Travay 20:3-38

Travay 20:3-38 1998 Haïtienne (HAT98)

Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò. Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi. Yo tout te pran devan, y'al tann nou Twoas. Nou menm, apre fèt Pen San Ledven yo, nou anbake pou lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twowas. Nou rete pase yon senmenn la. Premye jou nan senmenn lan, nan aswè, nou te reyini pou nou manje ansanm. Pòl t'ap pale ak moun ki te rasanble yo. Li te gen pou li pati bonè denmen maten. Li te minwi, li t'ap pale toujou. Nou te rasanble anlè nan chanmòt la. Te gen anpil lanp limen. Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesay Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l epi l dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li sòti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l, li te mouri frèt. Pòl desann, li bese sou li, li pran l nan bra l, epi li di: — Nou pa bezwen pè, li pa mouri. Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati. Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun. Nou pran devan, n'al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l konsa, li te fè lide ale Asòs apye. Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò a, epi n'ale Mitilèn. Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chyo. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè. Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l pat pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la. Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesay lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li. Lè yo rive, li di yo: — Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m nan Lazi. Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo. Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Senyè Jezi. Kounyeya mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m ale. Mwen pa konnen sa k pral rive m la a. Yon sèl bagay mwen konnen: Nan chak vil kote mwen pase, Sentespri avèti m' se prizon ak anpil soufrans k'ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an. Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, kounyeya, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m ankò. Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab. Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen. Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a. Mwen konnen tou, apre m fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap sòti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen. Kounyeya m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li. Mwen pa janm pote lanvi sou lajan pesonn, ni sou lò yo, ni sou rad pyès moun. Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m pou m te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè. Yo ttout t'ap kriye, yo tout tonbe nan kou Pòl, epi yo t'ap di li orevwa. Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l ankò. Apre sa, yo kondi l mennen jouk sou batiman an.

