2 Pyè 2:1-22

2 Pyè 2:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral kopye sou lavi imoral y'ap mennen. Konsa y'ap lakòz moun ap di vye pawòl sou laverite a. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. Bondye pa te fè pa zanj ki te peche yo. Li te lage yo nan touman. Li mete yo nan fènwè a. Y'ap rete la pou tann jijman. Bondye pat fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noye, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye. Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt. Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt. Je yo kale sou tout fanm. Yo chita ap benyen nan peche. Yo pran tèt moun ti lòlòj yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan pase yo konsa. Se moun ki anba madichon. Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. Men, yo te kouri dèyè l pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou. Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nyaj gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou. Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fenk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo. Yo pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li. Moun ki rive konnen Jezikri tankou Senyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l te ye anvan an. Sa ta pi bon pou li si l pat janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a. Sa ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, l'al woule nan labou ankò.

2 Pyè 2:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Autrefois, il y a eu des faux prophètes dans le peuple. Parmi vous, il y aura aussi des faux maîtres. Ils donneront habilement des enseignements trompeurs et ils iront jusqu’à rejeter le Maître qui les a sauvés. Ainsi, ils vont attirer rapidement sur eux le malheur qui les détruira. Beaucoup de gens les suivront en se conduisant n’importe comment. À cause d’eux, on se moquera du chemin de la vérité. Et parce qu’ils ont très envie de gagner de l’argent, ils vous tromperont par des histoires inventées. Mais depuis longtemps déjà, leur condamnation est prête, et le malheur va rapidement tomber sur eux. En effet, Dieu n’a pas laissé sans punition les anges qui ont péché, mais il les a plongés dans le lieu de souffrance. Il les a attachés avec des chaînes dans la nuit et là, il les garde jusqu’au jour du jugement. Le monde d’autrefois, Dieu ne l’a pas laissé sans punition. Mais quand il a noyé le monde de ses ennemis au moment de la grande inondation, il a sauvé seulement Noé, lui qui annonçait la justice que Dieu demande, et sept autres personnes. Dieu a aussi condamné les villes de Sodome et de Gomorrhe en les détruisant par le feu. Cela devait servir d’exemple aux gens mauvais, pour leur montrer ce qui allait leur arriver . Loth habitait au milieu de gens qui se conduisaient n’importe comment, mais lui-même était un homme juste. Il était très triste à cause de leur conduite. En effet, il les voyait et il les entendait, et jour après jour, son cœur d’homme juste souffrait beaucoup de leurs actions mauvaises. Mais Dieu l’a délivré de ces gens-là. Cela montre donc que le Seigneur peut délivrer de la souffrance ceux qui lui sont fidèles. Et il peut garder en réserve les gens mauvais, pour les punir le jour du jugement. Il punira surtout ceux qui suivent les mauvais désirs de leur corps. Ceux-là cherchent seulement à faire des actions impures et ils méprisent l’autorité du Seigneur. Ces faux maîtres ont trop confiance en eux. Ils sont orgueilleux et ils n’ont pas peur d’insulter les esprits glorieux du ciel. Même les anges ne jugent pas ces esprits et ils ne les insultent pas devant le Seigneur. Pourtant les anges sont plus forts et plus puissants que ces faux maîtres. Ces gens-là sont comme des animaux sans intelligence, faits pour être pris dans des pièges et pour être tués. Ils insultent ce qu’ils ne connaissent pas et ils mourront comme ces animaux. C’est la punition qu’ils vont recevoir pour leurs mauvaises actions. Ils aiment satisfaire leurs désirs mauvais en plein jour. Quand ils font la fête avec vous, ils prennent plaisir à vous mentir, et leur présence est dégoûtante et honteuse. Leurs yeux ne font que chercher des femmes, ils ont toujours envie de commettre des péchés, ils attirent ceux qui sont faibles. Ce sont des hommes qui cherchent toujours à gagner quelque chose. La malédiction est sur eux ! Ils ont abandonné le bon chemin et ils se sont perdus. Ils ont suivi la route de Balaam, le fils de Bosor , à qui on a offert de l’argent pour faire le mal. Et Balaam s’est laissé attirer par cet argent, mais il a entendu des reproches pour sa faute : une ânesse muette s’est mise à parler avec une voix humaine et elle a arrêté l’action stupide du prophète Balaam. Ces faux maîtres sont comme des sources sans eau, comme des nuages poussés par un vent violent. Dieu leur a réservé une place dans la nuit la plus noire. Oui, avec leurs discours ronflants complètement creux, ils attirent ceux qui viennent à peine d’abandonner la vie avec des gens dans l’erreur. Pour cela, ils se servent des désirs honteux du corps, et ils leur promettent la liberté. Pourtant, eux-mêmes sont esclaves des plaisirs qui les détruisent. En effet, quand une chose nous domine, nous sommes ses esclaves. Ceux qui connaissent Jésus-Christ, notre Seigneur et notre Sauveur, ont abandonné les mauvaises influences du monde, mais ils peuvent se laisser reprendre et se laisser vaincre par elles. Alors leur situation est finalement bien pire qu’avant. Ils ont connu le chemin qui mène à la justice, mais ils ont abandonné les commandements de Dieu qu’on leur avait appris. Dans ce cas, il aurait mieux valu qu’ils ne connaissent pas ce chemin. Maintenant, ce qui leur est arrivé montre la vérité de ce proverbe : « Le chien mange de nouveau ce qu’il a vomi » , et « le cochon qui vient d’être lavé recommence à se rouler dans la boue ».

