Egzòd 14:5-31

Egzòd 14:5-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di li pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa li yo vin chanje lide. Yo di: — Ki sòt nou fè la a? Apa nou kite yo ale vre! Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou yo? Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li. Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo. Senyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapousib moun pèp Izrayèl yo ki te sòti kite peyi a devan je tout moun san pèsonn pat di yo anyen. Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiwòt anfas Baalsefon. Antan Farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun Lejip yo t'ap rapousib yo. Yo te vin pè anpil anpil. Yo pran rele nan pye Senyè a. Yo di Moyiz konsa: — Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou sòti kite Lejip la? Eske nou pat di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a. Moyiz reponn pèp la: — Nou pa bezwen pè. Pran kouray. Louvri je nou pou nou wè jan Senyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò. Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou. Senyè a di Moyiz: — Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache. Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame li a, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nyaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nyaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pat ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan. Moyiz lonje men l sou lanmè a. Senyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo. Moun peyi Lejip yo pran rapousib yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Lè douvanjou rive, Senyè a rete nan dife a ak nan nyaj la, li voye je l sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo. Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: — Annou kouri pou moun Izrayèl yo! Paske se Senyè a k'ap konbat nou nan plas yo. Lè sa a, Senyè a di Moyiz: — Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo. Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Senyè a voye yo jete nan lanmè a. Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape. Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo. Sè jou sa a Senyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men peyi Lejip. Moun Izrayèl yo te wè kadav moun Lejip yo sou tout bò lanmè a. Yo wè sa Senyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Senyè a. Yo mete konfyans yo nan Senyè a ak nan Moyiz, sèvitè l la.

Egzòd 14:5-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

On dit au roi d’Égypte : « Le peuple d’Israël est parti. » Alors le roi et les gens qui l’entourent changent d’avis au sujet des Israélites. Ils disent : « Qu’est-ce que nous avons fait là, en les laissant partir ? Ils ne pourront plus être nos esclaves ! » Le roi fait atteler son char et il part avec son armée. Il prend avec lui ses 600 meilleurs chars, suivis de tous les autres chars d’Égypte. Sur chaque char, il y a une équipe de trois hommes. Le SEIGNEUR ferme le cœur du Pharaon, roi d’Égypte, et celui-ci se met à poursuivre les Israélites. Mais les Israélites sortent d’Égypte en levant la main en signe de liberté. Les Égyptiens les poursuivent avec leurs chevaux, leurs chars, leurs cavaliers et toute l’armée du roi d’Égypte. Et ils les rattrapent près de Pi-Hahiroth, devant Baal-Sefon, là où ils campent près de la mer. Comme le roi d’Égypte approche, les Israélites lèvent les yeux : voici les Égyptiens qui avancent derrière eux ! Ils ont très peur, ils se mettent à appeler le SEIGNEUR avec force et ils disent à Moïse : « Tu nous as amenés ici dans le désert pour nous faire mourir ! Pourquoi donc ? Est-ce qu’il n’y avait pas assez de tombes en Égypte ? Pourquoi est-ce que tu nous as fait sortir de ce pays ? Quand nous étions en Égypte, nous t’avons dit : “Laisse-nous servir les Égyptiens ! Nous aimons mieux travailler pour eux que de mourir dans le désert !” » Moïse répond au peuple d’Israël : « N’ayez pas peur ! Résistez ! Vous allez voir comment le SEIGNEUR va vous sauver aujourd’hui. En effet, les Égyptiens que vous voyez maintenant, vous ne les verrez plus jamais ! Le SEIGNEUR va combattre à votre place. Et vous, vous n’aurez rien à faire. » Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Pourquoi est-ce que tu m’appelles au secours ? Dis aux Israélites de se remettre en marche. Toi, prends ton bâton et lève-le sur la mer. Ouvre ainsi un passage pour que les Israélites avancent au milieu de la mer sur un chemin sec. Et moi, je fermerai le cœur des Égyptiens pour qu’ils vous suivent dans la mer. Mais je montrerai ma gloire en écrasant le roi d’Égypte et toute son armée, ses chars et ses cavaliers. Oui, cette défaite du roi d’Égypte, de ses chars et de ses cavaliers montrera ma gloire. Ainsi les Égyptiens sauront que le SEIGNEUR, c’est moi. » L’ange de Dieu qui marchait devant les Israélites va se placer derrière eux. La colonne de fumée qui était devant eux passe aussi derrière eux. Elle vient se placer entre le camp des Égyptiens et le camp des Israélites. Du côté des Égyptiens, le nuage de fumée est sombre, mais du côté des Israélites, il éclaire la nuit. C’est pourquoi les Égyptiens et les Israélites ne peuvent pas s’approcher les uns des autres pendant toute la nuit. Moïse lève sa main sur la mer. Toute la nuit, le SEIGNEUR envoie de l’est un grand vent qui fait reculer la mer. La mer s’ouvre et il y a un chemin sec. Les Israélites avancent sur le chemin sec au milieu de la mer. L’eau forme comme un grand mur à leur droite et à leur gauche. Les Égyptiens suivent les Israélites. Tous les chevaux du roi d’Égypte, ses chars et ses cavaliers entrent derrière eux au milieu de la mer. Vers la fin de la nuit, le SEIGNEUR, qui est dans la colonne de feu et de fumée, regarde le camp des Égyptiens et il met le désordre dans leur armée. Il bloque les roues de leurs chars, qui n’arrivent plus à avancer. Alors les Égyptiens disent : « Fuyons loin des Israélites, parce que le SEIGNEUR combat avec eux contre nous ! » Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Lève ta main sur la mer. L’eau va revenir sur les Égyptiens, sur leurs chars et sur leurs cavaliers. » Moïse lève la main sur la mer, et, au lever du jour, elle reprend sa place comme avant. Les Égyptiens qui fuient se trouvent tout à coup devant la mer, et le SEIGNEUR les fait tomber dedans. L’eau arrive sur les chars, les cavaliers et sur toute l’armée du roi d’Égypte. Tous ceux qui sont entrés dans la mer derrière les Israélites se noient. Mais les Israélites ont traversé la mer sur un chemin sec. L’eau a formé comme un grand mur à leur droite et à leur gauche. Ce jour-là, le SEIGNEUR sauve les Israélites du pouvoir des Égyptiens. Les Israélites voient les corps des Égyptiens au bord de la mer. Les Israélites voient que le SEIGNEUR a agi avec puissance contre les Égyptiens. Alors ils reconnaissent que le SEIGNEUR est grand. Ils mettent leur confiance en lui et en Moïse, son serviteur.

