Travay 21:17-36

Travay 21:17-36 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan. Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la. Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo. Lè yo fin tande l, yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: — Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou. Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo. Sa pou n fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la. Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve. Ou pral avèk yo, w'a patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. W'a fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pat vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la. Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi kounyeya, nou deja ekri yo, nou voye di yo sàn te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè. Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, l'al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la. Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki sòti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li. Yo t'ap rele: — Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Kounyeya, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l antre nan tanp lan tou.) Tout lavil la te tèt anba, moun kouri sòti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan. Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l ki jan tout lavil la te tèt anba. Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl. Kòmandan an pwoche bò kote Pòl, li fè yo arete l, li bay lòd pou yo mare l ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l te fè. Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pat kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan. Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l anlè pou yo te sa pase avè l, sitèlman moun yo te ankòlè. Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: — Touye li.

Travay 21:17-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand nous arrivons à Jérusalem, les frères nous reçoivent avec joie. Le jour suivant, Paul vient avec nous chez Jacques. Là, tous les anciens de l’Église sont réunis. Paul les salue puis il raconte en détail tout ce que Dieu a fait chez les non-Juifs en se servant de lui. Quand les anciens entendent cela, ils chantent la gloire de Dieu et ils disent à Paul : « Frère, tu vois, des milliers de Juifs sont devenus chrétiens et tous suivent fidèlement la loi. Voici ce qu’on leur raconte sur toi : tu apprends à tous les Juifs qui vivent au milieu d’autres peuples à abandonner la loi de Moïse. Tu leur dis de ne pas circoncire les enfants, et de ne pas suivre les coutumes juives. Qu’est-ce qu’il faut faire ? En effet, ils vont sûrement apprendre que tu es ici. Fais donc ce que nous allons te dire : nous avons ici quatre hommes qui ont fait un vœu. Emmène-les, fais avec eux la cérémonie de purification et paie leurs dépenses. Alors ils pourront se faire raser la tête, et tout le monde va le savoir : les choses qu’on raconte sur toi sont fausses. Mais on verra que toi aussi, tu obéis à la loi. Nous avons écrit à ceux qui ne sont pas juifs et qui sont devenus croyants. Nous leur avons dit ce que nous avons décidé : “Vous ne devez pas manger la viande qu’on a offerte aux faux dieux. Ne mangez pas de viande qui contient encore du sang. Respectez les lois du mariage .” » Alors Paul emmène ces quatre hommes. Le jour suivant, il commence avec eux la cérémonie de purification, puis il va dans le temple. Là, il fait savoir le jour où on offrira le sacrifice pour chacun d’eux, quand la purification sera finie. Les sept jours de la purification sont presque finis. Des Juifs de la province d’Asie voient Paul dans le temple, ils excitent toute la foule et ils arrêtent Paul. Ils crient : « Gens d’Israël, au secours ! Le voilà, l’homme qui donne partout et à tout le monde un enseignement contre notre peuple, contre notre loi et contre ce temple ! Il a même fait entrer des non-Juifs ici, et il a rendu impur ce lieu saint. » En effet, à Jérusalem, les Juifs ont vu Trophime d’Éphèse qui accompagnait Paul, et ils pensent que Paul l’a fait entrer dans le temple. Il y a de l’agitation dans toute la ville, et le peuple arrive en foule. Ils arrêtent Paul et l’entraînent en dehors du temple. Tout de suite après, on ferme ses portes. Les gens cherchent à tuer Paul, mais le commandant des soldats romains apprend que l’agitation s’est répandue dans toute la ville de Jérusalem. Il prend immédiatement avec lui des soldats et des officiers et il court vers la foule. Quand les gens voient le commandant et les soldats, ils cessent de frapper Paul. Alors le commandant s’approche, il fait arrêter Paul et il donne l’ordre de l’attacher avec deux chaînes. Puis il demande : « Qui est cet homme ? Qu’est-ce qu’il a fait ? » Mais dans la foule, les uns crient une chose, les autres en crient une autre. Comme le commandant ne peut rien apprendre de sûr à cause du bruit, il donne l’ordre d’emmener Paul dans la caserne. Quand Paul arrive près de l’escalier, les soldats doivent le porter, parce que la foule est très violente. En effet, tout le peuple le suit en criant : « À mort ! »

Travay 21:17-36 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo. Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou. Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve. Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo. Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou. Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo: Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl. Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo. Egzante tout kalite peche seksyèl.” Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo. Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.) Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou. Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”

Travay 21:17-36 New International Version (NIV)

