2 Timote 1:1-18

2 Timote 1:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a. M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil la. Se pou Bondye Papa a ak Jezikri, Senyè nou, gen pitye pou ou, kè sansib ak kè poze. M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m frape sou ou lè m'ap lapriyè. Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m anvi wè ou pou kè m ka kontan nèt. Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou. Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m te mete men sou tèt ou a. Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Kounyeya, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bòn nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè. Bondye chwazi m pou m anonse bòn nouvèl sa a, li voye m kòm apòt pou m moutre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l konsève sa l te ban mwen an jouk gran jou a va vini. Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri. Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou. Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn. Mwen mande Senyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pat wont mwen dèske mwen te nan prizon. Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m jouk li jwenn mwen. Se pou Senyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?

2 Timote 1:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, je suis apôtre du Christ Jésus, parce que Dieu l’a voulu. Je suis chargé d’annoncer la vie promise que le Christ Jésus nous donne. Timothée, mon fils très aimé, c’est à toi que j’écris. Que Dieu le Père et le Christ Jésus notre Seigneur te bénissent. Qu’ils te montrent leur amour et te donnent la paix ! Nuit et jour, quand je prie, je dis toujours ton nom. Et je remercie Dieu, que je sers avec une conscience pure, comme mes ancêtres l’ont fait. En me rappelant tes larmes , j’ai très envie de te voir pour être rempli de joie. Je me souviens de la foi sincère qui est en toi. C’était déjà celle de ta grand-mère Loïs et de ta mère Eunice, et cette foi est en toi aussi, j’en suis sûr. C’est pourquoi je te rappelle ceci : garde bien vivant le don de Dieu, que tu as reçu quand j’ai posé les mains sur ta tête . En effet, l’Esprit Saint que Dieu nous a donné ne nous rend pas timides. Au contraire, cet Esprit nous remplit de force, d’amour et de maîtrise de soi. N’aie donc pas honte de rendre témoignage à notre Seigneur, et n’aie pas honte de moi qui suis en prison pour lui. Mais souffre avec moi pour la Bonne Nouvelle avec la puissance de Dieu. Dieu nous a sauvés et il nous a appelés pour que nous soyons à lui. Il n’a pas fait cela à cause de nos actes, mais parce qu’il l’a décidé. C’est un don gratuit qu’il nous a fait dans le Christ Jésus, avant que le monde existe. Maintenant, ce don est devenu visible quand notre Sauveur, le Christ Jésus, est apparu. C’est lui qui a enlevé son pouvoir à la mort et, par la Bonne Nouvelle, il a fait connaître la vie qui ne meurt pas. Dieu m’a chargé d’annoncer cette Bonne Nouvelle comme apôtre, et de l’enseigner. C’est pour cela que je souffre maintenant, mais je n’en ai pas honte. En effet, je sais en qui j’ai mis ma confiance. Et, j’en suis sûr, Dieu est assez puissant pour protéger jusqu’au dernier jour ce qu’il m’a confié. Prends comme modèle les paroles vraies que tu as reçues de moi. Tu les as reçues avec la foi et l’amour que le Christ Jésus nous donne. On t’a confié un beau trésor. Garde-le avec l’aide de l’Esprit Saint qui habite en nous. Tu le sais, tous ceux de la province d’Asie m’ont abandonné, entre autres Phygèle et Hermogène. Que le Seigneur montre sa bonté à la famille d’Onésiphore. En effet, il m’a souvent encouragé et il n’a pas eu honte de moi, qui suis en prison. Au contraire, dès son arrivée à Rome, il m’a cherché partout et il m’a trouvé. Que le Seigneur Jésus lui donne de recevoir la bonté de Dieu le jour du jugement ! Oui, tu sais très bien tous les services qu’il m’a rendus à Éphèse.

2 Timote 1:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris, paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris. Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan. Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w! Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se kon sa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te kon sa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a. Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou. Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye. Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan. Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè. Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a. Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou. Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an. Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen. M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.

