Efezyen 6:1-9
Efezyen 6:1-9 New International Version (NIV)
Children, obey your parents in the Lord, for this is right. “Honor your father and mother”—which is the first commandment with a promise— “so that it may go well with you and that you may enjoy long life on the earth.” Fathers, do not exasperate your children; instead, bring them up in the training and instruction of the Lord. Slaves, obey your earthly masters with respect and fear, and with sincerity of heart, just as you would obey Christ. Obey them not only to win their favor when their eye is on you, but as slaves of Christ, doing the will of God from your heart. Serve wholeheartedly, as if you were serving the Lord, not people, because you know that the Lord will reward each one for whatever good they do, whether they are slave or free. And masters, treat your slaves in the same way. Do not threaten them, since you know that he who is both their Master and yours is in heaven, and there is no favoritism with him.
Efezyen 6:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a. Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a. Nou menm mèt, se pou n aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
Efezyen 6:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Enfants, obéissez à vos parents, comme le Seigneur le veut, c’est votre devoir. « Respecte ton père et ta mère », voilà le premier commandement que Dieu a donné avec une promesse. Cette promesse, la voici : « Alors tu seras heureux et tu vivras longtemps sur la terre. » Et vous, les parents, ne poussez pas vos enfants à la révolte. Mais pour les élever, corrigez-les et donnez-leur des conseils qui viennent du Seigneur. Esclaves, obéissez à vos maîtres sur la terre avec beaucoup de respect, d’un cœur sincère, comme vous obéissez au Christ. Ne les servez pas seulement quand ils vous surveillent, comme pour plaire à des hommes. Mais obéissez comme des serviteurs du Christ qui font de tout leur cœur ce que Dieu veut. Servez vos maîtres de bon cœur, comme si vous serviez le Seigneur et non des hommes. Vous le savez : ce que chacun fait de bien, il le retrouvera près du Seigneur, qu’il soit esclave ou homme libre. Et vous, les maîtres, agissez de la même façon avec vos esclaves. Laissez de côté les menaces. Vous le savez : vous et eux, vous avez le même Maître dans les cieux, et lui, il ne fait pas de différence entre les gens.
Efezyen 6:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Timoun obeyi paran nou jan Bondye vle l la, paske se sa ki dwe fèt. “Onore papa w ak manman ou.” Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès ki mache avè l. Pwomès la se: “Lè sa a, tout bagay ap mache byen pou ou, epi ou ap viv lontan sou latè.” Nou menm papa yo, pa aji ak pitit nou yo nan fason k ap eksite kòlè yo. Okontrè, se pou n elve yo byen. Se pou n enstwi yo epi korije yo dapre prensip pawòl Bondye. Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la. Pa obeyi mèt yo jis pou fè yo plezi, lè nou devan je yo. Men, se pou n obeyi yo ak yon kè ki sensè, menm lè yo p ap veye nou. Lè n ap fè travay nou antan esklav, fè l ak kè kontan. Konsidere se pa pou moun n ap travay, men se pou Senyè a. Paske, sonje sa byen: kit yon moun se esklav kit li pa esklav, li gen pou l resevwa rekonpans li nan men Senyè a pou bon travay li te fè. Nou menm mèt yo, menm jan an tou, se pou nou trete esklav nou yo byen. Piga nou fè yo menas ak pawòl nan bouch nou. Pa bliye, ni nou menm ni esklav yo, nou tout gen yon sèl mèt, Senyè a ki nan syèl la, epi li pa nan paspouki ak pèsonn.
Efezyen 6:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Vous, enfants, obéissez à vos parents à cause du Seigneur, car c’est là ce qui est juste. Honore ton père et ta mère : c’est le premier commandement auquel une promesse est rattachée : pour que tu sois heureux et que tu jouisses d’une longue vie sur la terre . Vous, pères, n’exaspérez pas vos enfants, mais élevez-les en les éduquant et en les conseillant d’une manière conforme à la volonté du Seigneur. Vous, esclaves, obéissez à votre maître terrestre avec toute la crainte qui s’impose, avec droiture de cœur, et cela par égard pour Christ. N’accomplissez pas votre tâche seulement quand on vous surveille, comme s’il s’agissait de plaire à des hommes, mais agissez comme des esclaves de Christ, qui accomplissent la volonté de Dieu de tout leur cœur. Accomplissez votre service de bon gré, comme pour le Seigneur et non pour des hommes. Car vous savez que chacun, qu’il soit esclave ou libre, recevra du Seigneur ce qui lui revient selon le bien qu’il aura fait. Quant à vous, maîtres, agissez suivant les mêmes principes envers vos esclaves, sans user de menaces. Car vous savez que le Seigneur qui est au ciel est votre Maître tout autant que le leur ; et il n’agit jamais par favoritisme.