Efezyen 2:11-13
Efezyen 2:11-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm ki pat fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan. Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pat fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pat nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye. Men kounyeya, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.
Efezyen 2:11-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Juifs portent la marque de la circoncision sur leur corps et ils aiment s’appeler « les circoncis ». Vous qui n’êtes pas juifs de naissance, vous ne portez pas cette marque sur votre corps, et ils vous appellent « les non-circoncis ». Eh bien, rappelez-vous ce que vous étiez autrefois : vous étiez sans Messie, vous n’aviez aucun droit dans le peuple d’Israël. La promesse faite par Dieu dans ses alliances avec son peuple n’était pas pour vous. Vous étiez sans espérance et sans Dieu dans le monde. Mais maintenant, dans le Christ Jésus, vous qui étiez loin, vous êtes devenus proches par le sang du Christ.
Efezyen 2:11-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Konprann byen, nou pa t fèt Jwif. Nou se yon ekip moun Jwif yo te rele “moun ki pa sikonsi” epi yo rele tèt yo “moun ki sikonsi”. Sikonsizyon sa a, se yon bagay yo te fè nan kò yo ak pwòp men yo. Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis. Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a.
Efezyen 2:11-13 New International Version (NIV)
Therefore, remember that formerly you who are Gentiles by birth and called “uncircumcised” by those who call themselves “the circumcision” (which is done in the body by human hands)— remember that at that time you were separate from Christ, excluded from citizenship in Israel and foreigners to the covenants of the promise, without hope and without God in the world. But now in Christ Jesus you who once were far away have been brought near by the blood of Christ.
Efezyen 2:11-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pourquoi, vous qui portez, dans votre corps, la preuve que vous n’êtes pas des Juifs et qui donc êtes traités d’« incirconcis » par ceux qui se disent « les circoncis » à cause d’un rite accompli sur leur corps et par des hommes, rappelez-vous quelle était votre situation autrefois. En ce temps-là, vous étiez sans Messie, vous n’aviez pas le droit de faire partie du peuple d’Israël, vous étiez étrangers aux alliances conclues par Dieu pour garantir sa promesse, sans espérance et sans Dieu dans le monde. Mais maintenant, par votre union avec Jésus-Christ, vous qui, autrefois, étiez loin, vous êtes devenus proches grâce au sacrifice de Christ.