Travay 9:1-31

Travay 9:1-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Men Sòl, bò pa li, pa te janm sispann fè disip Senyè yo pwomès sasinen yo. L'al jwenn granprèt la. Li mande l lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a. Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: — Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: — Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li: — Ananyas. Ananyas reponn: — Men mwen, Senyè. Senyè a di li: — Leve kounyeya, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l ye a, li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l kapab wè ankò. Ananyas reponn: — Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l pouvwa sa a. Men, Senyè a di li: — Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen. Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li: — Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo. Menm lè a tou, li konmanse bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. Tout moun ki te tande l te sezi, yo t'ap di: — Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a nan lavil Jerizalèm lan? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo? Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l voye a menm. Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. Lè sa a, patizan Sòl yo pran l nan mitan lannwit, yo mete l nan yon panyen, yo file l desann lòt bò miray lavil la. Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l ak disip yo, men yo tout te pè l: yo pat kwè li te yon disip tout bon vre. Lè sa a, Banabas pran l avè l, epi li mennen l bò kote apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Senyè a sou wout la, ki jan Senyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bòn nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesay la avèk konviksyon nan non Senyè a. Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l lavil Sezare, yo fè l pati pou Tas. Lè sa a, toupatou nan Jide, nan Samari ak nan Galile, legliz Bondye a t'ap viv san kè sote. Li t'ap devlope, li t'ap viv nan krentif Bondye. Avèk konkou Sentespri, anpil moun t'ap repanti toujou vin ogmante legliz la.

Travay 9:1-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pendant ce temps, Saul ne pense qu’à menacer et à faire mourir les disciples du Seigneur. Il va voir le grand-prêtre et lui demande des lettres pour les chefs juifs de Damas. Alors, si Saul trouve des gens, des hommes ou des femmes, qui suivent le chemin de Jésus, il pourra les arrêter et les emmener à Jérusalem. Saul est encore sur la route et il approche de Damas. Tout à coup, une lumière venue du ciel brille autour de lui. Il tombe par terre et il entend une voix qui lui dit : « Saul, Saul, pourquoi est-ce que tu me fais souffrir ? » Il demande : « Seigneur, qui es-tu ? » La voix répond : « Je suis Jésus, c’est moi que tu fais souffrir. Mais relève-toi et entre dans la ville, là, on te dira ce que tu dois faire. » Les gens qui voyagent avec Saul se sont arrêtés. Ils n’osent pas dire un mot. Ils entendent la voix, mais ils ne voient personne. Saul se relève, il a les yeux ouverts, mais il est aveugle. On le prend par la main pour le conduire à Damas. Et pendant trois jours, il reste aveugle, il ne mange rien et il ne boit rien. À Damas, il y a un disciple appelé Ananias. Le Seigneur se montre à lui et lui dit : « Ananias ! » Ananias répond : « Oui, Seigneur, me voici ! » Le Seigneur lui dit : « Va tout de suite dans la rue Droite, entre dans la maison de Judas, et demande un certain Saul de Tarse. Il est en train de prier, et voici ce que je lui ai montré : un homme appelé Ananias est entré et il a posé les mains sur sa tête pour qu’il retrouve la vue. » Ananias répond : « Seigneur, j’ai entendu beaucoup de gens parler de cet homme. Je sais tout le mal qu’il a fait à tes disciples, à Jérusalem. Et les chefs des prêtres lui ont donné le pouvoir d’arrêter ici également tous ceux qui font appel à ton nom. » Mais le Seigneur dit à Ananias : « Va trouver cet homme. Je l’ai choisi et je vais me servir de lui. Il fera connaître mon nom aux peuples étrangers, à leurs rois et aussi au peuple d’Israël. Je lui montrerai moi-même tout ce qu’il doit souffrir à cause de mon nom. » Ananias part et arrive dans la maison. Il pose les mains sur la tête de Saul en lui disant : « Saul, mon frère, c’est le Seigneur qui m’envoie. C’est ce Jésus qui s’est montré à toi sur la route où tu marchais. Il m’envoie pour que tu retrouves la vue et que tu sois rempli de l’Esprit Saint. » À ce moment-là, des sortes d’écailles tombent des yeux de Saul, et il retrouve la vue. Il se lève et il est baptisé. Puis il mange et il reprend des forces. Saul reste quelques jours avec les disciples à Damas. Il se met aussitôt à annoncer dans les maisons de prière des Juifs : « Jésus est le Fils de Dieu ! » Tous ceux qui l’entendent sont très étonnés et ils disent : « Mais cet homme-là, c’est bien lui qui faisait souffrir à Jérusalem ceux qui prient au nom de Jésus ! Il est même venu ici pour arrêter les croyants et pour les amener aux chefs des prêtres ! » Mais Saul parle avec encore plus d’assurance. Il prouve que Jésus est le Messie. Et les Juifs qui habitent Damas ne savent plus ce qu’il faut lui répondre. Au bout d’un certain temps, ils décident de faire mourir Saul. Mais Saul apprend cela. Jour et nuit, on surveille les portes de la ville, pour le prendre et le faire mourir. Une nuit, les disciples de Saul le mettent dans un grand panier, et ils le font descendre de l’autre côté du mur de la ville. Quand Saul arrive à Jérusalem, il essaie d’entrer dans le groupe des disciples, mais tous ont peur de lui. En effet, personne ne croit que Saul est vraiment un disciple. Alors Barnabas le prend avec lui et il l’emmène voir les apôtres. Barnabas leur raconte ceci : « Sur la route, Saul a vu le Seigneur, et le Seigneur lui a parlé. À Damas, Saul a annoncé avec assurance la Bonne Nouvelle au nom de Jésus. » À partir de ce moment, Saul est avec les apôtres. Il va et vient avec eux dans Jérusalem, il annonce avec assurance la Bonne Nouvelle au nom du Seigneur. Il rencontre les Juifs qui parlent grec et discute avec eux, mais eux cherchent à le faire mourir. Quand les croyants apprennent cela, ils conduisent Saul à Césarée, puis ils le font partir pour Tarse. À ce moment-là, l’Église est en paix, dans toute la Judée, la Galilée et la Samarie. Elle grandit et elle vit en respectant le Seigneur avec confiance. Avec l’aide de l’Esprit Saint, les croyants deviennent de plus en plus nombreux.

