Estè 2:1-18

Estè 2:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, lè kòlè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a. Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l: — Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou? Nan tout pwovens peyi ou la, w'a chwazi kèk enspektè ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. W'a mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl. Lèfini, jennfi ki va fè ou plezi plis la, w'a mete li larenn nan plas Vasti. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre. Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te sòti nan fanmi Kich ak Chimeyi. Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l te depòte yo, Madoche te ladan l tou. Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l ak manman l mouri, Madoche te pran l lakay li, li leve l tankou pwòp pitit fi li. Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo. Estè te fè Egayi plezi anpil. San l te ale avè l. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l, epi li mete l nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo. Estè pat kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l pat di anyen sou sa. Chak jou, Madoche bò pa l menm t'ap pwonmennen devan lakou kay medam yo pou l te konnen jan Estè t'ap degaje l, ki jan sa ta pral pase pou li. Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madanm marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris. Men ki jan sa te fèt: lè yon jenn fi ap kite kay medam yo pou ale kay wa a, yo ba li tou sa li te vle mete sou li. Se yon jou swa yo toujou mennen l. Nan maten, yo fè li ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou mètrès li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jennfi a pa te gen pou li te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa se wa a ki pou bay non fi li vle a. Jou pou Estè ale kay wa a rive. Estè, pitit fi Abikayil la, kouzin Madoche te pran pou pitit fi li a, leve, li pa mande anyen pase sa Egayi, domestik konfyans wa a ki te reskonsab jenn fi yo, te ba li konsèy mande pou mete sou li. Tout moun tonbe pou Estè lè yo wè l. Se konsa, Asyeris t'ap mache sou sètan depi li te wa, nan dizyèm mwa, mwa yo rele Tebèt la, lè yo mennen Estè devan wa a lakay li. Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l larenn nan plas Vachti a. Lèfini li voye envite tout chèf li yo ak moun pa li yo. Li fè yon gwo resepsyon pou estè. Li bay vakans nan tout peyi a nèt epi li voye kado adwat agoch jan wa yo te konn fè li a.

Estè 2:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après ces événements, la colère du roi Xerxès se calme. Mais il se rappelle comment Vasti a agi, et la décision prise contre elle. Alors les hommes qui sont au service du roi lui disent : « On devrait chercher pour toi, notre roi, des jeunes filles très belles qui n’ont pas encore été avec un homme. Désigne donc des fonctionnaires dans toutes les provinces du royaume. Ils amèneront toutes les jeunes filles très belles dans la citadelle de Suse, dans la maison des femmes . Hégué, l’eunuque chargé de cette maison, prendra soin d’elles et il leur donnera des produits de beauté. La jeune fille qui plaira le plus au roi deviendra reine à la place de Vasti. » Cette idée plaît au roi, et c’est ce qu’il fait. Dans la citadelle de Suse, il y a un Juif appelé Mardochée. Il est fils de Yaïr, de la famille de Chiméi et de Quich, et il appartient à la tribu de Benjamin. Il fait partie de ceux que Nabucodonosor, roi de Babylone, a déportés de Jérusalem, en même temps que Yekonia , roi de Juda. Mardochée a adopté sa cousine Hadassa, appelée aussi Esther. En effet, la jeune fille n’a plus ni père ni mère, et depuis leur mort, Mardochée s’en occupe. Elle a un corps magnifique et elle est agréable à regarder. On fait connaître partout l’ordre et la décision du roi. Puis on rassemble beaucoup de jeunes filles à la citadelle de Suse. Esther est parmi elles. Elle est conduite au palais du roi avec les autres, sous l’autorité de Hégué, le responsable des femmes. Esther plaît beaucoup à Hégué et elle gagne sa faveur. Il lui donne aussitôt tout ce qui est