Efezyen 5:11-16
Efezyen 5:11-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa. Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou. Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
Efezyen 5:11-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les actions qui appartiennent à la nuit ne produisent rien de bon. N’y participez pas, au contraire, dénoncez-les ! Oui, ce que ces gens-là font en cachette, on a honte d’en parler. Pourtant, quand on dénonce ce qu’ils font, leurs actions apparaissent en pleine lumière. En effet, tout ce qui apparaît clairement devient lumière. C’est pourquoi on dit : « Réveille-toi, toi qui dors. Lève-toi du milieu des morts, et le Christ t’éclairera de sa lumière. » Faites bien attention à votre conduite. Ne vivez pas sans réfléchir, vivez plutôt comme des sages qui savent profiter du temps que Dieu leur laisse. Les jours que nous vivons sont mauvais.
Efezyen 5:11-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon. Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt. Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou. Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.” Pran anpil prekosyon ak jan n ap viv. Piga nou viv tankou moun fou, okontrè viv tankou moun ki saj. Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm.
Efezyen 5:11-16 New International Version (NIV)
Have nothing to do with the fruitless deeds of darkness, but rather expose them. It is shameful even to mention what the disobedient do in secret. But everything exposed by the light becomes visible—and everything that is illuminated becomes a light. This is why it is said: “Wake up, sleeper, rise from the dead, and Christ will shine on you.” Be very careful, then, how you live—not as unwise but as wise, making the most of every opportunity, because the days are evil.
Efezyen 5:11-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ne participez pas aux pratiques stériles que favorisent les ténèbres, mais démasquez-les plutôt. Car tout ce que ces gens-là font en cachette est si honteux qu’on n’ose même pas en parler. Mais quand ces choses sont démasquées, leur véritable nature paraît à la lumière. Or ce qui paraît à la lumière est lumière. De là viennent ces paroles : Réveille-toi, ô toi qui dors, relève-toi d’entre les morts et Christ fera lever sa lumière sur toi. Veillez donc avec soin à votre manière de vivre. Ne vous comportez pas comme des insensés, mais comme des gens sensés. Mettez à profit les occasions qui se présentent à vous, car nous vivons des jours mauvais.