Travay 7:23-29
Travay 7:23-29 1998 Haïtienne (HAT98)
— Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l yo, moun pèp Izrayèl yo. Lè l rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li. Li te kwè frè l yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l pou delivre yo a. Men, yo pat konprann sa. Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa? Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a? Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, l'al viv nan peyi Madyan. Antan l te la, li fè de pitit gason.
Travay 7:23-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Quand il a 40 ans, il décide d’aller voir ses frères, les Israélites. Il voit un Égyptien faire du mal à un Israélite. Moïse veut défendre l’homme attaqué et, pour le venger, il tue l’Égyptien. Il pense : “Mes frères vont comprendre que Dieu veut se servir de moi pour les sauver”, mais les Israélites ne comprennent pas. Le jour suivant, Moïse en rencontre deux qui se battent. Il veut faire la paix entre eux et il leur dit : “Mes amis, vous êtes frères. Pourquoi est-ce que vous vous faites du mal ?” Mais celui qui est en train d’attaquer son frère repousse Moïse et lui dit : “Qui t’a demandé d’être notre chef et notre juge ? Est-ce que tu veux me tuer comme tu as tué l’Égyptien hier ?” Quand Moïse entend cela, il s’enfuit. Il va vivre à l’étranger, dans le pays de Madian. Là, il a deux fils.
Travay 7:23-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Moyiz te gen karant (40) an, li deside rann pèp li a yon vizit, m vle pale de pèp Izrayèl la. Je Moyiz al tonbe sou yon Ejipsyen ki t ap maltrete yon moun pèp Izrayèl la. Moyiz deside antre nan koze a pou rann izrayelit ki t ap sibi move trètman an jistis. Konsa, Moyiz touye Ejipsyen an. Moyiz te panse sa k pase a t ap ede pèp Izrayèl la konprann Bondye t ap sèvi ak li kòm enstriman pou delivre yo, men yo pa t konprann sa. Nan denmen, Moyiz retounen vin vizite pèp li a ankò. Fwa sa a, li wè de moun pèp Izrayèl la k ap goumen antre yo. Li t ap eseye fè yo rekonsilye. Li di yo: Mesye m yo, èske se pa frè nou ye? Pouki sa nou youn ap maltrete lòt konsa? Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou? Ou gen lè vle touye m menm jan ou te touye Ejipsyen an yè a? Lè Moyiz tande moun pèp Izrayèl la di pawòl sa a, li chape poul li. Li kouri kite peyi Lejip pou l al viv nan peyi Madyan kòm etranje. Pandan l nan peyi Madyan, Moyiz vin gen madanm epi se la li fè de pitit gason.
Travay 7:23-29 New International Version (NIV)
“When Moses was forty years old, he decided to visit his own people, the Israelites. He saw one of them being mistreated by an Egyptian, so he went to his defense and avenged him by killing the Egyptian. Moses thought that his own people would realize that God was using him to rescue them, but they did not. The next day Moses came upon two Israelites who were fighting. He tried to reconcile them by saying, ‘Men, you are brothers; why do you want to hurt each other?’ “But the man who was mistreating the other pushed Moses aside and said, ‘Who made you ruler and judge over us? Are you thinking of killing me as you killed the Egyptian yesterday?’ When Moses heard this, he fled to Midian, where he settled as a foreigner and had two sons.
Travay 7:23-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A l’âge de quarante ans, il voulut venir en aide à ses frères, les Israélites. Voyant que l’on maltraitait l’un d’eux, il prit sa défense, et, pour le venger, tua l’Egyptien qui le maltraitait. Il pensait que ses frères comprendraient que Dieu voulait se servir de lui pour les libérer. Mais ils ne le comprirent pas. Le lendemain, il vit deux d’entre eux se battre. Il s’interposa et essaya de réconcilier les adversaires. – Mes amis, leur dit-il, vous êtes des frères ! Pourquoi, alors, vous faites-vous du mal ? Mais celui qui maltraitait son compagnon le repoussa en disant : Qui t’a établi chef et juge sur nous ? Voudrais-tu par hasard aussi me tuer, comme tu as tué hier l’Egyptien ? Quand Moïse entendit cela, il prit la fuite et alla vivre dans le pays de Madian où il eut deux fils.