Travay 20:3-38 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Paul y reste trois mois. Au moment de prendre le bateau pour la Syrie, il apprend que des Juifs veulent lui faire du mal. Alors il décide de retourner par la Macédoine. Voici ceux qui l’accompagnent : Sopater, le fils de Pyrus, originaire de Bérée, Aristarque et Secundus, de Thessalonique, Gaïus, de Derbé, et Timothée, Tychique et Trophime de la province d’Asie. Ce groupe est parti avant nous, il nous attend à Troas et nous, nous prenons le bateau au port de Philippes, après la fête des Pains sans levain. Cinq jours plus tard, nous retrouvons le groupe à Troas et nous y restons une semaine. Le samedi soir, nous sommes réunis pour partager le pain . Paul prend la parole devant les frères et les sœurs chrétiens. Puisqu’il doit partir le jour suivant, il continue à parler jusqu’à minuit. Nous sommes réunis dans la pièce qui est en haut de la maison. Là, il y a beaucoup de lampes allumées. Un jeune homme, appelé Eutyque, est assis sur le bord de la fenêtre. Paul continue à parler longtemps. Eutyque s’endort profondément. Pris par le sommeil, il tombe du troisième étage et, quand on veut le relever, il est déjà mort. Alors Paul descend, il se penche sur lui et le prend dans ses bras en disant : « Ne soyez pas inquiets, il est vivant ! » Ensuite Paul remonte, il partage le pain et mange. Il parle encore longtemps jusqu’au lever du soleil, puis il s’en va. Après cela, on emmène le garçon bien vivant, et tous sont vraiment consolés. Nous partons les premiers en bateau pour aller à Assos et là, nous prendrons Paul avec nous. En effet, il avait décidé d’y aller par la route. Paul nous retrouve à Assos, nous le prenons sur le bateau et nous allons à Mitylène. De là, nous repartons en bateau et nous arrivons le lendemain devant Kio. Le jour suivant, nous arrivons à Samos et le jour d’après à Milet. En effet, Paul a décidé de passer devant Éphèse sans s’arrêter, il ne veut pas perdre de temps dans la province d’Asie. Il est pressé parce qu’il veut être à Jérusalem le jour de la Pentecôte , si possible. De Milet, Paul envoie des gens à Éphèse pour faire venir les anciens de l’Église. Quand ils sont auprès de lui, Paul leur dit : « Vous savez comment j’ai vécu avec vous, depuis le premier jour où je suis arrivé dans la province d’Asie. J’ai servi le Seigneur sans orgueil, en pleurant et en souffrant parce que certains Juifs me voulaient du mal. Tout ce qui pouvait vous être utile, je vous l’ai dit. Devant tout le monde et dans vos maisons, je vous ai annoncé la parole de Dieu, je vous l’ai enseignée. J’ai appelé les Juifs et aussi les non-Juifs à se tourner vers Dieu et à croire en notre Seigneur Jésus, et maintenant, je vais à Jérusalem. C’est l’Esprit Saint qui m’oblige à faire cela. Je ne sais pas ce qui va m’arriver là-bas. Mais en tout cas, dans chaque ville, l’Esprit Saint me dit que je vais souffrir et aller en prison. Pour moi, ma vie ne compte pas. Ce que je veux, c’est aller jusqu’au bout de ma mission. Je veux faire tout ce que le Seigneur Jésus m’a demandé, c’est-à-dire rendre témoignage à la Bonne Nouvelle de l’amour de Dieu. « Je suis passé parmi vous tous en annonçant le Royaume de Dieu, et maintenant, je le sais, vous ne verrez plus mon visage. C’est pourquoi, aujourd’hui, je vous le dis avec force : j’ai fait ce que j’ai pu pour vous tous. Si, plus tard, vous ne tenez pas compte de mon enseignement, je n’en suis pas responsable. En effet, je vous ai annoncé tout ce que Dieu avait décidé, je n’ai rien caché. Faites bien attention à vous-mêmes et à tout le troupeau que l’Esprit Saint vous a donné à garder. Prenez soin de l’Église de Dieu. Il a donné son sang pour la sauver. Après mon départ, je le sais, des gens pareils à des bêtes féroces viendront parmi vous et feront du mal au troupeau. Et même parmi vous, certains se mettront à dire des mensonges et ils entraîneront les disciples derrière eux. Restez donc éveillés ! Et rappelez-vous : pendant trois ans, nuit et jour, je vous ai sans cesse donné des conseils à chacun jusqu’à en pleurer. « Maintenant, je vous confie à Dieu et à sa parole d’amour. Cette parole a le pouvoir de construire votre communauté. Par elle aussi, Dieu peut donner les bienfaits qu’il réserve à ceux qui lui appartiennent. Je n’ai désiré ni l’argent, ni l’or, ni les vêtements de personne. Vous le savez vous-mêmes : j’ai travaillé de mes mains pour gagner ma vie et la vie de ceux qui m’accompagnent. Je vous l’ai toujours montré : il faut travailler de cette façon pour aider les pauvres. Et il faut se rappeler ce que le Seigneur Jésus lui-même a dit : “Il y a plus de bonheur à donner qu’à recevoir.” » Quand Paul a fini de parler, il se met à genoux et prie avec tous. Alors tous se mettent à pleurer, ils se jettent dans les bras de Paul et l’embrassent. Ils sont surtout tristes parce qu’il a dit : « Vous ne verrez plus mon visage. » Ensuite, ils l’accompagnent jusqu’au bateau.

Travay 20:3-38 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn. Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi. Tout ekip sa a te pran devan, y al tann Pòl nan vil Twoas. Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la. Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan. Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt. Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.” Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale. Kwayan yo menm mennen Etikis lakay li byen vivan. Se te yon gwo ankourajman pou tout moun. Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye. Lè Pòl rankontre nou nan Asòs, nou pran l nan bato a epi nou pati ale Mitilèn ansanm. Nan landmen, nou kite Mitilèn epi nou pati ale yon kote ki toupre zile Chyo. Yon jou apre, nou pati pou Samòs, epi nan landmen nou rive Milè. Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib. Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l. Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an. Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou. Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la. Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan. Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen. Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a tankou bèje pran swen twoupo, yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li. M konnen apre m fin ale, ap gen moun k ap vin antre nan mitan nou pou kraze legliz la tankou chyen mawon fè twoupo mouton. Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo. Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit. Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo. Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn. Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a. M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.” Lè Pòl fin di tout bagay sa yo, li met ajenou epi li menm ak lidè yo priye ansanm. Tout lidè yo te tonbe kriye. Yo bay Pòl akolad, epi yo bo l. Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.

