Kolosyen 1:1-29

Kolosyen 1:1-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon volonte Bondye, ak Timote frè nou, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze. Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou. Mwen pran nouvèl jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a. Depi premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou. Bon nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè. Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m, ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la. Se li menm ki fè m konnen renmen Lespri Bondye a ban nou. Se poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou. Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye. Nou mande Bondye, ak tout pouvwa li, pou li fòtifye nou tout jan pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans. Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a. Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Kris se pòtre Bondye envizib la. Li se premyene, li la anvan tout sa Bondye kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la. Legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm premye ki resisite nan lanmò pou li ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a. Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou. Men koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch. Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi. Kounyeya, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m konsa, m'ap bay pòsyon pa m pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li. Wi, m'ap sèvi legliz la kounyeya dapre travay Bondye ban m fè pou nou an: travay sa a se pou m anonse tout bagay ki nan mesay li a, pou m fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pèsonn pat konnen l. Men kounyeya, li devwale l bay tout moun ki pou li. Paske, Bondye vle fè moun pa li yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris ap viv nan lavi nou tou, li ban nou espwa nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye a. Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la. Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.

Kolosyen 1:1-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, je suis apôtre du Christ Jésus parce que Dieu l’a voulu. Avec Timothée notre frère, j’écris à ceux qui appartiennent à Dieu et qui sont à Colosses, nos frères et sœurs qui croient au Christ. Que Dieu notre Père vous bénisse et vous donne la paix ! Nous remercions toujours Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus-Christ, quand nous prions pour vous. Oui, voici ce que nous avons appris : vous croyez au Christ Jésus et vous aimez tous ceux qui appartiennent à Dieu. En effet, vous espérez ce que Dieu a préparé pour vous dans les cieux. Quand la Bonne Nouvelle, qui est la Parole vraie, est arrivée chez vous, elle vous a fait connaître cette espérance. Cette Bonne Nouvelle donne des résultats et se développe aussi dans le monde entier. Chez vous, c’est la même chose depuis que vous avez entendu parler de la bonté de Dieu, depuis que vous avez vraiment compris que Dieu vous aime. Épafras, qui est notre ami et qui travaille avec nous, vous a enseigné cela. Il nous remplace auprès de vous comme un fidèle serviteur du Christ, et il nous a fait connaître l’amour que l’Esprit Saint a mis en vous. C’est pourquoi, nous aussi, depuis que nous connaissons ces nouvelles, nous prions sans cesse pour vous. Et nous demandons à Dieu de vous donner toute la sagesse et l’intelligence qui viennent de son Esprit. Ainsi vous pourrez connaître entièrement ce qu’il attend de vous. Vous pourrez vivre comme le Seigneur le veut et faire tout ce qui lui plaît. Vous accomplirez toutes sortes d’actions bonnes et vous connaîtrez Dieu de plus en plus. Sa puissance magnifique vous rendra forts pour tout. Alors vous résisterez et vous supporterez tout avec patience. Avec joie, remerciez le Père : il vous a rendus capables de recevoir les biens qu’il garde pour ceux qui lui appartiennent dans le royaume de la lumière. Il nous a arrachés au pouvoir de la nuit et il nous a fait passer dans le royaume de son Fils très aimé. Par ce Fils, nous sommes libérés, nos péchés sont pardonnés. Le Christ est l’image du Dieu qu’on ne peut voir. Il est le Fils premier-né au-dessus de toutes les choses créées. En effet, c’est en lui que Dieu a tout créé dans les cieux et sur la terre : les choses qu’on voit et celles qu’on ne voit pas, les forces et les esprits qui ont autorité et pouvoir. Tout est créé par lui et pour lui. Le Christ existe avant toute chose, et tout ce qui existe ne tient que par lui. C’est lui qui est la tête du corps, c’est-à-dire de l’Église. Il est le commencement, celui qui, le premier, s’est levé de la mort, pour être le premier de tous, toujours et partout. Oui, Dieu a voulu habiter totalement dans son Fils, et il a voulu tout réconcilier avec lui, par son Fils et pour son Fils. Par le sang que son Fils a versé sur la croix, Dieu a fait la paix sur la terre et dans les cieux. Vous, autrefois, vous étiez des étrangers pour Dieu, vous étiez ses ennemis. En effet, vous pensiez à faire le mal et vous le faisiez ! Mais maintenant, Dieu vous a réconciliés avec lui par la mort de son Fils, qui a souffert dans son corps humain. Alors vous pouvez vous présenter devant Dieu en étant saints, purs et sans faute. Mais vous devez rester solides et forts dans la foi. Ne vous éloignez pas de la Bonne Nouvelle : elle est notre espérance. Vous l’avez entendue, on l’a annoncée à tout ce qui existe sous le ciel, et moi, Paul, je suis devenu le serviteur de cette Bonne Nouvelle. Maintenant, je suis heureux de souffrir pour vous. En effet, dans mon corps, je continue à participer aux souffrances du Christ pour son corps, c’est-à-dire pour l’Église. Je suis devenu le serviteur de l’Église, pour faire le travail que Dieu m’a demandé : je dois vous annoncer la parole de Dieu tout entière. Cette Parole, c’est le mystère caché à toutes les générations depuis toujours. Maintenant, Dieu l’a montré clairement à ceux qui lui appartiennent. Il a voulu leur faire connaître la grandeur de ce mystère et sa richesse, pour tous les peuples. Ce mystère, le voici : le Christ est au milieu de vous, et par lui, vous espérez participer à la gloire de Dieu. C’est ce Christ que nous annonçons. Nous donnons à chacun des conseils et un enseignement avec toute la sagesse possible, pour que tous deviennent adultes dans le Christ. C’est pourquoi je travaille et je lutte avec la force du Christ qui agit en moi avec puissance.