Egzòd 14:5-31 New International Version (NIV)

When the king of Egypt was told that the people had fled, Pharaoh and his officials changed their minds about them and said, “What have we done? We have let the Israelites go and have lost their services!” So he had his chariot made ready and took his army with him. He took six hundred of the best chariots, along with all the other chariots of Egypt, with officers over all of them. The LORD hardened the heart of Pharaoh king of Egypt, so that he pursued the Israelites, who were marching out boldly. The Egyptians—all Pharaoh’s horses and chariots, horsemen and troops—pursued the Israelites and overtook them as they camped by the sea near Pi Hahiroth, opposite Baal Zephon. As Pharaoh approached, the Israelites looked up, and there were the Egyptians, marching after them. They were terrified and cried out to the LORD. They said to Moses, “Was it because there were no graves in Egypt that you brought us to the desert to die? What have you done to us by bringing us out of Egypt? Didn’t we say to you in Egypt, ‘Leave us alone; let us serve the Egyptians’? It would have been better for us to serve the Egyptians than to die in the desert!” Moses answered the people, “Do not be afraid. Stand firm and you will see the deliverance the LORD will bring you today. The Egyptians you see today you will never see again. The LORD will fight for you; you need only to be still.” Then the LORD said to Moses, “Why are you crying out to me? Tell the Israelites to move on. Raise your staff and stretch out your hand over the sea to divide the water so that the Israelites can go through the sea on dry ground. I will harden the hearts of the Egyptians so that they will go in after them. And I will gain glory through Pharaoh and all his army, through his chariots and his horsemen. The Egyptians will know that I am the LORD when I gain glory through Pharaoh, his chariots and his horsemen.” Then the angel of God, who had been traveling in front of Israel’s army, withdrew and went behind them. The pillar of cloud also moved from in front and stood behind them, coming between the armies of Egypt and Israel. Throughout the night the cloud brought darkness to the one side and light to the other side; so neither went near the other all night long. Then Moses stretched out his hand over the sea, and all that night the LORD drove the sea back with a strong east wind and turned it into dry land. The waters were divided, and the Israelites went through the sea on dry ground, with a wall of water on their right and on their left. The Egyptians pursued them, and all Pharaoh’s horses and chariots and horsemen followed them into the sea. During the last watch of the night the LORD looked down from the pillar of fire and cloud at the Egyptian army and threw it into confusion. He jammed the wheels of their chariots so that they had difficulty driving. And the Egyptians said, “Let’s get away from the Israelites! The LORD is fighting for them against Egypt.” Then the LORD said to Moses, “Stretch out your hand over the sea so that the waters may flow back over the Egyptians and their chariots and horsemen.” Moses stretched out his hand over the sea, and at daybreak the sea went back to its place. The Egyptians were fleeing toward it, and the LORD swept them into the sea. The water flowed back and covered the chariots and horsemen—the entire army of Pharaoh that had followed the Israelites into the sea. Not one of them survived. But the Israelites went through the sea on dry ground, with a wall of water on their right and on their left. That day the LORD saved Israel from the hands of the Egyptians, and Israel saw the Egyptians lying dead on the shore. And when the Israelites saw the mighty hand of the LORD displayed against the Egyptians, the people feared the LORD and put their trust in him and in Moses his servant.