nécessaire à sa beauté et à sa nourriture. Il lui donne aussi sept servantes choisies parmi les femmes qui travaillent au palais royal. Il l’installe avec elles dans le meilleur appartement de la maison des femmes. Esther ne dit pas que sa famille est juive. En effet, Mardochée lui a défendu de le dire. Chaque jour, Mardochée se promène devant la cour de la maison des femmes. Il veut savoir comment Esther se porte et ce qui lui arrive. Les jeunes filles de la maison des femmes doivent suivre pendant un an le traitement de beauté prévu pour les femmes. Pendant six mois, elles utilisent de l’huile parfumée, et pendant les six autres mois, elles emploient des parfums et des produits de beauté pour les femmes. Ensuite, les jeunes filles se rendent auprès du roi, chacune à son tour. Quand une jeune fille va de la maison des femmes au palais royal, elle reçoit tout ce qu’elle désire prendre avec elle. Le soir, elle se présente au palais royal, et le matin suivant, elle va dans une autre maison des femmes. Cette maison est dirigée par Chaachgaz, l’eunuque chargé des femmes de deuxième rang du roi. La jeune fille ne retourne plus chez le roi, sauf si celui-ci a envie d’elle et s’il la fait appeler par son nom. Un jour, c’est le tour d’Esther, fille d’Abihaïl et fille adoptive de son cousin Mardochée. Elle doit se rendre auprès du roi. Elle demande seulement ce que Hégué, l’eunuque chargé de la maison des femmes, lui a conseillé de prendre. Tous ceux qui voient Esther ont de l’affection pour elle. La septième année où Xerxès est roi, le dixième mois, ou mois de Tébeth, on conduit Esther dans le palais royal. Le roi devient amoureux d’Esther plus que de toutes les autres femmes, et parmi les jeunes filles, c’est elle qui gagne son affection et sa faveur. Il pose la couronne royale sur sa tête et il la fait reine à la place de Vasti. Il organise un grand repas en l’honneur d’Esther et il invite tous ses fonctionnaires importants et ses ministres. À cette occasion, il supprime les impôts pour les habitants des provinces et il donne des cadeaux avec une générosité royale.

Estè 2:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan pita, kòlè wa Asyeris te desann, li sonje sa rèn Vasti te fè a epi dekrè li pran poutèt sa. Alò, sèvitè pwòch li yo bay wa a yon konsèy. Yo di: “Ann chache jenn fi ki bèl epi ki poko nan gason pou wa a. Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo. Apre sa, jenn fi ki va satisfè wa a pi plis la va vin rèn nan plas Vasti.” Wa a te wè se te yon bon lide, epi l fè sa kon sa vre. Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich. Nebikadnetsa ki te wa Babilòn nan, te mennen Madoche soti Jerizalèm vin Babilòn kòm prizonye, ansanm ak Jekonya, wa peyi Jida a. Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil. Apre yo te pibliye dekrè wa a, yo mennen anpil jenn fi vil Souz. Yo te mennen Estè nan palè wa a tou. Menm jan ak tout lòt jenn fi yo, yo te mennen Estè nan palè a. Yo te mennen l bay Ege avèk lòt medam yo. Se Ege ki te responsab kay medam yo. Estè te tèlman fè Ege plezi, li te vin pi renmen li pase lòt yo. Touswit, li bay Estè tout sa li bezwen pou l manje ak pou l pran swen kò l. Li chwazi sèt sèvant nan palè wa a pou sèvi Estè epi li ba l pati ki bèl nan kay medam yo pou l rete ak tout sèvant li yo. Madoche te pase Estè lòd pou l pa di pèsonn si l se Jwif. Li pa di pèsonn anyen sou fanmy li a. Chak jou, Madoche fè ale vini devan lakou kay medam yo, yon fason pou l ka konnen kijan Estè ye, epi kijan sa te ye pou Estè. Tout jenn fi yo te dwe pase douz mwa ap pase bon pwodui kosmetik sou kò yo: 6 mwa ap fwote kò yo ak lwil lami epi lòt 6 mwa a pou mete pafen ak lòt pwodui kosmetik. Apre sa, chak jenn fi sa yo te dwe vin jwenn wa Asyeris pou pase yon nwit avèk li, youn pa youn. Lè moman an te rive pou yon jenn fi al jwen wa a pou pase nwit la, yo te ba li sa li vle pran nan kay medam yo pou ale kay wa a. Jenn fi a ale kay wa a nan aswè. Nan demen maten, yo mennen l nan yon lòt kay wa te genyen pou medam li yo. Kay sa a te sou kontwòl chachgaz, yon enik ki te responsab tout madanm wa a te genyen. Jenn fi sa a pa t ka tounen nan kay wa a ankò, sof si wa a te kontan moman yo te pase epi li ta voye rele l ak non li. Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l. Yo mennen Estè nan palè a bay wa Asyeris. Sa te pase nan dizyèm mwa a, mwa Tebèt. Lè sa a, Asyeris te sou setyèm ane li kòm wa. Wa a te fè foli pou Estè plis pase tout lòt jenn fi yo. Pami tout jenn fi vyèj yo te mennen lavil Souz, se Estè ki te satisfè wa a pi plis. Wa a te tonbe damou pou li. Estè te fè wa a plezi plis pase tout lòt vyèj yo. Alò, wa Asyeris mete yon kouwòn sou tèt Estè epi li fè l vin rèn nan plas Vasti. Wa a fè yon gran festen pou tout lidè ak tout fonksyonè sèvitè l yo pou onore Estè. Li bay jou sa a kòm konje nan tout vil pwovens yo. Apre sa, li voye kado toupatou bay pèp la poul montre jan l se yon wa ki jenere.

Estè 2:1-18 New International Version (NIV)

Later when King Xerxes’ fury had subsided, he remembered Vashti and what she had done and what he had decreed about her. Then the king’s personal attendants proposed, “Let a search be made for beautiful young virgins for the king. Let the king appoint commissioners in every province of his realm to bring all these beautiful young women into the harem at the citadel of Susa. Let them be placed under the care of Hegai, the king’s eunuch, who is in charge of the women; and let beauty treatments be given to them. Then let the young woman who pleases the king be queen instead of Vashti.” This advice appealed to the king, and he followed it. Now there was in the citadel of Susa a Jew of the tribe of Benjamin, named Mordecai son of Jair, the son of Shimei, the son of Kish, who had been carried into exile from Jerusalem by Nebuchadnezzar king of Babylon, among those taken captive with Jehoiachin king of Judah. Mordecai had a cousin named Hadassah, whom he had brought up because she had neither father nor mother. This young woman, who was also known as Esther, had a lovely figure and was beautiful. Mordecai had taken her as his own daughter when her father and mother died. When the king’s order and edict had been proclaimed, many young women were brought to the citadel of Susa and put under the care of Hegai. Esther also was taken to the king’s palace and entrusted to Hegai, who had charge of the harem. She pleased him and won his favor. Immediately he provided her with her beauty treatments and special food. He assigned to her seven female attendants selected from the king’s palace and moved her and her attendants into the best place in the harem. Esther had not revealed her nationality and family background, because Mordecai had forbidden her to do so. Every day he walked back and forth near the courtyard of the harem to find out how Esther was and what was happening to her. Before a young woman’s turn came to go in to King Xerxes, she had to complete twelve months of beauty treatments prescribed for the women, six months with oil of myrrh and six with perfumes and cosmetics. And this is how she would go to the king: Anything she wanted was given her to take with her from the harem to the king’s palace. In the evening she would go there and in the morning return to another part of the harem to the care of Shaashgaz, the king’s eunuch who was in charge of the concubines. She would not return to the king unless he was pleased with her and summoned her by name. When the turn came for Esther (the young woman Mordecai had adopted, the daughter of his uncle Abihail) to go to the king, she asked for nothing other than what Hegai, the king’s eunuch who was in charge of the harem, suggested. And Esther won the favor of everyone who saw her. She was taken to King Xerxes in the royal residence in the tenth month, the month of Tebeth, in the seventh year of his reign. Now the king was attracted to Esther more than to any of the other women, and she won his favor and approval more than any of the other virgins. So he set a royal crown on her head and made her queen instead of Vashti. And the king gave a great banquet, Esther’s banquet, for all his nobles and officials. He proclaimed a holiday throughout the provinces and distributed gifts with royal liberality.