Kolosyen 1:1-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen menm Pòl, apot Jezikris, selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout. M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze. Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an. Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja. Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre. Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou nan sèvis li pou Kris. Epafras pale nou tou sou renmen Sentespri a ban nou pou lòt moun. Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou: Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini. Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou. Pèsonn pa kapab wè Bondye, men se pitit la sèlman yo ka wè, ki menm jan ak Bondye nan tout pwen. Se li k ap gouvène tout kreyasyon an, kòm premye pitit gason li. Se ak puisans Pitit la Bondye te kreye tout bagay ki egziste, kit sa ki nan syèl moun pa ka wè, kit sa ki sou latè moun ka wè, wa yo, gwo chèf yo, pouvwa yo, otorite yo, tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la, epi pou Pitit la. Pitit la te la anvan tout bagay te kreye. Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste. Li se tèt legliz la ki se kò a. Li se kòmansman tout bagay. Li se premye pami moun ki gen pou leve soti vivan nan lanmò. Sa fè se li ki gen premye plas epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay. Se yon plezi Bondye pran pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la. Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay ak li menm ankò pa mwayen Pitit la. Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè, menm jan ak sa ki nan syèl la. Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo. Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li. Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè. Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la. Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote. Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a. Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la. Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.

Kolosyen 1:1-29 New International Version (NIV)

Paul, an apostle of Christ Jesus by the will of God, and Timothy our brother, To God’s holy people in Colossae, the faithful brothers and sisters in Christ: Grace and peace to you from God our Father. We always thank God, the Father of our Lord Jesus Christ, when we pray for you, because we have heard of your faith in Christ Jesus and of the love you have for all God’s people— the faith and love that spring from the hope stored up for you in heaven and about which you have already heard in the true message of the gospel that has come to you. In the same way, the gospel is bearing fruit and growing throughout the whole world—just as it has been doing among you since the day you heard it and truly understood God’s grace. You learned it from Epaphras, our dear fellow servant, who is a faithful minister of Christ on our behalf, and who also told us of your love in the Spirit. For this reason, since the day we heard about you, we have not stopped praying for you. We continually ask God to fill you with the knowledge of his will through all the wisdom and understanding that the Spirit gives, so that you may live a life worthy of the Lord and please him in every way: bearing fruit in every good work, growing in the knowledge of God, being strengthened with all power according to his glorious might so that you may have great endurance and patience, and giving joyful thanks to the Father, who has qualified you to share in the inheritance of his holy people in the kingdom of light. For he has rescued us from the dominion of darkness and brought us into the kingdom of the Son he loves, in whom we have redemption, the forgiveness of sins. The Son is the image of the invisible God, the firstborn over all creation. For in him all things were created: things in heaven and on earth, visible and invisible, whether thrones or powers or rulers or authorities; all things have been created through him and for him. He is before all things, and in him all things hold together. And he is the head of the body, the church; he is the beginning and the firstborn from among the dead, so that in everything he might have the supremacy. For God was pleased to have all his fullness dwell in him, and through him to reconcile to himself all things, whether things on earth or things in heaven, by making peace through his blood, shed on the cross. Once you were alienated from God and were enemies in your minds because of your evil behavior. But now he has reconciled you by Christ’s physical body through death to present you holy in his sight, without blemish and free from accusation— if you continue in your faith, established and firm, and do not move from the hope held out in the gospel. This is the gospel that you heard and that has been proclaimed to every creature under heaven, and of which I, Paul, have become a servant. Now I rejoice in what I am suffering for you, and I fill up in my flesh what is still lacking in regard to Christ’s afflictions, for the sake of his body, which is the church. I have become its servant by the commission God gave me to present to you the word of God in its fullness— the mystery that has been kept hidden for ages and generations, but is now disclosed to the Lord’s people. To them God has chosen to make known among the Gentiles the glorious riches of this mystery, which is Christ in you, the hope of glory. He is the one we proclaim, admonishing and teaching everyone with all wisdom, so that we may present everyone fully mature in Christ. To this end I strenuously contend with all the energy Christ so powerfully works in me.