Travay 20:3-38 New International Version (NIV)

where he stayed three months. Because some Jews had plotted against him just as he was about to sail for Syria, he decided to go back through Macedonia. He was accompanied by Sopater son of Pyrrhus from Berea, Aristarchus and Secundus from Thessalonica, Gaius from Derbe, Timothy also, and Tychicus and Trophimus from the province of Asia. These men went on ahead and waited for us at Troas. But we sailed from Philippi after the Festival of Unleavened Bread, and five days later joined the others at Troas, where we stayed seven days. On the first day of the week we came together to break bread. Paul spoke to the people and, because he intended to leave the next day, kept on talking until midnight. There were many lamps in the upstairs room where we were meeting. Seated in a window was a young man named Eutychus, who was sinking into a deep sleep as Paul talked on and on. When he was sound asleep, he fell to the ground from the third story and was picked up dead. Paul went down, threw himself on the young man and put his arms around him. “Don’t be alarmed,” he said. “He’s alive!” Then he went upstairs again and broke bread and ate. After talking until daylight, he left. The people took the young man home alive and were greatly comforted. We went on ahead to the ship and sailed for Assos, where we were going to take Paul aboard. He had made this arrangement because he was going there on foot. When he met us at Assos, we took him aboard and went on to Mitylene. The next day we set sail from there and arrived off Chios. The day after that we crossed over to Samos, and on the following day arrived at Miletus. Paul had decided to sail past Ephesus to avoid spending time in the province of Asia, for he was in a hurry to reach Jerusalem, if possible, by the day of Pentecost. From Miletus, Paul sent to Ephesus for the elders of the church. When they arrived, he said to them: “You know how I lived the whole time I was with you, from the first day I came into the province of Asia. I served the Lord with great humility and with tears and in the midst of severe testing by the plots of my Jewish opponents. You know that I have not hesitated to preach anything that would be helpful to you but have taught you publicly and from house to house. I have declared to both Jews and Greeks that they must turn to God in repentance and have faith in our Lord Jesus. “And now, compelled by the Spirit, I am going to Jerusalem, not knowing what will happen to me there. I only know that in every city the Holy Spirit warns me that prison and hardships are facing me. However, I consider my life worth nothing to me; my only aim is to finish the race and complete the task the Lord Jesus has given me—the task of testifying to the good news of God’s grace. “Now I know that none of you among whom I have gone about preaching the kingdom will ever see me again. Therefore, I declare to you today that I am innocent of the blood of any of you. For I have not hesitated to proclaim to you the whole will of God. Keep watch over yourselves and all the flock of which the Holy Spirit has made you overseers. Be shepherds of the church of God, which he bought with his own blood. I know that after I leave, savage wolves will come in among you and will not spare the flock. Even from your own number men will arise and distort the truth in order to draw away disciples after them. So be on your guard! Remember that for three years I never stopped warning each of you night and day with tears. “Now I commit you to God and to the word of his grace, which can build you up and give you an inheritance among all those who are sanctified. I have not coveted anyone’s silver or gold or clothing. You yourselves know that these hands of mine have supplied my own needs and the needs of my companions. In everything I did, I showed you that by this kind of hard work we must help the weak, remembering the words the Lord Jesus himself said: ‘It is more blessed to give than to receive.’ ” When Paul had finished speaking, he knelt down with all of them and prayed. They all wept as they embraced him and kissed him. What grieved them most was his statement that they would never see his face again. Then they accompanied him to the ship.