2 Pyè 2:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo. Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz. Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi. Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo. Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat. Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo. Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite. Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt. Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa. Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a. Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo. Konsa yo va soufri. Se kon sa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont. Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon. Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal. Men se te yon bourik ki te di l sa l t ap fè a pa bon. Yon bourik pa konn pale, se vre, men bourik sa a pale ak yon vwa moun epi li frennen pwofèt la nan zak foli li t apral komèt la. Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la. Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav. Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan. Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”. Epitou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”

2 Pyè 2:1-22 New International Version (NIV)

But there were also false prophets among the people, just as there will be false teachers among you. They will secretly introduce destructive heresies, even denying the sovereign Lord who bought them—bringing swift destruction on themselves. Many will follow their depraved conduct and will bring the way of truth into disrepute. In their greed these teachers will exploit you with fabricated stories. Their condemnation has long been hanging over them, and their destruction has not been sleeping. For if God did not spare angels when they sinned, but sent them to hell, putting them in chains of darkness to be held for judgment; if he did not spare the ancient world when he brought the flood on its ungodly people, but protected Noah, a preacher of righteousness, and seven others; if he condemned the cities of Sodom and Gomorrah by burning them to ashes, and made them an example of what is going to happen to the ungodly; and if he rescued Lot, a righteous man, who was distressed by the depraved conduct of the lawless (for that righteous man, living among them day after day, was tormented in his righteous soul by the lawless deeds he saw and heard)— if this is so, then the Lord knows how to rescue the godly from trials and to hold the unrighteous for punishment on the day of judgment. This is especially true of those who follow the corrupt desire of the flesh and despise authority. Bold and arrogant, they are not afraid to heap abuse on celestial beings; yet even angels, although they are stronger and more powerful, do not heap abuse on such beings when bringing judgment on them from the Lord. But these people blaspheme in matters they do not understand. They are like unreasoning animals, creatures of instinct, born only to be caught and destroyed, and like animals they too will perish. They will be paid back with harm for the harm they have done. Their idea of pleasure is to carouse in broad daylight. They are blots and blemishes, reveling in their pleasures while they feast with you. With eyes full of adultery, they never stop sinning; they seduce the unstable; they are experts in greed—an accursed brood! They have left the straight way and wandered off to follow the way of Balaam son of Bezer, who loved the wages of wickedness. But he was rebuked for his wrongdoing by a donkey—an animal without speech—who spoke with a human voice and restrained the prophet’s madness. These people are springs without water and mists driven by a storm. Blackest darkness is reserved for them. For they mouth empty, boastful words and, by appealing to the lustful desires of the flesh, they entice people who are just escaping from those who live in error. They promise them freedom, while they themselves are slaves of depravity—for “people are slaves to whatever has mastered them.” If they have escaped the corruption of the world by knowing our Lord and Savior Jesus Christ and are again entangled in it and are overcome, they are worse off at the end than they were at the beginning. It would have been better for them not to have known the way of righteousness, than to have known it and then to turn their backs on the sacred command that was passed on to them. Of them the proverbs are true: “A dog returns to its vomit,” and, “A sow that is washed returns to her wallowing in the mud.”