Kolosyen 1:1-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Paul, apôtre de Jésus-Christ par la volonté de Dieu, et le frère Timothée, saluent ceux qui, à Colosses, font partie du peuple saint par leur union avec Christ et qui sont nos fidèles frères et sœurs en lui. Que la grâce et la paix vous soient accordées par Dieu notre Père. Nous exprimons constamment à Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus-Christ, notre reconnaissance à votre sujet dans nos prières pour vous. En effet, nous avons entendu parler de votre foi en Jésus-Christ et de votre amour pour tous les membres du peuple saint. Cette foi et cet amour se fondent sur ce qui fait votre espérance et que Dieu vous réserve dans les cieux. Cette espérance, vous l’avez connue par la prédication de la vérité, cet Evangile qui est parvenu jusqu’à vous, comme il est aussi présent dans le monde entier où il porte du fruit et va de progrès en progrès – ce qui est également le cas parmi vous, depuis le jour où vous avez reçu et reconnu la grâce de Dieu dans toute sa vérité. C’est Epaphras, notre cher collaborateur, qui vous en a instruits. Il est un fidèle serviteur de Christ auprès de vous et il nous a appris quel amour l’Esprit vous inspire. Aussi, depuis le jour où nous avons entendu parler de vous, nous aussi, nous ne cessons de prier Dieu pour vous. Nous lui demandons qu’il vous fasse connaître pleinement sa volonté, en vous donnant, par le Saint-Esprit, une entière sagesse et un parfait discernement. Ainsi vous pourrez avoir une conduite digne du Seigneur et qui lui plaise à tous égards. Car vous porterez comme fruit toutes sortes d’œuvres bonnes et vous ferez des progrès dans la connaissance de Dieu. Dieu vous fortifiera pleinement à la mesure de sa puissance glorieuse, pour que vous puissiez tout supporter et persévérer jusqu’au bout – et cela avec joie. Vous exprimerez votre reconnaissance au Père qui vous a rendus capables d’avoir part à l’héritage qu’il réserve dans la lumière aux membres de son peuple saint. Car : Il nous a arrachés au pouvoir des ténèbres et nous a fait passer dans le royaume de son Fils bien-aimé. Etant unis à lui, nous sommes délivrés, car nous avons reçu le pardon des péchés. Ce Fils, il est l’image du Dieu que nul ne voit, il est le Premier-né de toute création. Car c’est en lui qu’ont été créées toutes choses dans les cieux comme sur la terre, les visibles, les invisibles, les Trônes et les Seigneuries, les Autorités, les Puissances. C’est par lui et pour lui que Dieu a tout créé. Il est lui-même bien avant toutes choses et tout subsiste en lui. Il est lui-même la tête de son corps qui est l’Eglise. Ce Fils est le commencement, le Premier-né de tous ceux qui sont morts, afin qu’en toutes choses il ait le premier rang. Car c’est en lui que Dieu a désiré que toute plénitude ait sa demeure. Et c’est par lui qu’il a voulu réconcilier avec lui-même l’univers tout entier : ce qui est sur la terre et ce qui est au ciel, en instaurant la paix par le sang que son Fils a versé sur la croix. Or vous, autrefois, vous étiez exclus de la présence de Dieu, vous étiez ses ennemis à cause de vos pensées qui vous amenaient à faire des œuvres mauvaises ; mais maintenant, Dieu vous a réconciliés avec lui par le sacrifice de son Fils qui a livré à la mort son corps humain, pour vous faire paraître saints, irréprochables et sans faute devant lui. Mais il vous faut, bien sûr, demeurer dans la foi, fermement établis sur ce fondement sans vous laisser écarter de l’espérance qu’annonce l’Evangile. Cet Evangile, vous l’avez entendu, il a été proclamé parmi toutes les créatures sous le ciel, et moi, Paul, j’en suis devenu le serviteur. Maintenant, je me réjouis des souffrances que j’endure pour vous. Car, en ma personne, je complète, pour le bien de son corps – qui est l’Eglise – ce qui manque aux persécutions dirigées contre Christ. C’est de cette Eglise que je suis devenu le serviteur, selon la responsabilité que Dieu m’a confiée à votre égard. Il m’a chargé d’annoncer sa Parole dans toute sa plénitude en vous faisant connaître le secret de son plan tenu caché depuis toujours, de génération en génération, mais qui s’accomplit de façon manifeste pour les membres de son peuple saint. Car Dieu a voulu leur faire connaître quelle est la glorieuse richesse que renferme le secret de son plan pour les non-Juifs. Et voici ce secret : Christ en vous, garantie de votre espérance de la gloire à venir. C’est lui, Christ, que nous, nous annonçons, en avertissant et en enseignant tout être humain, en toute sagesse, afin de faire paraître devant Dieu tout homme parvenu à l’état d’adulte dans son union avec Christ. Voilà pourquoi je travaille et je combats par la force de Christ qui agit puissamment en moi.