2 Timote 3:1-9
2 Timote 3:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'ap pito zanmi plezi pase yo zanmi Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm. Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo. Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a. Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li. Men, yo p'ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.
2 Timote 3:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Tu dois le savoir : dans les derniers jours, il y aura des moments difficiles. Les gens seront égoïstes, amis de l’argent. Ils se vanteront, ils seront orgueilleux, ils insulteront Dieu. Ils désobéiront à leurs parents, ils ne seront plus capables de dire merci. Ils ne respecteront plus les choses de Dieu. Ils seront durs, sans pitié, ils diront du mal des autres. Ils mèneront une vie de désordre, ils seront cruels, ennemis du bien. Ils trahiront les autres, ils seront violents. L’orgueil les rendra aveugles. Ils aimeront le plaisir au lieu d’aimer Dieu. Ils feront semblant d’être fidèles à Dieu, mais en réalité, ils rejetteront la puissance de la foi. Tourne le dos à ces gens-là. Certains d’entre eux ont l’habitude d’aller dans les maisons. Et ils prennent dans leurs pièges des femmes faibles, chargées de péchés, qui n’ont pas une foi solide. Ces femmes sont entraînées par toutes sortes de désirs. Elles sont toujours en train d’apprendre, mais elles ne peuvent jamais arriver à connaître la vérité. Autrefois, Jannès et Jambrès étaient contre Moïse . De même, ces gens-là sont contre la vérité. Ce sont des hommes qui ont l’intelligence tordue, et leur foi ne vaut rien. Mais ils n’iront pas très loin. En effet, tous verront leurs erreurs, comme autrefois on a vu les erreurs de Jannès et de Jambrès.
2 Timote 3:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil. Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo. Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen. Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye. Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo! Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. Se menm jan ak Janès epi Janbrès nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen. Men se pa moun k ap rive lwen nan sa yo vle fè a. Tout moun ap rive wè se moun ki pa byen nan tèt yo ye, menm jan yo te rive dekouvri kilès Janès ak Janbrès te ye.
2 Timote 3:1-9 New International Version (NIV)
But mark this: There will be terrible times in the last days. People will be lovers of themselves, lovers of money, boastful, proud, abusive, disobedient to their parents, ungrateful, unholy, without love, unforgiving, slanderous, without self-control, brutal, not lovers of the good, treacherous, rash, conceited, lovers of pleasure rather than lovers of God— having a form of godliness but denying its power. Have nothing to do with such people. They are the kind who worm their way into homes and gain control over gullible women, who are loaded down with sins and are swayed by all kinds of evil desires, always learning but never able to come to a knowledge of the truth. Just as Jannes and Jambres opposed Moses, so also these teachers oppose the truth. They are men of depraved minds, who, as far as the faith is concerned, are rejected. But they will not get very far because, as in the case of those men, their folly will be clear to everyone.
2 Timote 3:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Sache bien que dans la période finale de l’histoire, les temps seront difficiles. Les hommes seront égoïstes, avides d’argent, vantards et prétentieux. Ils parleront de Dieu d’une manière injurieuse et n’auront pas d’égards pour leurs parents. Ils seront ingrats, dépourvus de respect pour ce qui est sacré, sans cœur, sans pitié, calomniateurs, incapables de se maîtriser, cruels, ennemis du bien ; emportés par leurs passions et enflés d’orgueil, ils seront prêts à toutes les trahisons. Ils aimeront le plaisir plutôt que Dieu. Certes, ils resteront attachés aux pratiques extérieures de la piété mais, en réalité, ils ne voudront rien savoir de ce qui en fait la force. Détourne-toi de ces gens-là ! Certains d’entre eux s’introduisent dans les familles pour envoûter les femmes instables, chargées de péchés, et entraînées par toutes sortes de désirs. Elles veulent toujours en savoir plus, mais ne sont jamais capables de parvenir à une pleine connaissance de la vérité. De même qu’autrefois Jannès et Jambrès s’opposèrent à Moïse, de même ces hommes-là s’opposent à la vérité. Ils ont l’intelligence faussée et sont disqualifiés en ce qui concerne la foi. Mais leur succès sera de courte durée, car leur folie éclatera aux yeux de tous, comme ce fut le cas jadis pour ces deux hommes.