Estè 2:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Au bout d’un certain temps, la colère de l’empereur Xerxès se calma. Il repensa à ce qu’avait fait Vasthi, et il réfléchit à la décision qui avait été prise à son sujet. Alors les courtisans attachés à son service lui dirent : Que l’on recherche pour l’empereur des jeunes filles vierges et belles. Que l’empereur désigne donc des fonctionnaires chargés de sélectionner dans toutes les provinces de son empire toutes les jeunes filles vierges et belles et de les amener dans le harem de la citadelle de Suse pour les confier à Hégué, l’eunuque de l’empereur qui a la garde des femmes. On leur fournira tous les produits de beauté nécessaires. La jeune fille qui aura la préférence de l’empereur succédera comme impératrice à Vasthi. Cette proposition plut à l’empereur qui la fit mettre à exécution. Or, dans la citadelle de Suse, vivait un Juif nommé Mardochée. Il était fils de Yaïr, et descendant de Shimeï et de Qish de la tribu de Benjamin. Sa famille avait été déportée de Jérusalem avec les autres exilés emmenés par Nabuchodonosor, roi de Babylone, en même temps que Yekonia, roi de Juda. Mardochée avait élevé sa cousine Hadassa – c’est-à-dire Esther – orpheline de père et de mère. Cette jeune fille était bien faite et d’une grande beauté. A la mort de ses parents, Mardochée l’avait adoptée comme sa fille. Après la proclamation de l’ordonnance de l’empereur et de son décret, de nombreuses jeunes filles furent rassemblées dans la citadelle de Suse, sous la surveillance de Hégué. Esther fut aussi emmenée au palais impérial et confiée aux soins de Hégué, le responsable du harem. La jeune fille lui plut et gagna sa faveur. Il se mit en peine de lui fournir tout ce qu’il fallait en produits de beauté et pour son régime. Il mit à sa disposition sept jeunes servantes, sélectionnées parmi le personnel du palais impérial, et il la transféra, elle et ses servantes, dans le meilleur appartement du harem. Esther n’avait révélé ni son peuple ni sa famille d’origine, car Mardochée le lui avait interdit. Chaque jour, il se rendait devant la cour du harem pour prendre des nouvelles d’Esther et savoir comment on la traitait. Les jeunes filles se rendaient chacune à son tour chez l’empereur Xerxès, au terme du traitement de beauté prescrit pour douze mois par le protocole des femmes. Pour ce traitement, on utilisait pendant six mois de l’huile de myrrhe, et pendant six autres mois des baumes aromatiques et divers produits de beauté employés par les femmes. Puis, lorsque venait le tour d’une jeune fille de se rendre chez l’empereur, on lui donnait tout ce qu’elle demandait pour emporter du harem au palais impérial. Elle s’y rendait le soir, et le lendemain matin, elle était conduite dans un second harem et confiée à la responsabilité de Shashgaz, l’eunuque de l’empereur chargé de la garde des épouses de second rang. Elle ne retournait plus chez l’empereur, à moins que celui-ci en manifeste le désir et la fasse appeler par son nom. Quand vint son tour d’aller chez l’empereur, Esther, fille d’Abichaïl, oncle de Mardochée, qui l’avait adoptée comme sa fille, elle ne demanda rien d’autre que ce qu’avait indiqué Hégué, l’eunuque de l’empereur, gardien des femmes. Elle gagnait la faveur de tous ceux qui la voyaient. C’est le dixième mois, c’est-à-dire au mois de Tébeth de la septième année du règne, que l’on vint prendre Esther pour l’emmener chez l’empereur au palais impérial. L’empereur aima Esther plus que toutes les autres femmes et elle gagna sa faveur et sa bienveillance mieux que toutes les autres jeunes filles. Alors il mit sur sa tête la couronne impériale et la fit proclamer impératrice à la place de Vasthi. En son honneur, il organisa un grand banquet pour tous ses ministres et ses hauts fonctionnaires. Ce fut le « banquet d’Esther ». Il accorda aux provinces des allègements d’impôts et distribua des cadeaux avec une générosité impériale.