Efezyen 5:22-33
Efezyen 5:22-33 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Senyè a. Se mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li. Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la. Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank. Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
Efezyen 5:22-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
les femmes à leur mari comme au Seigneur. En effet, le mari est le chef de sa femme, comme le Christ est le chef de l’Église. Le Christ est le Sauveur de l’Église qui est son corps. Comme l’Église obéit au Christ, les femmes doivent obéir pour tout à leur mari. Maris, aimez votre femme comme le Christ a aimé l’Église. Il a donné sa vie pour elle, afin qu’elle soit sainte : il l’a rendue pure par l’eau et par la Parole . Il a voulu que l’Église se présente devant lui pleine de gloire, sans tache, sans ride, sans aucun défaut. Il a voulu qu’elle soit sainte et sans reproche. À son tour, un mari doit aimer sa femme comme il aime son corps. Aimer sa femme, c’est s’aimer soi-même. Non, personne n’a jamais détesté son corps. Au contraire, on le nourrit, on en prend soin, comme le Christ le fait pour son Église. Est-ce que nous ne faisons pas partie du corps du Christ ? Dans les Livres Saints on lit : « C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme et les deux deviendront comme une seule personne. » Ce mystère est grand, et moi, je vous dis qu’il s’agit du Christ et de l’Église. Mais il s’agit aussi de vous : chacun doit aimer sa femme comme lui-même, et la femme doit respecter son mari.
Efezyen 5:22-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Medam, soumèt ou devan mari w menm jan ou soumèt ou devan Kris la. Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris la se chèf legliz la. Kris la se sovè legliz la epi legliz la menm se kò Kris la. Konsa, menm jan legliz la soumèt devan Kris la, se menm jan an tou madanm yo dwe soumèt devan mari yo nan tout bagay. Mari yo, se pou n renmen madanm nou menm jan kris la renmen legliz, jis li menm bay lavi l pou legliz la. Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li. Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo. Menm jan an tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou jan yo renmen pwòp kò yo. Yon mari ki renmen madanm li, se pwòp tèt pa l ankò li renmen. Paske pa gen pèsonn ki rayi pwòp kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l. Se sa menm Kris fè pou legliz, paske nou se manm kò li. Bib la di: “Yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.” Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la. Kidonk, chak moun dwe renmen madanm li menm jan li renmen pwòp tèt li, epi se pou chak madanm respekte mari li.
Efezyen 5:22-33 New International Version (NIV)
Wives, submit yourselves to your own husbands as you do to the Lord. For the husband is the head of the wife as Christ is the head of the church, his body, of which he is the Savior. Now as the church submits to Christ, so also wives should submit to their husbands in everything. Husbands, love your wives, just as Christ loved the church and gave himself up for her to make her holy, cleansing her by the washing with water through the word, and to present her to himself as a radiant church, without stain or wrinkle or any other blemish, but holy and blameless. In this same way, husbands ought to love their wives as their own bodies. He who loves his wife loves himself. After all, no one ever hated their own body, but they feed and care for their body, just as Christ does the church— for we are members of his body. “For this reason a man will leave his father and mother and be united to his wife, and the two will become one flesh.” This is a profound mystery—but I am talking about Christ and the church. However, each one of you also must love his wife as he loves himself, and the wife must respect her husband.
Efezyen 5:22-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
vous femmes, en particulier, chacune à son mari, et cela par égard pour le Seigneur. Le mari, en effet, est le chef de sa femme comme Christ est la tête, le chef de l’Eglise qui est son corps et dont il est le Sauveur. Mais comme l’Eglise se soumet à Christ, qu’ainsi aussi la femme se soumette en toute circonstance à son mari. Quant à vous, maris, que chacun de vous aime sa femme comme Christ a aimé l’Eglise : il a donné sa vie pour elle afin de la rendre digne de se tenir devant Dieu après l’avoir purifiée par sa Parole, comme par le bain nuptial. Il a ainsi voulu se présenter cette Eglise à lui-même, rayonnante de beauté, sans tache, ni ride, ni aucun défaut, mais digne de se tenir devant Dieu et irréprochable. Voilà comment chaque mari doit aimer sa femme comme si elle était son propre corps : ainsi celui qui aime sa femme s’aime lui-même. Car personne n’a jamais haï sa propre chair ; au contraire, chacun la nourrit et l’entoure de soins, comme Christ le fait pour l’Eglise, parce que nous sommes les membres de son corps. C’est pourquoi l’homme laissera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme et les deux ne feront plus qu’un . Il y a là un grand mystère : je parle de ce que je viens de dire au sujet de Christ et de l’Eglise. Quant à vous, que chaque mari aime sa femme comme lui-même, et que chaque femme témoigne un profond respect à son mari.