Egzòd 40:1-38

Egzòd 40:1-38 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a. W'a mete bwat ki gen wòch kontra a ladan l. Y'a kache bwat la ak rido a. Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li. W'a pran lotèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l devan bwat ki gen wòch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan. W'a pran lotèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a. W'a mete basin lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lotèl la. W'a mete dlo ladan l. W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a. W'a pran lwil yo sèvi pou konsakre moun osinon bagay pou Bondye a, w'a voye li sou tant Bondye a, sou tout bagay ki pou mwen ladan li. Se konsa w'a konsakre tant lan ak tou sa ki ladan li pou mwen. Y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt. W'a voye lwil la tou sou lotèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l. Se konsa w'a mete lotèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale. W'a voye lwil la tou sou basin lan ak sou pye li. Se konsa w'a konsakre yo pou mwen. Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen. W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini w'a vide lwil sou tèt li. W'a konsakre li pou li ka sèvi mwen prèt. W'a fè pitit gason l yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo. W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi mwen prèt. Seremoni sa a va konsakre yo pou yo ka toujou sèvi mwen prèt, jenerasyon an jenerasyon. Moyiz te fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Senyè a te mande l la. Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan. Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute treng yo nan plas yo, li drese poto yo. Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l, jan Senyè a te ba li lòd fè a. Li pran wòch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la. Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Senyè a te ba li lòd la. Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a. Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la. Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la. Li ranje ti lanp yo devan Senyè a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. Li mete lotèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a. Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan. Li mete lotèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Senyè a te ba li lòd fè a. Li mete basin lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lotèl la, epi li mete dlo ladan l. Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basin lan. Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lotèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lotèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la. Nyaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan. Moyiz pat kapab antre nan Tant Randevou a, paske nyaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Senyè a te plen tant lan. Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nyaj la te leve sòti anwo tant lan yo te ka derape. Men, si nyaj la pat leve anwo tant lan, yo pat pati. Yo te tann jouk nyaj la te leve. Lajounen, nyaj Senyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nyaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.

Egzòd 40:1-38 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Le premier jour du premier mois, tu feras dresser la tente de la rencontre, la tente sacrée. Tu y mettras le coffre contenant les tablettes de l’alliance, tu le cacheras derrière le rideau de séparation. Tu apporteras la table des pains et tu placeras dessus les pains offerts au SEIGNEUR. Tu apporteras le porte-lampes et tu allumeras les lampes. Tu mettras l’autel en or pour le parfum devant le coffre contenant les tablettes de l’alliance. Tu fixeras le rideau d’entrée de la tente sacrée. Tu mettras l’autel des sacrifices devant l’entrée de la tente de la rencontre, la tente sacrée. Tu mettras le bassin pour les purifications entre la tente de la rencontre et l’autel, et tu le rempliras d’eau. Tu mettras les tentures de la cour autour du lieu saint, et tu fixeras le rideau à l’entrée de la cour. « Tu prendras de l’huile de consécration et tu en verseras sur la tente sacrée et sur tout ce qu’elle contient. Tu la consacreras de cette façon avec tous ses ustensiles. Ensuite, elle sera vraiment à moi. Tu verseras aussi de l’huile sur l’autel des sacrifices et sur tous ses ustensiles. Tu le consacreras de cette façon pour qu’il soit uniquement réservé à mon service. Tu verseras aussi de l’huile sur le bassin et sur son support pour les consacrer. « Tu conduiras Aaron et ses fils à l’entrée de la tente de la rencontre et tu leur feras prendre un bain pour se rendre purs. Tu mettras à Aaron les vêtements sacrés. Tu verseras de l’huile sur sa tête, et tu le consacreras ainsi pour qu’il me serve comme prêtre. Tu diras aux fils d’Aaron de s’approcher. Tu leur mettras leurs vêtements. Tu les consacreras comme leur père, en versant de l’huile sur leur tête, pour qu’ils me servent comme prêtres. De cette façon, ils seront consacrés pour toujours comme prêtres, eux et les enfants de leurs enfants. » Moïse fait exactement tout ce que le SEIGNEUR lui a commandé. Le premier jour du premier mois, une année après le départ d’Égypte, on dresse la tente sacrée. Moïse fait dresser la tente : des artisans placent les supports, les cadres et les traverses et ils dressent les colonnes. Ils installent la deuxième tente au-dessus de la tente sacrée et ils la recouvrent d’une couverture, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Puis Moïse prend les tablettes de l’alliance et il les met dans le coffre sacré. Des artisans placent les barres du coffre et ils le recouvrent de son couvercle. Moïse fait entrer le coffre dans la tente sacrée. Puis des artisans fixent le rideau de séparation pour cacher le coffre contenant les tablettes de l’alliance, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Ils placent la table des pains dans la tente de la rencontre, du côté nord, devant le rideau de séparation. Ils posent sur elle les pains offerts au SEIGNEUR, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Ils mettent le porte-lampes dans la tente de la rencontre, du côté sud, en face de cette table. Ils allument les lampes devant le SEIGNEUR, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Ils placent l’autel en or dans la tente de la rencontre, devant le rideau de séparation. Ils font brûler sur l’autel le parfum, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Puis ils fixent le rideau à l’entrée de la tente sacrée. Ils placent l’autel des sacrifices près de l’entrée de la tente sacrée, la tente de la rencontre. Moïse offre sur lui un sacrifice complet et une offrande de produits de la terre, comme le SEIGNEUR l’a commandé. Des artisans posent le bassin entre la tente de la rencontre et l’autel, et ils le remplissent d’eau pour les purifications. Moïse, Aaron et ses fils se lavent les mains et les pieds dans le bassin. De cette façon, ils se rendent purs chaque fois qu’ils doivent entrer dans la tente de la rencontre, ou quand ils s’approchent de l’autel, comme le SEIGNEUR l’a commandé à Moïse. Moïse fait dresser les tentures de la cour autour de la tente sacrée et de l’autel. Des artisans fixent le rideau à l’entrée de la cour. Moïse finit les travaux de cette façon. Alors le nuage de fumée vient couvrir la tente de la rencontre, la gloire du SEIGNEUR remplit la tente sacrée. Moïse ne peut pas entrer dans la tente de la rencontre. En effet, le nuage de fumée reste sur elle, et la gloire du SEIGNEUR la remplit. Quand le nuage de fumée monte au-dessus de la tente sacrée, les Israélites se mettent en route pour une nouvelle étape. Mais si le nuage ne monte pas, ils ne partent pas. Ils attendent le jour où il monte de nouveau. Le nuage du SEIGNEUR repose sur la tente sacrée pendant le jour, un feu brille dans le nuage pendant la nuit. Les Israélites voient cela, tout au long de leur route.

