Travay 4:18-30

Travay 4:18-30 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. Men, Pyè ak Jan reponn yo: — Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande. Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa te kapab fè anyen paske, pou sa ki te rive a, tout pèp la t'ap di: Beniswa Letènèl! Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase. Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di. Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: — O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. Kounyeya, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesay ou a avèk konviksyon. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.

Travay 4:18-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ils appellent Pierre et Jean et leur disent : « Arrêtez complètement de parler et d’enseigner au nom de Jésus. » Mais les deux apôtres leur répondent : « Qu’est-ce qui est juste aux yeux de Dieu : vous écouter, vous, ou écouter Dieu ? Décidez vous-mêmes ! En tout cas, nous ne pouvons pas nous taire sur ce que nous avons vu et entendu. » Ceux du Tribunal menacent encore les deux apôtres, ensuite ils les libèrent. Ils n’ont pas trouvé de raison pour les punir. En effet, tout le peuple chante la gloire de Dieu à cause de ce qui est arrivé. L’homme qui a été guéri par ce miracle a plus de 40 ans. Quand Pierre et Jean sont libérés, ils vont voir leurs amis et ils leur racontent tout ce que les chefs des prêtres et les anciens ont dit. Ils entendent cela. Alors tous se mettent à prier Dieu d’un seul cœur en disant : « Maître, c’est toi qui as fait le ciel, la terre, la mer et tout ce qu’ils contiennent. Tu as donné ton Esprit Saint à David, notre ancêtre et ton serviteur. Tu as dit par sa bouche : “Les peuples s’agitent, pourquoi ? Ils font des projets, mais pour rien. Les rois de la terre se préparent au combat. Ceux qui ont le pouvoir se réunissent contre le Seigneur et contre le roi choisi par lui.” « C’est bien vrai, Hérode Antipas et Ponce Pilate se sont réunis dans cette ville, avec les étrangers et les tribus d’Israël. C’était contre Jésus, ton serviteur saint, que tu as choisi comme Messie. De cette façon, ils ont fait tout ce que tu as décidé d’avance, tout ce que tu as voulu avec puissance. Et maintenant, Seigneur, vois comme ils nous menacent. Donne à tes serviteurs d’annoncer ta parole avec une totale assurance. Étends la main pour qu’il y ait des guérisons, des choses étonnantes et extraordinaires, par le nom de Jésus, ton serviteur saint. »

Travay 4:18-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.” Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a. Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an. Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a: Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo? Tout wa latè yo prepare yo pou batay, tout chèf yo rasanble ansanm pou yo goumen kont Senyè a ak kont Kris la. Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive. Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon. Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”

Travay 4:18-30 New International Version (NIV)

Then they called them in again and commanded them not to speak or teach at all in the name of Jesus. But Peter and John replied, “Which is right in God’s eyes: to listen to you, or to him? You be the judges! As for us, we cannot help speaking about what we have seen and heard.” After further threats they let them go. They could not decide how to punish them, because all the people were praising God for what had happened. For the man who was miraculously healed was over forty years old. On their release, Peter and John went back to their own people and reported all that the chief priests and the elders had said to them. When they heard this, they raised their voices together in prayer to God. “Sovereign Lord,” they said, “you made the heavens and the earth and the sea, and everything in them. You spoke by the Holy Spirit through the mouth of your servant, our father David: “ ‘Why do the nations rage and the peoples plot in vain? The kings of the earth rise up and the rulers band together against the Lord and against his anointed one.’ Indeed Herod and Pontius Pilate met together with the Gentiles and the people of Israel in this city to conspire against your holy servant Jesus, whom you anointed. They did what your power and will had decided beforehand should happen. Now, Lord, consider their threats and enable your servants to speak your word with great boldness. Stretch out your hand to heal and perform signs and wonders through the name of your holy servant Jesus.”

Travay 4:18-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Là-dessus, ils les firent rappeler et leur interdirent formellement de parler ou d’enseigner au nom de Jésus. Mais Pierre et Jean leur répondirent : Jugez-en vous-mêmes : est-il juste devant Dieu de vous obéir, plutôt qu’à Dieu ? Quant à nous, nous ne pouvons pas garder le silence sur ce que nous avons vu et entendu. Après leur avoir fait de nouvelles menaces, ils les relâchèrent. En effet, ils n’avaient pas trouvé de moyen de les punir, parce que tout le peuple louait Dieu pour ce qui venait d’arriver. L’homme qui avait été miraculeusement guéri était âgé de plus de quarante ans. Sitôt libérés, Pierre et Jean se rendirent auprès de leurs amis et leur racontèrent tout ce que les chefs des prêtres et les responsables du peuple leur avaient dit. Après les avoir écoutés, tous, unanimes, se mirent à prier Dieu, disant : Maître, c’est toi qui as créé le ciel, la terre, la mer et tout ce qui s’y trouve. C’est toi qui as dit par l’Esprit Saint qui s’est exprimé par la bouche de notre ancêtre David, ton serviteur : Pourquoi tant d’effervescence parmi les nations ? Et pourquoi les peuples trament-ils ces complots inutiles ? Les rois de la terre se sont soulevés et les chefs se sont ligués contre le Seigneur et son Messie . En effet, c’est bien une ligue qu’Hérode et Ponce Pilate, les peuples étrangers et les peuples d’Israël ont formée dans cette ville contre ton saint serviteur Jésus, que tu as choisi comme Messie. Ils n’ont fait qu’accomplir tout ce que tu avais décidé d’avance, dans ta puissance et ta volonté. Maintenant, Seigneur, vois comme ils nous menacent, et donne à tes serviteurs la force d’annoncer ta Parole avec une pleine assurance. Etends ta main pour qu’il se produise des guérisons, des miracles et d’autres signes au nom de ton saint serviteur Jésus.