2 Pyè 2:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Autrefois, il y a eu des prophètes de mensonge parmi le peuple d’Israël ; il en sera de même parmi vous. Ces enseignants de mensonge introduiront subtilement parmi vous des erreurs qui mènent à la perdition. Ils renieront le Maître qui les a rachetés et attireront ainsi sur eux une perdition soudaine. Beaucoup de gens les suivront dans leur immoralité et, à cause d’eux, la voie de la vérité sera discréditée. Par amour de l’argent, ils vous exploiteront avec des histoires de leur propre invention. Mais il y a longtemps que leur condamnation est à l’œuvre et que la perdition les guette. En effet, Dieu n’a pas épargné les anges qui ont péché  : il les a précipités dans l’abîme où ils sont gardés pour le jugement, enchaînés dans les ténèbres. Il n’a pas non plus épargné le monde ancien, lorsqu’il fit fondre le déluge sur ce monde qui n’avait aucun respect pour lui. Il a néanmoins protégé huit personnes dont Noé, qui appelait ses contemporains à mener une vie juste. Il a condamné à la destruction les villes de Sodome et de Gomorrhe en les réduisant en cendres, pour donner à ceux qui se révoltent contre lui un exemple de ce qui leur arrivera. Il a délivré Loth, cet homme juste qui était consterné par la conduite immorale des habitants débauchés de ces villes. Car, en les voyant vivre et en les entendant parler, cet homme juste qui vivait au milieu d’eux était tourmenté jour après jour dans son âme intègre, à cause de leurs agissements criminels. Ainsi le Seigneur sait comment délivrer de l’épreuve les personnes pieuses, et réserver ceux qui font le mal pour le jour du jugement où ils seront châtiés. Il punira tout particulièrement ceux qui, mus par la sensualité, vivent au gré de leurs désirs corrompus et méprisent l’autorité du Seigneur. Imbus d’eux-mêmes et arrogants, ces enseignants de mensonge n’hésitent pas à insulter les êtres glorieux, alors que les anges eux-mêmes, qui leur sont pourtant bien supérieurs en force et en puissance, ne portent pas de jugement insultant contre ces êtres devant le Seigneur. Mais ces hommes-là agissent comme des animaux dépourvus de raison qui ne suivent que leurs instincts et sont tout juste bons à être capturés et tués, car ils se répandent en injures contre ce qu’ils ne connaissent pas. Aussi périront-ils comme des bêtes. Le mal qu’ils ont fait leur sera payé en retour. Ces hommes trouvent leur plaisir à se livrer à l’immoralité en plein jour. Ils salissent et déshonorent par leur présence les fêtes auxquelles ils participent avec vous en prenant un malin plaisir à vous tromper. Ils ont le regard chargé d’adultère et d’un besoin insatiable de pécher, ils prennent au piège les personnes mal affermies, ils n’ont plus rien à apprendre en ce qui concerne l’amour de l’argent : ils sont sous la malédiction divine. Ils ont abandonné le droit chemin et se sont égarés en marchant sur les traces de Balaam, fils de Béor, qui a aimé l’argent mal acquis ; mais il a été rappelé à l’ordre pour sa désobéissance. C’est une ânesse muette qui, se mettant à parler d’une voix humaine, a détourné le prophète de son projet insensé. Ces enseignants de mensonge sont comme des sources qui ne donnent pas d’eau, comme des nuages poussés par la tempête. Dieu leur a réservé une place dans les ténèbres les plus profondes. Avec leurs discours grandiloquents mais creux, ils cherchent à appâter, par l’attrait des désirs sensuels et de l’immoralité ceux qui viennent à peine d’échapper du milieu des hommes vivant dans l’erreur. Ils leur promettent la liberté – alors qu’ils sont eux-mêmes esclaves des passions qui les mènent à la ruine ; car tout homme est esclave de ce qui a triomphé de lui. Si, après s’être arrachés aux influences corruptrices du monde par la connaissance qu’ils ont eue de notre Seigneur et Sauveur Jésus-Christ, ils se laissent de nouveau prendre et dominer par elles, leur dernière condition est pire que la première. Il aurait mieux valu pour eux ne pas connaître le chemin d’une vie juste plutôt que de s’en détourner après l’avoir connu et d’abandonner le saint commandement qui leur avait été transmis. Ils confirment la vérité de ce proverbe : Le chien retourne à ce qu’il a vomi  ; en outre : « La truie à peine lavée se vautre de nouveau dans la boue ».