Efezyen 5:1-33

Efezyen 5:1-33 1998 Haïtienne (HAT98)

Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li. Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. Sa pa bon nonplis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal sòti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. Pa kite pèsonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l yo. Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa. Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a. Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre. Chache konnen sa k'ap fè Senyè a plezi. Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa. Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou. Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè. Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay. Nou menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt. Nou menm medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Senyè a. Se mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li. Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la. Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank. Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Efezyen 5:1-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Vous êtes les enfants que Dieu aime, eh bien, imitez-le. Vivez dans l’amour comme le Christ : il nous a aimés et il a donné sa vie pour nous, comme une offrande et un sacrifice agréable à Dieu. Vous appartenez à Dieu, donc, chez vous, on ne doit même pas entendre parler de certaines choses. Par exemple, faire toutes sortes d’actions immorales et mauvaises, chercher à avoir tout pour soi. Pas de paroles grossières ni stupides ni sales, cela ne se fait pas ! Mais quand vous parlez, faites-le plutôt pour remercier Dieu. Vous devez savoir ceci : ceux qui mènent une vie immorale ou mauvaise ne participeront pas au Royaume du Christ et de Dieu. Les gens qui veulent tout pour eux n’y participeront pas non plus. En effet, tout vouloir pour soi, c’est une façon d’adorer les faux dieux. Personne ne doit vous tromper avec des paroles creuses. À cause de tout cela, la colère de Dieu vient sur les gens qui refusent de lui obéir. Ne faites donc pas comme eux ! Oui, avant, vous étiez dans la nuit, mais maintenant, en étant unis au Seigneur, vous êtes dans la lumière. Vivez comme des gens qui appartiennent à la lumière. Ce que la lumière produit, c’est toute action bonne, juste et vraie. Cherchez ce qui plaît au Seigneur. Les actions qui appartiennent à la nuit ne produisent rien de bon. N’y participez pas, au contraire, dénoncez-les ! Oui, ce que ces gens-là font en cachette, on a honte d’en parler. Pourtant, quand on dénonce ce qu’ils font, leurs actions apparaissent en pleine lumière. En effet, tout ce qui apparaît clairement devient lumière. C’est pourquoi on dit : « Réveille-toi, toi qui dors. Lève-toi du milieu des morts, et le Christ t’éclairera de sa lumière. » Faites bien attention à votre conduite. Ne vivez pas sans réfléchir, vivez plutôt comme des sages qui savent profiter du temps que Dieu leur laisse. Les jours que nous vivons sont mauvais. C’est pourquoi, ne soyez pas stupides, mais comprenez bien la volonté du Seigneur. Ne buvez pas trop de vin : la boisson pousse les gens à se détruire. Mais soyez remplis de l’Esprit Saint. Ensemble, dites des psaumes, des hymnes, des cantiques qui viennent de cet Esprit. Chantez la louange du Seigneur de tout votre cœur. Remerciez Dieu le Père toujours et pour tout, au nom de notre Seigneur Jésus-Christ. Obéissez les uns aux autres par respect pour le Christ, les femmes à leur mari comme au Seigneur. En effet, le mari est le chef de sa femme, comme le Christ est le chef de l’Église. Le Christ est le Sauveur de l’Église qui est son corps. Comme l’Église obéit au Christ, les femmes doivent obéir pour tout à leur mari. Maris, aimez votre femme comme le Christ a aimé l’Église. Il a donné sa vie pour elle, afin qu’elle soit sainte : il l’a rendue pure par l’eau et par la Parole . Il a voulu que l’Église se présente devant lui pleine de gloire, sans tache, sans ride, sans aucun défaut. Il a voulu qu’elle soit sainte et sans reproche. À son tour, un mari doit aimer sa femme comme il aime son corps. Aimer sa femme, c’est s’aimer soi-même. Non, personne n’a jamais détesté son corps. Au contraire, on le nourrit, on en prend soin, comme le Christ le fait pour son Église. Est-ce que nous ne faisons pas partie du corps du Christ ? Dans les Livres Saints on lit : « C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme et les deux deviendront comme une seule personne. » Ce mystère est grand, et moi, je vous dis qu’il s’agit du Christ et de l’Église. Mais il s’agit aussi de vous : chacun doit aimer sa femme comme lui-même, et la femme doit respecter son mari.

