Efezyen 4:21-27
Efezyen 4:21-27 1998 Haïtienne (HAT98)
si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a. Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou. Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la. Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye. Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou.
Efezyen 4:21-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mais est-ce que c’est bien du Christ que vous avez entendu parler ? Est-ce que c’est lui qu’on vous a enseigné, selon la vérité qui est en Jésus ? Si oui, vous devez laisser votre vie d’autrefois. Avant, vous étiez pleins de désirs trompeurs qui vous détruisaient. Eh bien, ce que vous étiez avant, il faut vous en débarrasser comme d’un vieux vêtement. Comprenez les choses d’une façon nouvelle, selon l’Esprit de Dieu. Et, comme si vous mettiez un vêtement neuf, devenez une personne nouvelle. Cette personne nouvelle est créée comme Dieu veut : la vérité la rend juste et sainte. Alors ne mentez plus. Chacun doit dire la vérité à son prochain, parce que tous ensemble, nous faisons partie d’un même corps. Quand vous vous mettez en colère, ne commettez pas de péché. Votre colère doit cesser avant le coucher du soleil. Ne laissez aucune place en vous à l’esprit du mal.
Efezyen 4:21-27 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Poutèt nou te tande pale de Jezi, epi yo te anseye nou verite a ki nan Kris la. Nou te aprann pou n abandone jan nou te konn viv lontan an, pou n debarase tèt nou anba ansyen lavi a ak vye dezi l yo k ap twonpe nou. Nou dwe pou n vin moun nouvo, ni nan kè nou ni nan panse nou. Kounye a, se pou nou viv tankou yon moun nouvo ki fenk kreye pou l tankou Bondye, jis epi sen toutbon vre. Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a. “Si nou ta an kòlè, pa kite kòlè a fè nou peche,” epi pa rete an kòlè tout jounen an jis pou n ta al dòmi konsa. Piga nou bay Satan chans ditou pou l pran avantaj sou nou.
Efezyen 4:21-27 New International Version (NIV)
when you heard about Christ and were taught in him in accordance with the truth that is in Jesus. You were taught, with regard to your former way of life, to put off your old self, which is being corrupted by its deceitful desires; to be made new in the attitude of your minds; and to put on the new self, created to be like God in true righteousness and holiness. Therefore each of you must put off falsehood and speak truthfully to your neighbor, for we are all members of one body. “In your anger do not sin”: Do not let the sun go down while you are still angry, and do not give the devil a foothold.
Efezyen 4:21-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
puisqu’on vous a fait savoir ce qu’il est et qu’on vous a enseigné, dans le cadre de votre union avec lui, ce qui est conforme à la vérité qui est en Jésus. Cela consiste à vous débarrasser de votre ancienne manière de vivre, celle de l’homme que vous étiez autrefois et qui se corrompait en suivant ses désirs trompeurs, à être renouvelés quant à votre esprit et votre intelligence, et à vous revêtir de l’homme nouveau, créé conformément à la pensée de Dieu, pour être juste et saint conformément à la vérité. C’est pourquoi, débarrassés du mensonge, que chacun de vous dise la vérité à son prochain . Ne sommes-nous pas membres les uns des autres ? Mettez-vous en colère ╵ mais n’allez pas jusqu’à pécher ; que votre colère s’apaise avant le coucher du soleil. Ne donnez aucune prise au diable.