2 Timote 1:1-18 New International Version (NIV)

Paul, an apostle of Christ Jesus by the will of God, in keeping with the promise of life that is in Christ Jesus, To Timothy, my dear son: Grace, mercy and peace from God the Father and Christ Jesus our Lord. I thank God, whom I serve, as my ancestors did, with a clear conscience, as night and day I constantly remember you in my prayers. Recalling your tears, I long to see you, so that I may be filled with joy. I am reminded of your sincere faith, which first lived in your grandmother Lois and in your mother Eunice and, I am persuaded, now lives in you also. For this reason I remind you to fan into flame the gift of God, which is in you through the laying on of my hands. For the Spirit God gave us does not make us timid, but gives us power, love and self-discipline. So do not be ashamed of the testimony about our Lord or of me his prisoner. Rather, join with me in suffering for the gospel, by the power of God. He has saved us and called us to a holy life—not because of anything we have done but because of his own purpose and grace. This grace was given us in Christ Jesus before the beginning of time, but it has now been revealed through the appearing of our Savior, Christ Jesus, who has destroyed death and has brought life and immortality to light through the gospel. And of this gospel I was appointed a herald and an apostle and a teacher. That is why I am suffering as I am. Yet this is no cause for shame, because I know whom I have believed, and am convinced that he is able to guard what I have entrusted to him until that day. What you heard from me, keep as the pattern of sound teaching, with faith and love in Christ Jesus. Guard the good deposit that was entrusted to you—guard it with the help of the Holy Spirit who lives in us. You know that everyone in the province of Asia has deserted me, including Phygelus and Hermogenes. May the Lord show mercy to the household of Onesiphorus, because he often refreshed me and was not ashamed of my chains. On the contrary, when he was in Rome, he searched hard for me until he found me. May the Lord grant that he will find mercy from the Lord on that day! You know very well in how many ways he helped me in Ephesus.

2 Timote 1:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Paul, apôtre de Jésus-Christ par la volonté de Dieu, chargé d’annoncer la vie promise par Dieu et accessible dans l’union avec Jésus-Christ, salue Timothée, son cher enfant : Que Dieu le Père et Jésus-Christ, notre Seigneur, t’accordent grâce, compassion et paix. Je suis reconnaissant envers Dieu, que je sers avec une conscience pure, à l’exemple de mes ancêtres, lorsque continuellement, nuit et jour, je fais mention de toi dans mes prières. Je me rappelle tes larmes et j’éprouve un vif désir de te revoir afin d’être rempli de joie. Je garde le souvenir de ta foi sincère, cette foi qui se trouvait déjà chez ta grand-mère Loïs et ta mère Eunice. A présent, elle habite aussi en toi, j’en suis pleinement convaincu. C’est pourquoi je te le rappelle : ravive le don que Dieu t’a fait dans sa grâce lorsque je t’ai imposé les mains. Dieu nous a donné un Esprit qui, loin de faire de nous des lâches, nous rend forts, aimants et réfléchis. N’aie donc pas honte de rendre témoignage au sujet de notre Seigneur. N’aie pas non plus honte de moi qui suis ici en prison pour sa cause. Au contraire, souffre avec moi pour l’Evangile selon la force que Dieu donne. C’est lui qui nous a sauvés et nous a appelés à mener une vie sainte. Et s’il l’a fait, ce n’est pas à cause de ce que nous avons fait, mais bien parce qu’il en avait librement décidé ainsi, à cause de sa grâce. Cette grâce, il nous l’a donnée de toute éternité en Jésus-Christ. Et maintenant elle a été révélée par la venue de notre Sauveur Jésus-Christ. Il a brisé la puissance de la mort et, par l’Evangile, a fait resplendir la lumière de la vie et de l’immortalité. C’est pour annoncer cet Evangile que j’ai été établi prédicateur, apôtre et enseignant. C’est aussi la raison de mes souffrances présentes. Mais je n’en ai pas honte, car je sais en qui j’ai mis ma confiance et j’ai la ferme conviction qu’il est assez puissant pour garder tout ce qu’il m’a confié jusqu’au jour du jugement. Tu as entendu de moi des paroles saines : fais-en ton modèle pour l’appliquer dans la foi et l’amour qui se trouvent dans l’union avec Jésus-Christ. Garde intact, par l’Esprit Saint qui habite en nous, le bien précieux qui t’a été confié. Comme tu le sais, tous ceux qui sont dans la province d’Asie m’ont abandonné, entre autres Phygèle et Hermogène. Quant à Onésiphore, que le Seigneur manifeste sa compassion à toute sa famille. En effet, il m’a souvent réconforté et il n’a pas eu honte de moi parce que je suis en prison. Au contraire, dès son arrivée à Rome, il s’est mis activement à ma recherche, et il a fini par me trouver. Que le Seigneur lui donne d’avoir part à la compassion du Seigneur au jour du jugement. Tu sais aussi mieux que personne combien de services il m’a rendus à Ephèse.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an