Efezyen 5:1-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se poutèt sa, nou menm, pitit Bondye, nou pran egzanp sou Bondye ki renmen nou anpil. An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li. Se moun Bondye nou ye, kon sa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou. Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito. Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl. Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo. Konsa, pa asosye w ak kalite moun konsa. Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre. Paske limyè sa a fè moun fè sa ki byen, sa ki dwat epi viv nan verite a. Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi. Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon. Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt. Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou. Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.” Pran anpil prekosyon ak jan n ap viv. Piga nou viv tankou moun fou, okontrè viv tankou moun ki saj. Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè. Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay kon sa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito. Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou. Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay. Se pou nou soumèt nou youn anvè lòt, poutèt respè nou gen pou Kris la. Medam, soumèt ou devan mari w menm jan ou soumèt ou devan Kris la. Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris la se chèf legliz la. Kris la se sovè legliz la epi legliz la menm se kò Kris la. Konsa, menm jan legliz la soumèt devan Kris la, se menm jan an tou madanm yo dwe soumèt devan mari yo nan tout bagay. Mari yo, se pou n renmen madanm nou menm jan kris la renmen legliz, jis li menm bay lavi l pou legliz la. Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li. Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo. Menm jan an tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou jan yo renmen pwòp kò yo. Yon mari ki renmen madanm li, se pwòp tèt pa l ankò li renmen. Paske pa gen pèsonn ki rayi pwòp kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l. Se sa menm Kris fè pou legliz, paske nou se manm kò li. Bib la di: “Yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.” Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la. Kidonk, chak moun dwe renmen madanm li menm jan li renmen pwòp tèt li, epi se pou chak madanm respekte mari li.

Efezyen 5:1-33 New International Version (NIV)

Follow God’s example, therefore, as dearly loved children and walk in the way of love, just as Christ loved us and gave himself up for us as a fragrant offering and sacrifice to God. But among you there must not be even a hint of sexual immorality, or of any kind of impurity, or of greed, because these are improper for God’s holy people. Nor should there be obscenity, foolish talk or coarse joking, which are out of place, but rather thanksgiving. For of this you can be sure: No immoral, impure or greedy person—such a person is an idolater—has any inheritance in the kingdom of Christ and of God. Let no one deceive you with empty words, for because of such things God’s wrath comes on those who are disobedient. Therefore do not be partners with them. For you were once darkness, but now you are light in the Lord. Live as children of light (for the fruit of the light consists in all goodness, righteousness and truth) and find out what pleases the Lord. Have nothing to do with the fruitless deeds of darkness, but rather expose them. It is shameful even to mention what the disobedient do in secret. But everything exposed by the light becomes visible—and everything that is illuminated becomes a light. This is why it is said: “Wake up, sleeper, rise from the dead, and Christ will shine on you.” Be very careful, then, how you live—not as unwise but as wise, making the most of every opportunity, because the days are evil. Therefore do not be foolish, but understand what the Lord’s will is. Do not get drunk on wine, which leads to debauchery. Instead, be filled with the Spirit, speaking to one another with psalms, hymns, and songs from the Spirit. Sing and make music from your heart to the Lord, always giving thanks to God the Father for everything, in the name of our Lord Jesus Christ. Submit to one another out of reverence for Christ. Wives, submit yourselves to your own husbands as you do to the Lord. For the husband is the head of the wife as Christ is the head of the church, his body, of which he is the Savior. Now as the church submits to Christ, so also wives should submit to their husbands in everything. Husbands, love your wives, just as Christ loved the church and gave himself up for her to make her holy, cleansing her by the washing with water through the word, and to present her to himself as a radiant church, without stain or wrinkle or any other blemish, but holy and blameless. In this same way, husbands ought to love their wives as their own bodies. He who loves his wife loves himself. After all, no one ever hated their own body, but they feed and care for their body, just as Christ does the church— for we are members of his body. “For this reason a man will leave his father and mother and be united to his wife, and the two will become one flesh.” This is a profound mystery—but I am talking about Christ and the church. However, each one of you also must love his wife as he loves himself, and the wife must respect her husband.