When we arrived at Jerusalem, the brothers and sisters received us warmly. The next day Paul and the rest of us went to see James, and all the elders were present. Paul greeted them and reported in detail what God had done among the Gentiles through his ministry. When they heard this, they praised God. Then they said to Paul: “You see, brother, how many thousands of Jews have believed, and all of them are zealous for the law. They have been informed that you teach all the Jews who live among the Gentiles to turn away from Moses, telling them not to circumcise their children or live according to our customs. What shall we do? They will certainly hear that you have come, so do what we tell you. There are four men with us who have made a vow. Take these men, join in their purification rites and pay their expenses, so that they can have their heads shaved. Then everyone will know there is no truth in these reports about you, but that you yourself are living in obedience to the law. As for the Gentile believers, we have written to them our decision that they should abstain from food sacrificed to idols, from blood, from the meat of strangled animals and from sexual immorality.” The next day Paul took the men and purified himself along with them. Then he went to the temple to give notice of the date when the days of purification would end and the offering would be made for each of them. When the seven days were nearly over, some Jews from the province of Asia saw Paul at the temple. They stirred up the whole crowd and seized him, shouting, “Fellow Israelites, help us! This is the man who teaches everyone everywhere against our people and our law and this place. And besides, he has brought Greeks into the temple and defiled this holy place.” (They had previously seen Trophimus the Ephesian in the city with Paul and assumed that Paul had brought him into the temple.) The whole city was aroused, and the people came running from all directions. Seizing Paul, they dragged him from the temple, and immediately the gates were shut. While they were trying to kill him, news reached the commander of the Roman troops that the whole city of Jerusalem was in an uproar. He at once took some officers and soldiers and ran down to the crowd. When the rioters saw the commander and his soldiers, they stopped beating Paul. The commander came up and arrested him and ordered him to be bound with two chains. Then he asked who he was and what he had done. Some in the crowd shouted one thing and some another, and since the commander could not get at the truth because of the uproar, he ordered that Paul be taken into the barracks. When Paul reached the steps, the violence of the mob was so great he had to be carried by the soldiers. The crowd that followed kept shouting, “Get rid of him!”

Travay 21:17-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A notre arrivée à Jérusalem, les frères nous accueillirent avec joie. Le lendemain, Paul se rendit avec nous chez Jacques, où tous les responsables de l’Eglise se rassemblèrent aussi. Après les avoir salués, Paul exposa en détail tout ce que Dieu avait accompli par son ministère parmi les non-Juifs. En l’écoutant, ils louaient Dieu, puis ils dirent à Paul : Vois-tu, frère, combien de milliers de Juifs sont devenus croyants, et tous sont très attachés à la Loi de Moïse. Or, ils ont entendu dire que tu enseignes à tous les Juifs disséminés à l’étranger d’abandonner les prescriptions de Moïse en leur disant de ne plus faire circoncire leurs enfants et, d’une manière générale, de ne plus suivre les coutumes juives. Que faire donc ? Car, naturellement, ils vont apprendre ton arrivée. Eh bien, voici ce que nous te conseillons : nous avons parmi nous quatre hommes qui ont fait un vœu. Prends-les avec toi, participe avec eux à la cérémonie de la purification, et pourvois à leurs dépenses pour qu’ils se fassent raser la tête. Ainsi tout le monde saura que les bruits répandus sur ton compte n’ont aucun fondement, mais qu’au contraire, tu continues toi-même à observer les prescriptions de la Loi. Quant aux non-Juifs devenus croyants, voici les recommandations que nous leur avons données par lettre à la suite de nos délibérations : qu’ils ne mangent ni viande sacrifiée à des idoles, ni sang, ni viande d’animaux étouffés, et qu’ils s’abstiennent de toute inconduite sexuelle. Le lendemain donc, Paul emmena ces hommes et participa avec eux à la cérémonie de la purification. Puis il entra dans la cour du Temple où il déclara à quelle date la période de la purification serait achevée, c’est-à-dire à quel moment on offrirait le sacrifice pour chacun d’eux. La semaine exigée pour la purification allait s’achever, lorsque des Juifs de la province d’Asie virent Paul dans la cour du Temple. Ils ameutèrent toute la foule et se jetèrent sur lui en criant : Israélites ! Au secours ! Le voilà, celui qui ne cesse de prêcher partout et à tout le monde contre notre peuple, contre la Loi de Moïse et contre ce temple ! Et même, à présent, il a introduit des non-Juifs dans l’enceinte sacrée ; il a souillé ce saint lieu ! Ils disaient cela parce qu’ils avaient vu Trophime d’Ephèse en ville avec lui, et ils s’imaginaient que Paul l’avait fait entrer dans la cour intérieure du Temple. L’agitation gagna la ville tout entière et le peuple accourut en foule de toutes parts. On s’empara de Paul et on le traîna hors de la cour du Temple dont on ferma immédiatement les portes. On cherchait à le mettre à mort, quand le commandant de la garnison romaine fut informé que tout Jérusalem était en effervescence. Aussitôt, il rassembla des soldats avec leurs officiers et se précipita vers la foule. Dès qu’on aperçut le commandant et les soldats, on cessa de battre Paul. Alors le commandant s’approcha, fit saisir Paul et donna ordre de le lier avec une double chaîne, puis il demanda qui il était et ce qu’il avait fait. Mais dans la foule, les uns criaient une chose, les autres une autre, et le commandant ne put rien savoir de sûr de ce tumulte. Alors il ordonna de conduire Paul à la forteresse. Quand Paul commença à gravir les marches de l’escalier, les soldats, devant la violence de la foule, se virent obligés de le porter à bras-le-corps. En effet, tout le peuple le suivait en hurlant : A mort !