Travay 16:6-15

Travay 16:6-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Sentespri pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pat pèmèt yo fè sa. Yo pase nan Mizi san rete, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi anpeche yo. Yo desann lavil Twowas. Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te sòti peyi Masedouàn kanpe devan l ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedouàn, vin pote nou sekou. Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n'ale peyi Masedouàn. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n te al pote bòn nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a. Nou pran batiman Twowas, nou fè vwal tou dwat pou zile Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neyapolis. Antan nou la, n'al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedouàn lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a. Jou repo a, nou sòti, n'al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo. Yonn ladan yo te rele Lidi. Li te moun Tiyati, yon machann bèl twal wouj gwo pri. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Senyè a louvri lespri li pou li te swiv tout sa Pòl t'ap di. Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Travay 16:6-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

L’Esprit Saint empêche Paul et Silas d’annoncer la parole de Dieu dans la province d’Asie. Alors ils traversent la Phrygie et la Galatie, ils arrivent près de la Mysie et essaient d’aller en Bithynie. Mais l’Esprit de Jésus ne leur permet pas d’y aller. C’est pourquoi ils traversent la Mysie et vont au port de Troas. Une nuit, Paul voit en rêve un homme de Macédoine qui est debout. Il demande à Paul avec force : « Passe en Macédoine et viens nous aider ! » Tout de suite après cela, nous cherchons à aller en Macédoine. Nous sommes sûrs que Dieu nous appelle à annoncer la Bonne Nouvelle là-bas. Nous prenons le bateau à Troas et nous allons directement vers l’île de Samothrace. Le jour suivant, nous partons pour Néapolis et, de là, nous allons à Philippes. C’est la ville la plus importante de la région de Macédoine et c’est une colonie romaine. Nous restons là quelque temps. Le jour du sabbat, nous sortons de la ville pour aller près d’une rivière. En effet, nous pensons : « Là, il y a sûrement un lieu de prière pour les Juifs. » Nous nous asseyons et nous parlons avec les femmes qui sont réunies à cet endroit. L’une d’elles s’appelle Lydie, elle est née à Thyatire. C’est une marchande de très beaux tissus rouges et elle adore Dieu. Cette femme nous écoute, et le Seigneur ouvre son cœur pour qu’elle soit attentive aux paroles de Paul. Elle reçoit le baptême avec toute sa famille puis elle nous invite en disant : « Si vous pensez que je crois vraiment au Seigneur, venez habiter chez moi ! » Et elle nous oblige à accepter.

Travay 16:6-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a. Lè yo rive devan lavil Mizi, yo te gen entansyon ale nan Bitini; men, Lespri Jezikris a pa t pèmèt yo ale la. Konsa, yo pase nan wout ki travèse vil Mizi a, yo desann nan vil Twoas. Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!” Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a. Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis. Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la. Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la. Youn nan medam yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tyati. Lidi se te yon machann ki vann bèl rad koulè mov. Li te konn adore Bondye. Li t ap koute Pòl avèk anpil atansyon. Senyè a louvri kè Lidi pou l te ka aksepte pawòl Pòl t ap anonse yo. Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.

Travay 16:6-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ils traversèrent la Galatie phrygienne parce que le Saint-Esprit les avait empêchés d’annoncer la Parole dans la province d’Asie. Parvenus près de la Mysie, ils se proposaient d’aller en Bithynie ; mais, là encore, l’Esprit de Jésus s’opposa à leur projet. Ils traversèrent donc la Mysie et descendirent au port de Troas. Là, Paul eut une vision au cours de la nuit : un Macédonien se tenait devant lui et le suppliait : Viens en Macédoine et secours-nous ! A la suite de cette vision de Paul, nous avons aussitôt cherché à nous rendre en Macédoine, car nous avions la certitude que Dieu lui-même nous appelait à y annoncer l’Evangile. Nous nous sommes embarqués à Troas et nous avons mis directement le cap sur l’île de Samothrace. Le lendemain, nous avons atteint Néapolis. De là, nous sommes allés jusqu’à la colonie romaine de Philippes, ville du premier district de Macédoine. Nous avons passé plusieurs jours dans cette ville. Le jour du sabbat, nous nous sommes rendus hors de l’enceinte de la cité, au bord d’une rivière où nous supposions que les Juifs se réunissaient d’habitude pour la prière. Quelques femmes étaient rassemblées là. Nous nous sommes assis avec elles et nous leur avons parlé. Il y avait parmi elles une marchande d’étoffes de pourpre, nommée Lydie, originaire de la ville de Thyatire, une non-Juive qui adorait Dieu. Elle écoutait, et le Seigneur ouvrit son cœur, de sorte qu’elle fut attentive à ce que disait Paul. Elle fut baptisée avec sa famille et ceux qui en dépendaient, puis elle nous invita en disant : Puisque vous avez jugé que j’ai foi au Seigneur, venez loger chez moi. Et, avec insistance, elle nous pressa d’accepter.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an