Efezyen 5:1-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puisque vous êtes les enfants bien-aimés de Dieu, suivez l’exemple de votre Père. Que votre vie soit dirigée par l’amour, de même que Christ nous a aimés et a livré lui-même sa vie à Dieu pour nous comme une offrande et un sacrifice dont le parfum plaît à Dieu. Quant à l’immoralité et aux pratiques dégradantes sous toutes leurs formes, et à la soif de posséder, qu’il n’en soit pas même question entre vous : ce ne sont pas des sujets de conversation qui conviennent aux membres du peuple saint, pas plus que les propos grossiers ou stupides, et les plaisanteries équivoques. C’est inconvenant ! Exprimez plutôt votre reconnaissance envers Dieu. Car, sachez-le bien : aucun homme qui se livre à l’immoralité, à des pratiques dégradantes ou à la soif de posséder – qui est une idolâtrie – n’a d’héritage dans le royaume de Christ et de Dieu. Que personne ne vous trompe par des discours sans valeur : ce sont ces désordres qui attirent la colère de Dieu sur ceux qui refusent de lui obéir. Ne vous associez pas à ces gens-là. Autrefois, certes, vous apparteniez aux ténèbres, mais à présent, par votre union avec le Seigneur, vous appartenez à la lumière. Comportez-vous donc comme des enfants de la lumière – car le fruit produit par la lumière c’est tout ce qui est bon, juste et vrai. Efforcez-vous de discerner ce qui plaît au Seigneur. Ne participez pas aux pratiques stériles que favorisent les ténèbres, mais démasquez-les plutôt. Car tout ce que ces gens-là font en cachette est si honteux qu’on n’ose même pas en parler. Mais quand ces choses sont démasquées, leur véritable nature paraît à la lumière. Or ce qui paraît à la lumière est lumière. De là viennent ces paroles : Réveille-toi, ô toi qui dors, relève-toi d’entre les morts et Christ fera lever sa lumière sur toi. Veillez donc avec soin à votre manière de vivre. Ne vous comportez pas comme des insensés, mais comme des gens sensés. Mettez à profit les occasions qui se présentent à vous, car nous vivons des jours mauvais. C’est pourquoi ne soyez pas déraisonnables, mais comprenez ce que le Seigneur attend de vous. Ne vous enivrez pas de vin – cela vous conduirait à une vie de désordre – mais soyez remplis de l’Esprit : ainsi vous vous entretiendrez par le chant de psaumes, d’hymnes et de cantiques inspirés par l’Esprit, vous louerez le Seigneur de tout votre cœur par vos chants et vos psaumes ; à tout moment et pour toute chose, vous remercierez Dieu le Père au nom de notre Seigneur Jésus-Christ, et parce que vous avez la crainte de Christ, vous vous soumettrez les uns aux autres, vous femmes, en particulier, chacune à son mari, et cela par égard pour le Seigneur. Le mari, en effet, est le chef de sa femme comme Christ est la tête, le chef de l’Eglise qui est son corps et dont il est le Sauveur. Mais comme l’Eglise se soumet à Christ, qu’ainsi aussi la femme se soumette en toute circonstance à son mari. Quant à vous, maris, que chacun de vous aime sa femme comme Christ a aimé l’Eglise : il a donné sa vie pour elle afin de la rendre digne de se tenir devant Dieu après l’avoir purifiée par sa Parole, comme par le bain nuptial. Il a ainsi voulu se présenter cette Eglise à lui-même, rayonnante de beauté, sans tache, ni ride, ni aucun défaut, mais digne de se tenir devant Dieu et irréprochable. Voilà comment chaque mari doit aimer sa femme comme si elle était son propre corps : ainsi celui qui aime sa femme s’aime lui-même. Car personne n’a jamais haï sa propre chair ; au contraire, chacun la nourrit et l’entoure de soins, comme Christ le fait pour l’Eglise, parce que nous sommes les membres de son corps. C’est pourquoi l’homme laissera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme et les deux ne feront plus qu’un . Il y a là un grand mystère : je parle de ce que je viens de dire au sujet de Christ et de l’Eglise. Quant à vous, que chaque mari aime sa femme comme lui-même, et que chaque femme témoigne un profond respect à son mari.

Efezyen 5:1-33

Efezyen 5:1-33 HAT98Efezyen 5:1-33 HAT98