Travay 20:3-38 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

où il demeura trois mois. Au moment où il allait s’embarquer pour la Syrie, il apprit que les Juifs avaient formé un complot contre lui. Il décida alors de repasser par la Macédoine. Ses compagnons étaient Sopater, fils de Pyrrhus, originaire de Bérée, Aristarque et Secondus de Thessalonique, Gaïus, de Derbé, Timothée, et enfin Tychique et Trophime de la province d’Asie. Ils prirent les devants pour aller nous attendre à Troas. Quant à nous, nous nous sommes embarqués à Philippes après la fête des Pains sans levain et, après une traversée de cinq jours, nous les avons rejoints à Troas où nous avons passé une semaine. Le dimanche, nous étions réunis pour rompre le pain. Comme il devait partir le lendemain, Paul s’entretenait avec les assistants et prolongea son discours jusque vers minuit. Nous étions réunis à l’étage supérieur de la maison, éclairé par de nombreuses lampes. Un jeune homme nommé Eutychus s’était assis sur le rebord de la fenêtre et, comme Paul prolongeait encore l’entretien, il s’endormit profondément. Soudain, dans son sommeil, il perdit l’équilibre et tomba du troisième étage. Quand on le releva, il était mort. Paul descendit, se pencha vers lui, le prit dans ses bras et dit : Ne vous inquiétez pas ! Il est encore en vie. Il remonta, rompit le pain, mangea, et continua de parler jusqu’au point du jour. Puis il partit. Quant au jeune homme, il fut ramené chez lui indemne, au grand réconfort de tous. Pour nous, nous avons pris les devants, et nous nous sommes embarqués sur un bateau qui nous a amenés à Assos, où nous devions prendre Paul, conformément à ce qu’il avait décidé. Car il voulait faire la route à pied jusque-là. Quand il nous eut rejoints à Assos, nous avons repris la mer ensemble. Après une escale à Mytilène, nous avons passé le lendemain au large de Chio. Le jour suivant, nous jetions l’ancre à Samos et, un jour plus tard, nous abordions à Milet. Paul avait, en effet, décidé de dépasser Ephèse sans s’y arrêter pour ne pas risquer de s’attarder dans la province d’Asie. Il se hâtait pour être à Jérusalem, si possible, le jour de la Pentecôte. Pendant l’escale à Milet, il envoya quelqu’un à Ephèse pour demander aux responsables de l’Eglise de venir le rejoindre. Quand ils furent arrivés auprès de lui, il leur dit : Vous savez comment je me suis comporté pendant tout le temps que j’ai passé parmi vous, depuis le jour de mon arrivée dans la province d’Asie. J’ai servi le Seigneur en toute humilité, avec des larmes, au milieu d’épreuves suscitées par les complots des Juifs. Vous savez aussi que, sans rien vous cacher, je vous ai annoncé et enseigné tout ce qui pouvait vous être utile, soit publiquement, soit dans vos maisons. Sans cesse, j’ai appelé Juifs et Grecs à se tourner vers Dieu et à croire en Jésus, notre Seigneur. Et maintenant, me voici en route pour Jérusalem. L’Esprit m’y oblige, mais j’ignore ce qui m’y arrivera. Tout ce que je sais, c’est que le Saint-Esprit m’avertit de ville en ville que je dois m’attendre à être emprisonné et à connaître bien des souffrances. Ma vie m’importe peu, je ne lui accorde aucun prix ; mon but c’est d’aller jusqu’au bout de ma course et d’accomplir pleinement le service que le Seigneur Jésus m’a confié c’est-à-dire de proclamer l’Evangile, ce message de la grâce de Dieu. Et maintenant, je le sais : vous tous, au milieu de qui j’ai passé en prêchant le royaume de Dieu, vous ne me reverrez plus. C’est pourquoi je vous le déclare solennellement aujourd’hui : je suis dégagé de toute responsabilité à votre égard, car je vous ai annoncé tout le plan de Dieu, sans rien passer sous silence. Veillez donc sur vous-mêmes et sur tout le troupeau de l’Eglise que le Saint-Esprit a confié à votre garde. Comme le berger le fait de son troupeau, prenez soin de l’Eglise de Dieu qu’il s’est acquise par son sacrifice. Je le sais : quand je ne serai plus là, des loups féroces se glisseront parmi vous, et ils seront sans pitié pour le troupeau. De vos propres rangs surgiront des hommes qui emploieront un langage mensonger pour se faire des disciples. Soyez donc vigilants ! Rappelez-vous que, pendant trois années, la nuit comme le jour, je n’ai cessé de vous conseiller un à un, et parfois même avec larmes. Et maintenant il ne me reste plus qu’à vous confier à Dieu et à sa Parole de grâce. Il a le pouvoir de vous faire grandir dans la foi et de vous assurer l’héritage qu’il vous réserve avec tous les membres de son peuple saint. Je n’ai désiré ni l’argent, ni l’or, ni les vêtements de personne. Regardez mes mains : ce sont elles, vous le savez bien, qui ont pourvu à mes besoins et à ceux de mes compagnons. Je vous ai montré partout et toujours qu’il faut travailler ainsi pour aider les pauvres. Souvenons-nous de ce que le Seigneur Jésus lui-même a dit : « Il y a plus de bonheur à donner qu’à recevoir. » Après avoir ainsi parlé, Paul se mit à genoux et pria avec eux. Tous, alors, éclatèrent en sanglots et ils se jetaient au cou de Paul pour l’embrasser. Ce qui les affligeait surtout, c’était de l’avoir entendu dire qu’ils ne le reverraient plus. Puis ils l’accompagnèrent jusqu’au bateau.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an