Travay 18:23-28
Travay 18:23-28 1998 Haïtienne (HAT98)
Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye. Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo. Yo te moutre l chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen. Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l, yo pran l avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi kòrèk. Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou. Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.
Travay 18:23-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Il reste un certain temps dans cette ville puis il repart. Il traverse la Galatie et la Phrygie et il encourage tous les disciples. Un Juif, né à Alexandrie, arrive à Éphèse. Son nom est Apollos. Il parle bien et connaît parfaitement les Livres Saints. On lui a appris à suivre le chemin du Seigneur. Avec beaucoup d’ardeur, il annonce et enseigne exactement la Bonne Nouvelle de Jésus, mais il connaît seulement le baptême de Jean. Il se met donc à parler avec assurance dans la maison de prière des Juifs. Quand Priscille et Aquilas l’entendent, ils le prennent chez eux et lui enseignent plus exactement encore le chemin du Seigneur. Apollos veut aller en Akaïe . Les chrétiens l’encouragent à partir. Ils écrivent une lettre aux disciples de là-bas, pour leur dire de bien recevoir Apollos. Quand il arrive, il est très utile aux croyants, parce que Dieu le soutient. En effet, devant tout le monde, il parle si bien que les Juifs ne trouvent rien à lui répondre. Il se sert des Livres Saints pour prouver que Jésus est le Messie.
Travay 18:23-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo. Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou. Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen. Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou. Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye. Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.
Travay 18:23-28 New International Version (NIV)
After spending some time in Antioch, Paul set out from there and traveled from place to place throughout the region of Galatia and Phrygia, strengthening all the disciples. Meanwhile a Jew named Apollos, a native of Alexandria, came to Ephesus. He was a learned man, with a thorough knowledge of the Scriptures. He had been instructed in the way of the Lord, and he spoke with great fervor and taught about Jesus accurately, though he knew only the baptism of John. He began to speak boldly in the synagogue. When Priscilla and Aquila heard him, they invited him to their home and explained to him the way of God more adequately. When Apollos wanted to go to Achaia, the brothers and sisters encouraged him and wrote to the disciples there to welcome him. When he arrived, he was a great help to those who by grace had believed. For he vigorously refuted his Jewish opponents in public debate, proving from the Scriptures that Jesus was the Messiah.
Travay 18:23-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après y avoir passé un certain temps, il repartit et parcourut de lieu en lieu la région galate de la Phrygie, en affermissant tous les disciples dans la foi. Un Juif nommé Apollos, originaire d’Alexandrie, était arrivé à Ephèse. C’était un homme très éloquent, qui connaissait très bien les Ecritures. Il avait été instruit de la Voie du Seigneur et parlait avec enthousiasme de Jésus. L’enseignement qu’il apportait sur lui était d’une grande exactitude. Mais il ne connaissait que le baptême de Jean. Il se mit donc à parler avec assurance dans la synagogue. Quand Priscille et Aquilas l’eurent entendu, ils le prirent avec eux et lui expliquèrent plus précisément la Voie de Dieu. Comme il avait l’intention de se rendre en Achaïe, les frères l’y encouragèrent vivement et écrivirent aux disciples de Corinthe de lui faire bon accueil. Dès son arrivée là-bas, il fut, par la grâce de Dieu, d’un grand secours pour les croyants, car il réfutait avec vigueur, en public, les arguments des Juifs, et démontrait par les Ecritures que Jésus est le Messie.