Travay 9:1-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a, epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm. Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl. Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?” Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a. Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.” Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou. Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.” Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.” Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.” Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.” Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò. Sòl rete Damas pandan kèk jou ankò ansanm ak disip yo. San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!” Tout moun ki te tande mesaj Sòl la te sezi. Yo t ap di: “Èske se pa nonm sa a ki t ap eseye detwi disip Kris yo nan Jerizalèm nan? Èske se pa pou menm rezon an li te vin isit la, pou l mare disip Kris yo mennen bay chèf prèt la?” Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l. Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl. Lajounen kou lannuit yo t ap veye pòtay lavil la pou yo te ka touye Sòl. Men, Sòl limenm te gentan pran nouvèl la. Yon lè, nan mitan lannuit, kèk nan patizan Sòl yo te ede l sove kite vil la. Yo mete l nan yon panye epi yo file l desann dèyè miray lavil la. Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre. Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon. Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon. Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l. Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas. Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou.

Travay 9:1-31 New International Version (NIV)

Meanwhile, Saul was still breathing out murderous threats against the Lord’s disciples. He went to the high priest and asked him for letters to the synagogues in Damascus, so that if he found any there who belonged to the Way, whether men or women, he might take them as prisoners to Jerusalem. As he neared Damascus on his journey, suddenly a light from heaven flashed around him. He fell to the ground and heard a voice say to him, “Saul, Saul, why do you persecute me?” “Who are you, Lord?” Saul asked. “I am Jesus, whom you are persecuting,” he replied. “Now get up and go into the city, and you will be told what you must do.” The men traveling with Saul stood there speechless; they heard the sound but did not see anyone. Saul got up from the ground, but when he opened his eyes he could see nothing. So they led him by the hand into Damascus. For three days he was blind, and did not eat or drink anything. In Damascus there was a disciple named Ananias. The Lord called to him in a vision, “Ananias!” “Yes, Lord,” he answered. The Lord told him, “Go to the house of Judas on Straight Street and ask for a man from Tarsus named Saul, for he is praying. In a vision he has seen a man named Ananias come and place his hands on him to restore his sight.” “Lord,” Ananias answered, “I have heard many reports about this man and all the harm he has done to your holy people in Jerusalem. And he has come here with authority from the chief priests to arrest all who call on your name.” But the Lord said to Ananias, “Go! This man is my chosen instrument to proclaim my name to the Gentiles and their kings and to the people of Israel. I will show him how much he must suffer for my name.” Then Ananias went to the house and entered it. Placing his hands on Saul, he said, “Brother Saul, the Lord—Jesus, who appeared to you on the road as you were coming here—has sent me so that you may see again and be filled with the Holy Spirit.” Immediately, something like scales fell from Saul’s eyes, and he could see again. He got up and was baptized, and after taking some food, he regained his strength. Saul spent several days with the disciples in Damascus. At once he began to preach in the synagogues that Jesus is the Son of God. All those who heard him were astonished and asked, “Isn’t he the man who raised havoc in Jerusalem among those who call on this name? And hasn’t he come here to take them as prisoners to the chief priests?” Yet Saul grew more and more powerful and baffled the Jews living in Damascus by proving that Jesus is the Messiah. After many days had gone by, there was a conspiracy among the Jews to kill him, but Saul learned of their plan. Day and night they kept close watch on the city gates in order to kill him. But his followers took him by night and lowered him in a basket through an opening in the wall. When he came to Jerusalem, he tried to join the disciples, but they were all afraid of him, not believing that he really was a disciple. But Barnabas took him and brought him to the apostles. He told them how Saul on his journey had seen the Lord and that the Lord had spoken to him, and how in Damascus he had preached fearlessly in the name of Jesus. So Saul stayed with them and moved about freely in Jerusalem, speaking boldly in the name of the Lord. He talked and debated with the Hellenistic Jews, but they tried to kill him. When the believers learned of this, they took him down to Caesarea and sent him off to Tarsus. Then the church throughout Judea, Galilee and Samaria enjoyed a time of peace and was strengthened. Living in the fear of the Lord and encouraged by the Holy Spirit, it increased in numbers.

