Travay 19:11-20
Travay 19:11-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Bondye te sèvi ak Pòl pou l te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l, yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: — Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd sòti. (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) Men move lespri a reponn yo: — Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri sòti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Senyè Jezi a. Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkanntmil (250.000) goud antou. Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.
Travay 19:11-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Dieu fait des actions extraordinaires par l’intermédiaire de Paul. Alors on apporte aux malades des linges et des mouchoirs qui ont touché son corps. Les malades sont débarrassés de leurs maladies et les esprits mauvais s’en vont. Il y a aussi certains Juifs qui vont d’un endroit à un autre. Ils essaient de chasser les esprits mauvais des malades en prononçant le nom du Seigneur Jésus. Ils disent : « Au nom de ce Jésus que Paul annonce, sortez ! C’est un ordre ! » Un grand-prêtre juif, Skéva, a sept fils qui font justement cela. Mais l’esprit mauvais leur répond : « Jésus, je le connais, et Paul, je sais qui il est. Mais vous, qui êtes-vous ? » Et l’homme qui a l’esprit mauvais en lui attaque les fils de Skéva. Il est plus fort qu’eux et il leur fait beaucoup de mal. Alors ils sortent de sa maison en courant, ils sont nus et blessés. Tous les habitants d’Éphèse, les Juifs et les non-Juifs, apprennent cela. Ils sont tous pleins de respect et disent : « Le nom du Seigneur Jésus est grand ! » Beaucoup de gens deviennent croyants et viennent avouer à haute voix ce qu’ils ont fait. Parmi ceux qui pratiquaient la magie, beaucoup apportent leurs livres et les brûlent devant tout le monde. On calcule le prix de ces livres et on trouve que cela fait 50 000 pièces d’argent . Ainsi, par la puissance du Seigneur, la parole de Dieu est de plus en plus connue et de plus en plus solide.
Travay 19:11-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo. Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a. Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?” Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni. Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan konsa. Se kon sa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.
Travay 19:11-20 New International Version (NIV)
God did extraordinary miracles through Paul, so that even handkerchiefs and aprons that had touched him were taken to the sick, and their illnesses were cured and the evil spirits left them. Some Jews who went around driving out evil spirits tried to invoke the name of the Lord Jesus over those who were demon-possessed. They would say, “In the name of the Jesus whom Paul preaches, I command you to come out.” Seven sons of Sceva, a Jewish chief priest, were doing this. One day the evil spirit answered them, “Jesus I know, and Paul I know about, but who are you?” Then the man who had the evil spirit jumped on them and overpowered them all. He gave them such a beating that they ran out of the house naked and bleeding. When this became known to the Jews and Greeks living in Ephesus, they were all seized with fear, and the name of the Lord Jesus was held in high honor. Many of those who believed now came and openly confessed what they had done. A number who had practiced sorcery brought their scrolls together and burned them publicly. When they calculated the value of the scrolls, the total came to fifty thousand drachmas. In this way the word of the Lord spread widely and grew in power.
Travay 19:11-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Dieu faisait des miracles extraordinaires par les mains de Paul. On allait jusqu’à prendre des mouchoirs ou du linge qu’il avait touchés pour les appliquer aux malades. Ceux-ci guérissaient et les mauvais esprits s’enfuyaient. Quelques Juifs, qui allaient de lieu en lieu pour chasser les démons, voulurent alors invoquer, eux aussi, le nom du Seigneur Jésus sur ceux qui étaient sous l’emprise d’esprits mauvais. – Par le nom de ce Jésus que Paul annonce, disaient-ils, je vous ordonne de sortir. Ceux qui agissaient ainsi étaient les sept fils d’un certain Scéva, un chef des prêtres juifs. Mais l’esprit mauvais leur répondit : Jésus ? Je le connais. Paul, je sais qui c’est. Mais vous, qui êtes-vous ? Là-dessus, l’homme qui avait en lui le mauvais esprit se jeta sur eux, les maîtrisa et les malmena avec une telle violence qu’ils s’enfuirent de la maison, les vêtements en lambeaux, et couverts de blessures. Cet incident fut connu de tous les habitants d’Ephèse. Juifs et Grecs furent tous saisis de crainte, et le nom du Seigneur Jésus fut l’objet d’un grand respect. Beaucoup de ceux qui étaient devenus croyants venaient avouer et déclarer publiquement les pratiques auxquelles ils s’étaient livrés. Et beaucoup de ceux qui avaient exercé la magie apportèrent leurs livres de sorcellerie, les mirent en tas et les firent brûler aux yeux de tous. Leur valeur fut estimée à cinquante mille pièces d’argent. C’est ainsi que la Parole du Seigneur se répandait de plus en plus, grâce à la puissance du Seigneur.