Kolosyen 2:6-23

Kolosyen 2:6-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi. Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris. Tou sa Bondye ye pran kò nan Kris la. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa. Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye. Wi, lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a. Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo. Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a. Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la. Se sa ki fè tou, pa okipe pesonn k'ap kritike nou pou sa n'ap manje, ni pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fèt yo, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou yon jou saba. Tou sa se lonbray bagay ki te gen pou vini yo. Bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo. Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l byen kanpe ak tout jwenti l ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l grandi jan Bondye vle l la. Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

Kolosyen 2:6-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Vous avez reçu le Christ Jésus comme Seigneur. Eh bien, vivez unis à lui. Plongez vos racines en lui, construisez votre vie sur lui. Restez solidement dans la foi qu’on vous a apprise et remerciez Dieu avec beaucoup d’ardeur. Attention ! Personne ne doit vous prendre au piège avec les idées fausses de la sagesse humaine. Ce sont des mensonges creux qui s’appuient sur des traditions humaines, sur les forces du monde, et non pas sur le Christ. Dieu habite totalement dans le corps glorieux du Christ. Et vous participez totalement à la vie du Christ, lui, le chef de toutes les forces qui ont autorité et pouvoir. C’est dans le Christ que vous avez été circoncis. Cette circoncision, ce n’est pas la main d’un homme qui l’a faite. Elle vient du Christ, et par là, il a enlevé ce qui vous entraînait au mal. Par le baptême, vous avez été mis dans la tombe avec le Christ, mais avec lui, vous avez été réveillés de la mort. En effet, vous avez cru dans la puissance de Dieu qui a réveillé le Christ de la mort. Vous, vous étiez morts à cause de vos fautes, et aussi parce que vous n’étiez pas des circoncis. Mais Dieu vous a rendu la vie avec le Christ. Il nous a pardonné toutes nos fautes, il a effacé le document de nos dettes qui nous accusait, et qui était contre nous à cause des règles établies. Et il l’a détruit en le clouant sur la croix. Dieu a enlevé leur puissance aux esprits qui avaient autorité et pouvoir. Il a présenté ces esprits devant tout le monde et il les a traînés comme des prisonniers dans le défilé victorieux de son Fils. Donc, personne ne doit vous condamner à cause de ce que vous mangez ou buvez, ou au sujet des fêtes, de la nouvelle lune et des sabbats. Tout cela, c’est l’ombre de ce qui doit venir, mais ce qui existe réellement, c’est le Christ. Personne ne doit vous priver de la victoire. Je pense aux gens qui se font tout petits devant les anges pour leur rendre un culte. Et ils donnent aussi trop d’importance aux choses qu’ils voient en rêve. Ces gens-là ont des idées trop humaines, cela les gonfle d’orgueil. Ils ne s’attachent pas au Christ, qui est la tête. Pourtant, c’est la tête qui donne au corps ce qui est nécessaire. Par elle, les articulations et les muscles tiennent bien ensemble, et c’est Dieu qui fait grandir ce corps. Vous êtes morts avec le Christ, et les forces du monde ne comptent plus pour vous. Mais vous faites comme si votre vie était encore sous le pouvoir de ces choses-là. Pourquoi est-ce que vous obéissez à ces règles : « Ne prends pas ceci ! Ne goûte pas cela ! N’y touche pas ! » Elles sont faites pour des choses qui disparaissent dès qu’on s’en sert. Ce sont des règles et des enseignements inventés par les êtres humains ! C’est vrai : rendre un culte, se faire tout petits devant les anges, faire souffrir son corps, tout cela paraît sage. Pourtant, ces règles ne valent rien, elles servent seulement à satisfaire des désirs humains.

Kolosyen 2:6-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi. Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris. Mwen di sa, paske tout sa Bondye ye, li parèt aklè nan kò fizik Jezikris san manke anyen. Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite. Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a. Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye. Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo. Li anile dokiman kote kondanasyon nou te siyen an: li te elimine l, lè l te mouri sou kwa a. Se kon sa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye. Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo. Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi. Nou se moun ki mouri ak Kris. Fòs ki nan mond lan pa vo anyen pou nou. Poutan n ap viv tankou moun ki nan lemonn toujou. Pou kisa se bann règ sa yo k ap gide lavi nou? Règ ki di: “Pa manje sa, pa goute sa, pa touche”? Tout bagay sa yo ap pase apre yo fin pase mòd! Se yon bann prensip moun fè epi yo ansenye yo. Se vre, kalite prensip sa yo sanble ak prensip sajès. Poutan, se yon bann prensip ki pa vo anyen. Yo itil nan satisfè dezi feblès lachè yo sèlman.

