will take no other view. The one who is throwing you into confusion, whoever that may be, will have to pay the penalty. Brothers and sisters, if I am still preaching circumcision, why am I still being persecuted? In that case the offense of the cross has been abolished. As for those agitators, I wish they would go the whole way and emasculate themselves! You, my brothers and sisters, were called to be free. But do not use your freedom to indulge the flesh; rather, serve one another humbly in love. For the entire law is fulfilled in keeping this one command: “Love your neighbor as yourself.” If you bite and devour each other, watch out or you will be destroyed by each other. So I say, walk by the Spirit, and you will not gratify the desires of the flesh. For the flesh desires what is contrary to the Spirit, and the Spirit what is contrary to the flesh. They are in conflict with each other, so that you are not to do whatever you want. But if you are led by the Spirit, you are not under the law. The acts of the flesh are obvious: sexual immorality, impurity and debauchery; idolatry and witchcraft; hatred, discord, jealousy, fits of rage, selfish ambition, dissensions, factions and envy; drunkenness, orgies, and the like. I warn you, as I did before, that those who live like this will not inherit the kingdom of God. But the fruit of the Spirit is love, joy, peace, forbearance, kindness, goodness, faithfulness, gentleness and self-control. Against such things there is no law. Those who belong to Christ Jesus have crucified the flesh with its passions and desires. Since we live by the Spirit, let us keep in step with the Spirit.

Galat 5:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Christ nous a rendus libres pour que nous connaissions la vraie liberté. C’est pourquoi tenez bon et ne vous mettez pas à nouveau sous le joug de l’esclavage. Moi, Paul, je vous le déclare : si vous vous faites circoncire, Christ ne vous sera plus d’aucune utilité. Et je l’affirme une fois encore : tout homme qui se fait circoncire est tenu d’accomplir la Loi tout entière. Vous qui cherchez à être déclarés justes par Dieu en accomplissant la Loi, vous êtes séparés de Christ : vous n’êtes plus sous le régime de la grâce. Quant à nous, notre espérance, c’est d’être déclarés justes devant Dieu au moyen de la foi. Telle est la ferme attente que l’Esprit fait naître en nous. Car pour ceux qui sont unis à Jésus-Christ, ce qui importe, ce n’est pas d’être circoncis ou incirconcis, c’est d’avoir la foi, une foi qui agit par amour. Vous couriez si bien ! Qui vous a détournés de l’obéissance à la vérité ? Une telle influence ne vient en tout cas pas de celui qui vous a appelés. « Il suffit d’un peu de levain pour faire lever toute la pâte  » ? Pour moi, voici l’assurance que j’ai à votre sujet à cause du Seigneur : vous ne penserez pas autrement que moi. Mais celui qui jette le trouble parmi vous, quel qu’il soit, recevra son châtiment. En ce qui me concerne, frères et sœurs, si je prêchais encore la nécessité de se faire circoncire, pourquoi continuerait-on encore à me persécuter ? Car alors, le message de la mort de Christ en croix n’aurait plus rien qui puisse susciter l’opposition. Ah ! Qu’ils se mutilent donc complètement, ceux qui sèment le désordre parmi vous  ! Oui, mes frères et sœurs, vous avez été appelés à la liberté. Seulement, ne faites pas de cette liberté un prétexte pour vivre comme des hommes livrés à eux-mêmes. Au contraire, par amour, mettez-vous au service les uns des autres. Car la Loi se trouve accomplie tout entière par l’obéissance à cette seule parole : Tu aimeras ton prochain comme toi-même . Mais si vous vous blessez les uns les autres et si vous vous entre-déchirez, prenez garde ! vous vous détruirez mutuellement. Je vous dis donc ceci : menez votre vie dans la dépendance du Saint-Esprit, et vous n’obéirez pas aux désirs qui animent l’homme livré à lui-même. Car ses désirs sont diamétralement opposés à ceux de l’Esprit ; et l’Esprit a des désirs qui s’opposent à ceux de l’homme livré à lui-même. Les deux sont opposés l’un à l’autre, c’est pourquoi vous ne pouvez pas être votre propre maître. Mais si vous êtes conduits par l’Esprit, vous n’êtes plus sous le régime de la Loi. Tout le monde voit bien ce qui procède de l’homme livré à lui-même : l’immoralité, les pratiques dégradantes et la débauche, l’adoration des idoles et la magie, les haines, les querelles, la jalousie, les accès de colère, les rivalités, les dissensions, les divisions, l’envie, l’ivrognerie, les orgies et autres choses de ce genre. Je ne puis que répéter ce que j’ai déjà déclaré à ce sujet : ceux qui commettent de telles actions n’auront aucune part à l’héritage du royaume de Dieu. Mais le fruit de l’Esprit c’est l’amour, la joie, la paix, la patience, l’amabilité, la bonté, la fidélité, la douceur, la maîtrise de soi. La Loi ne condamne certes pas de telles choses. Or, ceux qui appartiennent à Jésus-Christ ont crucifié l’homme livré à lui-même avec ses passions et ses désirs. Puisque l’Esprit est la source de notre vie, conduisons-nous selon sa volonté.

Galat 5:1-25

Galat 5:1-25 HAT98Galat 5:1-25 HAT98