3 Jan 1:1-15

3 Jan 1:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an. Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou. Mwen pat manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a. Pa gen anyen ki pou fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a. Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l byen. Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l la. Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye. Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a. Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Dyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m di a. Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l, li menm chache mete yo deyò nan legliz la. Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pat janm wè Bondye. Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou mesye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite. Mwen gen anpil bagay pou m ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank. Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo yon bonjou apa pou mwen.

3 Jan 1:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, l’ancien, j’écris à Gaïus, cet ami très cher que j’aime vraiment. Ami très cher, je souhaite que tu te portes bien à tous points de vue. Ta vie chrétienne est bonne, je souhaite que ta santé soit aussi bonne. J’ai été très heureux quand des frères sont arrivés. En effet, ils ont rendu témoignage à la vérité qui est en toi : oui, tu vis dans la vérité. Ma plus grande joie, c’est d’apprendre que mes enfants vivent dans la vérité. Ami très cher, tu prends soin des chrétiens, et pourtant, ce sont des étrangers. Quand tu fais cela, tu agis comme un croyant. Devant la communauté, ils ont rendu témoignage à ton amour. Aide-les dans leur voyage d’une façon qui plaise à Dieu. En effet, c’est pour le nom du Christ qu’ils ont pris la route, et ils n’ont rien demandé à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Alors nous, nous devons aider ces frères et ces sœurs, pour travailler avec eux au service de la vérité. J’ai écrit une petite lettre à la communauté, mais Diotrèphe, qui aime passer devant les autres, n’accepte pas notre autorité. C’est pourquoi, quand je viendrai, je parlerai de ce qu’il fait, de tout le mal qu’il dit contre nous. Et cela ne lui suffit pas : il refuse de recevoir les autres chrétiens. Et quand certains veulent les recevoir, il les empêche de le faire et il les chasse de la communauté. Ami très cher, n’imite pas ce qui est mal, mais imite ce qui est bien. Celui qui fait le bien appartient à Dieu, celui qui fait le mal ne connaît pas Dieu. Tout le monde rend un bon témoignage à Démétrius, la vérité elle-même parle pour lui. Nous aussi, nous lui rendons témoignage, et tu sais que notre témoignage est vrai. J’ai beaucoup de choses à te dire, mais je ne veux pas le faire avec une plume et de l’encre. J’espère te revoir bientôt, et nous parlerons face à face. Que la paix soit avec toi ! Les amis d’ici te saluent. Salue aussi les amis de là-bas, chacun en particulier.

3 Jan 1:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se mwen menm, Ansyen an, k ap salye w, Gayis, zanmi byeneme m nan. Mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou, menm jan nanm ou gen bon sante a. Sa fè m kontan anpil lè kèk frè kretyen te vizite m epi yo te di m ou ap kenbe fèm nan verite a. Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a. Byeneme, se yon bon bagay pou nou kontinye ede kwayan yo, menm si se moun ou pa menm konnen. Yo temwanye devan legliz la kijan nou genyen lanmou. Tanpri ede frè yo kontinye vwayaj la yon fason ki fè lwanj pou Bondye. Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo. Se poutèt sa, nou ta dwe resevwa moun konsa. Lè sa a, nou vin kolaboratè avèk yo nan travay y ap fè pou verite a. Mwen te ekri legliz la yon lèt. Men, Dyotrèf ki pran tèt pou yon lidè, li refize resevwa l. Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la. Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye. Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a. Mwen genyen anpil bagay pou m ta ekri voye ban nou. Men m pa vle ekri yo ak plim epi ak lank. M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas. M ap priye Bondye pou li ban nou kè poze. Zanmi yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo endividyèlman mwen voye salye yo.

3 Jan 1:1-15 New International Version (NIV)

The elder, To my dear friend Gaius, whom I love in the truth. Dear friend, I pray that you may enjoy good health and that all may go well with you, even as your soul is getting along well. It gave me great joy when some believers came and testified about your faithfulness to the truth, telling how you continue to walk in it. I have no greater joy than to hear that my children are walking in the truth. Dear friend, you are faithful in what you are doing for the brothers and sisters, even though they are strangers to you. They have told the church about your love. Please send them on their way in a manner that honors God. It was for the sake of the Name that they went out, receiving no help from the pagans. We ought therefore to show hospitality to such people so that we may work together for the truth. I wrote to the church, but Diotrephes, who loves to be first, will not welcome us. So when I come, I will call attention to what he is doing, spreading malicious nonsense about us. Not satisfied with that, he even refuses to welcome other believers. He also stops those who want to do so and puts them out of the church. Dear friend, do not imitate what is evil but what is good. Anyone who does what is good is from God. Anyone who does what is evil has not seen God. Demetrius is well spoken of by everyone—and even by the truth itself. We also speak well of him, and you know that our testimony is true. I have much to write you, but I do not want to do so with pen and ink. I hope to see you soon, and we will talk face to face. Peace to you. The friends here send their greetings. Greet the friends there by name.

3 Jan 1:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

L’Ancien, à mon bien cher Gaïus que j’aime dans la vérité. Cher ami, je souhaite que tu prospères à tous égards et que tu sois en aussi bonne santé physique que tu l’es spirituellement. Je me suis beaucoup réjoui lorsque des frères sont venus de chez toi et m’ont rendu ce témoignage : tu demeures attaché à la vérité et tu vis selon cette vérité. Je n’ai pas de plus grande joie que d’apprendre que mes enfants vivent selon la vérité. Cher ami, tu agis avec fidélité dans ce que tu accomplis pour les frères qui, de plus, sont des étrangers pour toi. Ils ont rendu témoignage à ton amour devant l’Eglise. Tu agiras bien si tu pourvois à la suite de leur voyage d’une façon qui plaît à Dieu. En effet, c’est pour proclamer Christ qu’ils sont partis sans rien accepter de la part des non-croyants. C’est donc notre devoir d’accueillir de tels hommes. Ainsi nous collaborerons à ce qu’ils font pour la vérité. J’ai écrit quelques mots à l’Eglise, mais Diotrèphe, qui veut être le chef parmi eux, ne tient aucun compte de nous. Aussi, quand je viendrai, je rendrai les autres attentifs à sa manière d’agir : il tient de méchants propos contre nous, et, non content de cela, il refuse de recevoir les frères de passage. En plus, ceux qui seraient désireux de les accueillir, il les en empêche et les chasse de l’Eglise. Cher ami, n’imite pas le mal, mais le bien. Celui qui fait le bien est de Dieu ; celui qui commet le mal ne sait rien de Dieu. Quant à Démétrius, tout le monde n’en dit que du bien, et la vérité elle-même témoigne en sa faveur. Nous lui rendons nous aussi un témoignage positif et tu sais que notre témoignage est vrai. J’aurais bien des choses à t’écrire, mais je ne veux pas les confier à l’encre et à la plume. J’espère te voir bientôt et alors nous nous entretiendrons de vive voix. Que la paix soit avec toi. Les amis te saluent. Salue nos amis, chacun personnellement.

3 Jan 1:1-15

3 Jan 1:1-15 HAT983 Jan 1:1-15 HAT98