Travay 9:1-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Saul, qui ne pensait qu’à menacer et à tuer les disciples du Seigneur, se rendit chez le grand-prêtre et lui demanda des lettres de recommandation pour les synagogues de Damas. Ces lettres l’autorisaient, s’il trouvait là-bas des hommes ou des femmes qui suivaient la Voie du Seigneur, à les arrêter et à les amener à Jérusalem. Il se dirigeait donc vers Damas et approchait déjà de cette ville quand, soudain, il fut environné d’une lumière éclatante qui venait du ciel. Il tomba à terre et entendit une voix qui lui disait : Saul, Saul, pourquoi me persécutes-tu ? – Qui es-tu, Seigneur ? demanda-t-il. La voix reprit : Je suis, moi, Jésus, que tu persécutes. Mais relève-toi, entre dans la ville, et là on te dira ce que tu dois faire. Ses compagnons de voyage restèrent figés sur place, muets de stupeur : ils entendaient bien la voix, mais ne voyaient personne. Saul se releva de terre, mais il avait beau ouvrir les yeux, il ne voyait plus. Il fallut le prendre par la main pour le conduire à Damas. Il resta aveugle pendant trois jours, et ne mangea ni ne but. Or, à Damas, vivait un disciple nommé Ananias. Le Seigneur lui apparut dans une vision et lui dit : Ananias ! – Oui, Seigneur, répondit-il. Et le Seigneur lui dit : Lève-toi, et va dans la rue que l’on appelle la rue Droite et, dans la maison de Judas, demande à voir un nommé Saul, originaire de Tarse. Car il prie et, dans une vision, il a vu un homme du nom d’Ananias entrer dans la maison et lui imposer les mains pour lui rendre la vue. – Mais Seigneur, répliqua Ananias, j’ai beaucoup entendu parler de cet homme ; de plusieurs côtés, on m’a dit tout le mal qu’il a fait aux membres de ton peuple saint à Jérusalem. De plus, il est venu ici muni de pouvoirs, que lui ont accordés les chefs des prêtres, pour arrêter tous ceux qui te prient. Mais le Seigneur lui dit : Va ! car j’ai choisi cet homme pour me servir : il fera connaître qui je suis aux peuples étrangers et à leurs rois, ainsi qu’aux Israélites. Je lui montrerai moi-même tout ce qu’il devra souffrir pour moi. Ananias partit donc et, arrivé dans la maison, il imposa les mains à Saul et lui dit : Saul, mon frère, le Seigneur Jésus qui t’est apparu sur le chemin par lequel tu venais, m’a envoyé pour que la vue te soit rendue et que tu sois rempli du Saint-Esprit. Au même instant, ce fut comme si des écailles tombaient des yeux de Saul et il vit de nouveau. Alors il se leva et fut baptisé, puis il mangea et reprit des forces. Saul passa quelques jours parmi les disciples de Damas. Et dans les synagogues, il se mit tout de suite à proclamer que Jésus est le Fils de Dieu. Ses auditeurs n’en revenaient pas. Tous disaient : Voyons, n’est-ce pas lui qui s’acharnait, à Jérusalem, contre ceux qui, dans leurs prières, invoquent ce nom-là ? N’est-il pas venu ici exprès pour les arrêter et les ramener aux chefs des prêtres ? Mais Saul s’affermissait de jour en jour dans la foi et les Juifs qui habitaient à Damas ne savaient plus que dire, car il leur démontrait que Jésus est le Messie. Après un certain temps, les Juifs résolurent de le faire mourir. Saul eut vent de leur complot. Jour et nuit, ils faisaient même surveiller les portes de la ville avec l’intention de le tuer. Mais une nuit, les disciples qu’il enseignait l’emmenèrent et le firent descendre dans une corbeille le long du rempart. A son arrivée à Jérusalem, il essaya de se joindre aux disciples. Mais tous avaient peur de lui, car ils ne croyaient pas qu’il fût vraiment devenu un disciple. Barnabas le prit avec lui, le conduisit auprès des apôtres et leur raconta comment, sur le chemin de Damas, Saul avait vu le Seigneur, comment le Seigneur lui avait parlé et avec quel courage il avait prêché à Damas au nom de Jésus. Dès lors, il se joignit à eux, allant et venant avec eux à Jérusalem, et parlant ouvertement au nom du Seigneur. Il avait aussi beaucoup d’entretiens et de discussions avec les Juifs de culture grecque ; mais ceux-là aussi cherchèrent à le faire mourir. Quand les frères l’apprirent, ils le conduisirent jusqu’à Césarée et, de là, le firent partir pour Tarse. Dans toute la Judée, la Galilée et la Samarie, l’Eglise jouissait alors de la paix. Elle grandissait dans la foi, vivait dans l’obéissance au Seigneur, et s’accroissait en nombre, grâce au soutien du Saint-Esprit.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an