Egzòd 40:1-38 New International Version (NIV)

Then the LORD said to Moses: “Set up the tabernacle, the tent of meeting, on the first day of the first month. Place the ark of the covenant law in it and shield the ark with the curtain. Bring in the table and set out what belongs on it. Then bring in the lampstand and set up its lamps. Place the gold altar of incense in front of the ark of the covenant law and put the curtain at the entrance to the tabernacle. “Place the altar of burnt offering in front of the entrance to the tabernacle, the tent of meeting; place the basin between the tent of meeting and the altar and put water in it. Set up the courtyard around it and put the curtain at the entrance to the courtyard. “Take the anointing oil and anoint the tabernacle and everything in it; consecrate it and all its furnishings, and it will be holy. Then anoint the altar of burnt offering and all its utensils; consecrate the altar, and it will be most holy. Anoint the basin and its stand and consecrate them. “Bring Aaron and his sons to the entrance to the tent of meeting and wash them with water. Then dress Aaron in the sacred garments, anoint him and consecrate him so he may serve me as priest. Bring his sons and dress them in tunics. Anoint them just as you anointed their father, so they may serve me as priests. Their anointing will be to a priesthood that will continue throughout their generations.” Moses did everything just as the LORD commanded him. So the tabernacle was set up on the first day of the first month in the second year. When Moses set up the tabernacle, he put the bases in place, erected the frames, inserted the crossbars and set up the posts. Then he spread the tent over the tabernacle and put the covering over the tent, as the LORD commanded him. He took the tablets of the covenant law and placed them in the ark, attached the poles to the ark and put the atonement cover over it. Then he brought the ark into the tabernacle and hung the shielding curtain and shielded the ark of the covenant law, as the LORD commanded him. Moses placed the table in the tent of meeting on the north side of the tabernacle outside the curtain and set out the bread on it before the LORD, as the LORD commanded him. He placed the lampstand in the tent of meeting opposite the table on the south side of the tabernacle and set up the lamps before the LORD, as the LORD commanded him. Moses placed the gold altar in the tent of meeting in front of the curtain and burned fragrant incense on it, as the LORD commanded him. Then he put up the curtain at the entrance to the tabernacle. He set the altar of burnt offering near the entrance to the tabernacle, the tent of meeting, and offered on it burnt offerings and grain offerings, as the LORD commanded him. He placed the basin between the tent of meeting and the altar and put water in it for washing, and Moses and Aaron and his sons used it to wash their hands and feet. They washed whenever they entered the tent of meeting or approached the altar, as the LORD commanded Moses. Then Moses set up the courtyard around the tabernacle and altar and put up the curtain at the entrance to the courtyard. And so Moses finished the work. LORD Then the cloud covered the tent of meeting, and the glory of the LORD filled the tabernacle. Moses could not enter the tent of meeting because the cloud had settled on it, and the glory of the LORD filled the tabernacle. In all the travels of the Israelites, whenever the cloud lifted from above the tabernacle, they would set out; but if the cloud did not lift, they did not set out—until the day it lifted. So the cloud of the LORD was over the tabernacle by day, and fire was in the cloud by night, in the sight of all the Israelites during all their travels.

