Travay 10:1-3
Travay 10:1-3 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: — Kònèy!
Travay 10:1-3 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
À Césarée, il y a un homme appelé Corneille. Il est officier dans le régiment romain appelé « régiment italien ». Avec toute sa famille, il adore Dieu fidèlement. Il aide beaucoup les pauvres du peuple juif et prie Dieu régulièrement. Un jour, vers trois heures de l’après-midi, un ange de Dieu se montre à lui, Corneille le voit clairement. L’ange entre chez lui et lui dit : « Corneille ! »
Travay 10:1-3 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali. Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan. Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”
Travay 10:1-3 New International Version (NIV)
At Caesarea there was a man named Cornelius, a centurion in what was known as the Italian Regiment. He and all his family were devout and God-fearing; he gave generously to those in need and prayed to God regularly. One day at about three in the afternoon he had a vision. He distinctly saw an angel of God, who came to him and said, “Cornelius!”
Travay 10:1-3 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A Césarée vivait un officier romain nommé Corneille qui avait un poste de commandement dans la cohorte appelée « l’Italique ». Il était pieux et craignait Dieu, avec tous les gens de sa maison. Il était généreux envers les pauvres du peuple et priait Dieu en tout temps. Un jour, vers trois heures de l’après-midi, il eut une vision : il vit distinctement un ange de Dieu qui entrait chez lui et qui lui dit : Corneille !