Kolosyen 2:6-23 New International Version (NIV)

So then, just as you received Christ Jesus as Lord, continue to live your lives in him, rooted and built up in him, strengthened in the faith as you were taught, and overflowing with thankfulness. See to it that no one takes you captive through hollow and deceptive philosophy, which depends on human tradition and the elemental spiritual forces of this world rather than on Christ. For in Christ all the fullness of the Deity lives in bodily form, and in Christ you have been brought to fullness. He is the head over every power and authority. In him you were also circumcised with a circumcision not performed by human hands. Your whole self ruled by the flesh was put off when you were circumcised by Christ, having been buried with him in baptism, in which you were also raised with him through your faith in the working of God, who raised him from the dead. When you were dead in your sins and in the uncircumcision of your flesh, God made you alive with Christ. He forgave us all our sins, having canceled the charge of our legal indebtedness, which stood against us and condemned us; he has taken it away, nailing it to the cross. And having disarmed the powers and authorities, he made a public spectacle of them, triumphing over them by the cross. Therefore do not let anyone judge you by what you eat or drink, or with regard to a religious festival, a New Moon celebration or a Sabbath day. These are a shadow of the things that were to come; the reality, however, is found in Christ. Do not let anyone who delights in false humility and the worship of angels disqualify you. Such a person also goes into great detail about what they have seen; they are puffed up with idle notions by their unspiritual mind. They have lost connection with the head, from whom the whole body, supported and held together by its ligaments and sinews, grows as God causes it to grow. Since you died with Christ to the elemental spiritual forces of this world, why, as though you still belonged to the world, do you submit to its rules: “Do not handle! Do not taste! Do not touch!”? These rules, which have to do with things that are all destined to perish with use, are based on merely human commands and teachings. Such regulations indeed have an appearance of wisdom, with their self-imposed worship, their false humility and their harsh treatment of the body, but they lack any value in restraining sensual indulgence.

Kolosyen 2:6-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Aussi, puisque vous avez reçu Christ, Jésus le Seigneur, comportez-vous comme des gens unis à lui : enracinez-vous en lui, construisez toute votre vie sur lui et attachez-vous de plus en plus fermement à la foi conforme à ce qu’on vous a enseigné. Agissez ainsi en adressant à Dieu de nombreuses prières de reconnaissance. Veillez à ce que personne ne vous prenne au piège de la recherche d’une « sagesse  » qui n’est que tromperie et illusion, qui se fonde sur des traditions tout humaines, sur les principes élémentaires qui régissent la vie des gens de ce monde, mais non sur Christ. Car c’est en lui, c’est dans son corps, qu’habite toute la plénitude de ce qui est en Dieu. Et par votre union avec lui, vous êtes pleinement comblés, car il est le chef de toute Autorité et de toute Puissance. C’est aussi dans l’union avec lui que vous avez été circoncis, non d’une circoncision opérée par les hommes, mais de la circoncision que demande Christ et qui consiste à être dépouillé de ce qui fait l’homme livré à lui-même. Vous avez été ensevelis avec Christ par le baptême, et c’est aussi dans l’union avec lui que vous êtes ressuscités avec lui, par la foi en la puissance de Dieu qui l’a ressuscité des morts. Et vous, qui étiez morts à cause de vos fautes et parce que vous étiez incirconcis, Dieu vous a donné la vie avec Christ. Il nous a pardonné toutes nos fautes. Car il a annulé l’acte qui établissait nos manquements à l’égard des commandements. Oui, il l’a effacé, le clouant sur la croix. Là, il a désarmé toute Autorité, tout Pouvoir, les donnant publiquement en spectacle quand il les a traînés dans son cortège triomphal après sa victoire à la croix. C’est pourquoi, ne vous laissez juger par personne à propos de ce que vous mangez ou de ce que vous buvez ou au sujet de l’observance des jours de fête, des nouvelles lunes ou des sabbats. Tout cela n’était que l’ombre des choses à venir : la réalité est en Christ. Ne vous laissez pas condamner par ces gens qui prennent plaisir à s’humilier et à s’adonner à un « culte des anges ». Ils se livrent à leurs visions, ils s’enflent d’orgueil sans raison, poussés par leurs pensées tout humaines. Ils ne s’attachent pas à Christ, qui est le chef, la tête. C’est de lui que le corps tout entier tire sa croissance comme Dieu le veut, grâce à la cohésion et à l’unité que lui apportent les articulations et les ligaments. Vous êtes morts avec Christ à tous ces principes élémentaires qui régissent la vie des gens de ce monde. Pourquoi alors, comme si votre vie appartenait encore à ce monde, vous laissez-vous imposer des règles du genre : « Ne prends pas ceci, ne mange pas de cela, ne touche pas à cela ! … » ? Toutes ces choses ne sont-elles pas destinées à périr après qu’on en a fait usage ? Voilà bien des commandements et des enseignements purement humains ! Certes, les prescriptions de ce genre paraissent empreintes d’une grande sagesse, car elles demandent une dévotion rigoureuse, des gestes d’humiliation et l’assujettissement du corps à une sévère discipline. En fait, elles n’ont aucune valeur, sinon pour satisfaire des aspirations tout humaines.