Egzòd 40:1-38 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

L’Eternel s’adressa à Moïse et lui dit : Le premier jour du premier mois, tu dresseras le tabernacle, la tente de la Rencontre. Tu y déposeras le coffre de l’acte de l’alliance et tu l’abriteras des regards au moyen du voile. Tu apporteras la table et tu disposeras ce qui doit y être placé comme il convient. Tu apporteras le chandelier et tu y placeras les lampes. Tu installeras l’autel d’or destiné à brûler le parfum en face du coffre de l’acte de l’alliance et tu tendras le rideau à l’entrée du tabernacle. Tu installeras l’autel des holocaustes devant l’entrée du tabernacle, la tente de la Rencontre, et tu placeras la cuve entre la tente de la Rencontre et l’autel ; tu y mettras de l’eau. Tu dresseras le parvis tout autour et tu disposeras le rideau de la porte du parvis. Tu prendras de l’huile d’onction et tu en oindras le tabernacle et tout ce qui s’y trouve. Tu le consacreras avec tous ses accessoires et il sera saint. Tu oindras aussi l’autel des holocaustes et tous ses ustensiles. Tu consacreras l’autel qui sera alors très saint. Tu oindras la cuve et son socle et tu la consacreras. Tu feras approcher Aaron et ses fils de l’entrée de la tente de la Rencontre, et tu les feras se laver à l’eau ; puis tu revêtiras Aaron des vêtements sacrés, tu l’oindras pour le consacrer et il exercera pour moi la fonction de prêtre. Tu feras aussi avancer ses fils et tu les revêtiras de tuniques. Tu les oindras comme tu auras oint leur père et ils exerceront pour moi la fonction de prêtre ; leur onction leur conférera le sacerdoce à perpétuité, de génération en génération. Moïse se conforma à tout ce que l’Eternel lui avait ordonné. C’est ainsi qu’il agit. Le premier jour du premier mois de la seconde année, le tabernacle fut dressé. Moïse fit ériger le tabernacle et en fixer les socles, on mit en place les cadres, on fixa les traverses et l’on dressa les piliers. On étendit la toile de tente sur le tabernacle et l’on posa la couverture de la tente par-dessus, comme l’Eternel l’avait ordonné à Moïse. Celui-ci prit les deux tablettes de l’acte de l’alliance et les déposa dans le coffre ; il disposa les barres le long du coffre et fit poser le propitiatoire dessus ; puis il le fit apporter dans le tabernacle et suspendit le voile de séparation qui abrita des regards le coffre de l’acte de l’alliance, comme l’Eternel l’avait ordonné à Moïse. Il plaça la table dans la tente de la Rencontre sur le côté nord du tabernacle, à l’extérieur du voile, et il y disposa une rangée de pains devant l’Eternel, comme celui-ci le lui avait ordonné. Il installa le chandelier dans la tente de la Rencontre en face de la table, du côté sud du tabernacle. Il y arrangea les lampes devant l’Eternel, comme celui-ci le lui avait ordonné. Il plaça l’autel d’or dans la tente de la Rencontre, devant le voile, et y fit brûler le parfum aromatique, comme l’Eternel le lui avait ordonné. Il fixa le rideau à l’entrée du tabernacle. Il dressa l’autel des holocaustes à l’entrée du tabernacle, la tente de la Rencontre, et y offrit l’holocauste et l’offrande, comme l’Eternel le lui avait ordonné. Il fit installer la cuve entre la tente de la Rencontre et l’autel et y fit mettre de l’eau pour les ablutions pour que Moïse, Aaron et ses fils s’y lavent les mains et les pieds. Ils devaient se laver ainsi chaque fois qu’ils entraient dans la tente de la Rencontre et qu’ils s’approchaient de l’autel, comme l’Eternel l’avait ordonné à Moïse. Il fit dresser les tentures du parvis autour du tabernacle et de l’autel et disposa le rideau à la porte du parvis. Ainsi Moïse acheva les travaux. La nuée enveloppa la tente de la Rencontre et la gloire de l’Eternel remplit le tabernacle. Moïse ne pouvait plus pénétrer dans la tente de la Rencontre parce que la nuée reposait sur elle et que la gloire de l’Eternel remplissait le tabernacle. Pendant toutes leurs pérégrinations, c’est quand la nuée s’élevait de dessus le tabernacle que les Israélites se mettaient en route. Mais aussi longtemps qu’elle restait en place, ils ne bougeaient pas et attendaient, pour continuer leur route, qu’elle s’élève de nouveau. Car la nuée de l’Eternel couvrait le tabernacle pendant le jour et, pendant la nuit, du feu brillait dans la nuée ; elle était ainsi visible pour tous les Israélites. Il en fut ainsi tout au long de leurs pérégrinations.