Egzòd 14:5-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

On vint informer le pharaon que le peuple d’Israël avait pris la fuite. Alors le pharaon et ses hauts fonctionnaires changèrent d’avis à leur sujet et dirent : Qu’avons-nous fait là ? En laissant partir les Israélites, nous avons perdu notre main-d’œuvre ! Le pharaon fit atteler son char et mobilisa ses troupes. Il choisit six cents de ses meilleurs chars qu’il fit suivre de tous les autres chars d’Egypte : chacun d’eux était pourvu d’un équipage de trois hommes. L’Eternel rendit obstiné le cœur du pharaon, roi d’Egypte, de sorte qu’il se lança à la poursuite des Israélites qui étaient partis librement. Les Egyptiens les poursuivirent donc et les rattrapèrent alors qu’ils étaient campés au bord de la mer ; tous les attelages du pharaon, ses hommes d’équipage de chars et son armée les atteignirent près de Pi-Hahiroth en face de Baal-Tsephôn. Le pharaon s’était rapproché. En regardant au loin, les Israélites aperçurent les Egyptiens lancés à leur poursuite. Ils furent saisis d’une grande peur et poussèrent de grands cris vers l’Eternel. Puis ils se tournèrent contre Moïse et lui dirent : N’y avait-il pas assez de tombeaux en Egypte pour que tu nous emmènes mourir dans le désert ? Pourquoi as-tu voulu nous faire sortir d’Egypte ? Nous te l’avions bien dit, lorsque nous étions encore là-bas : « Laisse-nous tranquilles, nous voulons être esclaves des Egyptiens ! » Car mieux vaut pour nous cela que de mourir au désert. Moïse leur répondit : N’ayez pas peur ! Tenez-vous là où vous êtes et regardez ! Vous verrez comment l’Eternel vous délivrera en ce jour ; ces Egyptiens que vous voyez aujourd’hui, vous ne les reverrez plus jamais. L’Eternel combattra pour vous, et vous, tenez-vous tranquilles. L’Eternel dit à Moïse : Pourquoi cries-tu vers moi ? Ordonne aux Israélites de se mettre en route. Quant à toi, lève ton bâton, tends la main vers la mer, fends-la en deux et les Israélites la traverseront à pied sec. De mon côté, je rendrai les Egyptiens obstinés pour qu’ils s’engagent derrière vous. Alors je manifesterai ma gloire aux dépens du pharaon, de toute son armée, de ses chars et de ses hommes d’équipage de chars. Et les Egyptiens sauront que je suis l’Eternel quand j’aurai manifesté ma gloire aux dépens du pharaon, de ses chars et de ses hommes d’équipage. L’ange de Dieu qui marchait en tête du camp d’Israël passa derrière eux et la colonne de nuée se déplaça également de devant eux pour aller se tenir sur leurs arrières. Elle vint se placer entre le camp des Egyptiens et celui d’Israël. D’un côté elle était obscure, et de l’autre, elle éclairait la nuit. Durant toute la nuit, aucun des deux camps ne s’approcha de l’autre. Moïse étendit sa main sur la mer, et l’Eternel fit souffler sur elle pendant toute la nuit un violent vent d’est, qui refoula la mer de sorte que les eaux se fendirent et que le fond apparut. Les Israélites passèrent au milieu de la mer, sur la terre ferme, alors que les eaux se dressaient comme des remparts à leur droite et à leur gauche. Les Egyptiens les poursuivirent et tous les chevaux du pharaon, ses chars et ses hommes d’équipage de chars s’engagèrent après eux au milieu de la mer. Mais vers l’aube, l’Eternel considéra le camp des Egyptiens du haut de la colonne de nuée et de feu, et y sema le désordre. Il fit s’enliser les roues des chars, de sorte qu’ils n’avançaient plus qu’à grand-peine. Les Egyptiens s’écrièrent : Fuyons devant Israël car l’Eternel combat pour eux contre l’Egypte. L’Eternel dit à Moïse : Etends la main sur la mer et que les eaux refluent sur les Egyptiens, sur leurs chars et sur leurs hommes d’équipage. Moïse étendit la main sur la mer et, au point du jour, la mer revint en place. Les Egyptiens qui battaient en retraite trouvèrent la mer devant eux et l’Eternel les précipita dans la mer. Les eaux refluèrent et couvrirent les chars et les hommes d’équipage de toute l’armée du pharaon qui s’étaient engagés à travers la mer à la suite des Israélites. Pas un seul d’entre eux n’en réchappa. Quant aux Israélites, ils avaient traversé la mer à pied sec, pendant que les eaux formaient une muraille à leur droite et une autre à leur gauche. En ce jour-là l’Eternel délivra Israël des Egyptiens et ils virent les cadavres des Egyptiens étendus sur le bord de la mer. Israël vit la grande puissance que l’Eternel avait déployée contre les Egyptiens, et le peuple eut de la crainte envers l’Eternel : il eut confiance en lui et en Moïse son serviteur.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an