2 Korent 9:1-15

2 Korent 9:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen pa wè rezon pou m voye di nou anyen sou kèsyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a. Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pat manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedouàn yo lè m te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. Malgre sa, m'ap voye frè sa yo bò kote nou pou bèl pawòl mwen te di pou nou sou zafè sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wè nou pare vre, jan mwen te di l la. Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedouàn yo ta vin ansanm avè m, yo ta jwenn nou pa pare! Jan m te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! Se sa k fè, mwen kwè se te nesesè pou m te mande frè sa yo pou y'al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwomèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou. Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo. Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l mèsi. Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo. Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou. Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

2 Korent 9:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pour l’aide à apporter aux chrétiens de Jérusalem, c’est inutile de vous écrire. Je connais votre bonne volonté. Avec les gens de Macédoine, je me suis vanté à votre sujet. Je leur ai dit : « Les chrétiens de la province d’Akaïe sont prêts à donner depuis l’année dernière. » Et votre ardeur à rendre service a entraîné presque tout le monde. Pourtant, je vous envoie ces frères, pour que vous soyez vraiment prêts, comme je l’ai dit. Dans cette affaire, j’étais fier de vous, il ne faut pas que ce soit pour rien. En effet, si les gens de Macédoine viennent avec moi et ne vous trouvent pas prêts, j’ai peur d’une chose : nous qui sommes sûrs de vous, nous allons être couverts de honte, et vous aussi, évidemment ! C’est pourquoi j’ai pensé qu’il fallait demander aux frères d’aller chez vous avant nous. Ils vont s’occuper des dons généreux que vous avez déjà promis, ils vont les recueillir. Ainsi on verra que vous donnez de bon cœur, et non avec regret. Il faut le savoir : celui qui sème peu de graines récolte peu, et celui qui sème beaucoup de graines récolte beaucoup. Chacun doit donner ce qu’il a décidé dans son cœur, sans tristesse et sans être forcé. En effet, Dieu aime celui qui donne avec joie. Dieu a le pouvoir de vous donner en abondance toutes sortes de bienfaits. Aussi vous aurez toujours tout ce qu’il vous faut, et vous aurez encore suffisamment pour faire de bonnes actions. Les Livres Saints disent : « Il donne généreusement aux pauvres, sa bonté dure toujours. » C’est Dieu qui donne les graines au semeur et le pain pour la nourriture. Il vous donnera les graines à vous aussi, il les multipliera et les fera pousser. Ainsi votre bonté produira beaucoup de fruits. Dieu vous rendra riches de mille manières, et vous pourrez vous montrer très généreux. Alors beaucoup remercieront Dieu pour ces dons que nous leur ferons de votre part. Par cette offrande, vous rendez service aux chrétiens de Jérusalem. De cette façon, vous leur donnez ce qui leur manque. De plus, vous les encouragez tous à remercier Dieu du fond du cœur. Vous montrez que vous obéissez à la Bonne Nouvelle du Christ. Vous mettez généreusement en commun ce que vous avez, avec les chrétiens de Jérusalem et avec tous. À cause de tout cela, ils reconnaîtront la valeur de ce service et ils rendront gloire à Dieu. Dieu vous a donné en abondance de grands bienfaits. Pour cela, ils vous montreront leur amour en priant pour vous. Remercions Dieu pour ses bienfaits extraordinaires !

2 Korent 9:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an. Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont! Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou. Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, kon sa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. Jan Bib la di l la: “Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo. Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.” Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo. Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye. Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!

2 Korent 9:1-15 New International Version (NIV)

There is no need for me to write to you about this service to the Lord’s people. For I know your eagerness to help, and I have been boasting about it to the Macedonians, telling them that since last year you in Achaia were ready to give; and your enthusiasm has stirred most of them to action. But I am sending the brothers in order that our boasting about you in this matter should not prove hollow, but that you may be ready, as I said you would be. For if any Macedonians come with me and find you unprepared, we—not to say anything about you—would be ashamed of having been so confident. So I thought it necessary to urge the brothers to visit you in advance and finish the arrangements for the generous gift you had promised. Then it will be ready as a generous gift, not as one grudgingly given. Remember this: Whoever sows sparingly will also reap sparingly, and whoever sows generously will also reap generously. Each of you should give what you have decided in your heart to give, not reluctantly or under compulsion, for God loves a cheerful giver. And God is able to bless you abundantly, so that in all things at all times, having all that you need, you will abound in every good work. As it is written: “They have freely scattered their gifts to the poor; their righteousness endures forever.” Now he who supplies seed to the sower and bread for food will also supply and increase your store of seed and will enlarge the harvest of your righteousness. You will be enriched in every way so that you can be generous on every occasion, and through us your generosity will result in thanksgiving to God. This service that you perform is not only supplying the needs of the Lord’s people but is also overflowing in many expressions of thanks to God. Because of the service by which you have proved yourselves, others will praise God for the obedience that accompanies your confession of the gospel of Christ, and for your generosity in sharing with them and with everyone else. And in their prayers for you their hearts will go out to you, because of the surpassing grace God has given you. Thanks be to God for his indescribable gift!

2 Korent 9:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quant au secours même destiné à ceux qui, en Judée, font partie du peuple saint, il est superflu de vous en écrire davantage. Je connais vos bonnes dispositions à ce sujet. J’ai même exprimé ma fierté à votre égard aux Macédoniens, en leur disant : « En Achaïe, ils sont prêts à donner depuis l’an dernier. » Votre zèle a motivé la plupart d’entre eux. Toutefois, j’envoie nos frères pour que mes éloges à votre sujet ne soient pas démentis sur ce point, et que réellement vous soyez prêts, comme je l’ai annoncé. Autrement, si les Macédoniens m’accompagnaient et ne vous trouvaient pas prêts, ma belle assurance tournerait à ma confusion – pour ne pas dire à la vôtre. J’ai donc jugé nécessaire d’inviter ces frères à me devancer chez vous pour organiser par avance cette collecte que vous avez promise. Ainsi, elle sera prête à mon arrivée et sera l’expression d’un don libre et généreux, et non pénible et forcé. Rappelez-vous : Semence parcimonieuse, maigre récolte. Semence généreuse, moisson abondante . Que chacun donne ce qu’il aura décidé en son cœur, sans regret ni contrainte, car Dieu aime celui qui donne avec joie . Il a aussi le pouvoir de vous combler de toutes sortes de bienfaits : ainsi vous aurez, en tout temps et en toutes choses, tout ce dont vous avez besoin, et il vous en restera encore du superflu pour toutes sortes d’œuvres bonnes, ainsi qu’il est écrit : Il donne aux pauvres ╵ avec largesse, et sa conduite juste ╵ sera pour toujours prise en compte . Celui qui fournit la semence au semeur et lui donne le pain dont il se nourrit vous donnera aussi, avec largesse, toute la semence nécessaire et fera croître les fruits de votre générosité. Ainsi vous deviendrez riches de tous les biens et vous pourrez donner largement, ce qui suscitera, chez ceux auxquels nous distribuerons vos dons, de nombreuses prières de reconnaissance envers Dieu. En effet, le service de cette collecte a pour objet non seulement de pourvoir aux besoins de ceux qui font partie du peuple saint, mais encore de faire abonder des prières de reconnaissance envers Dieu. Par ce service, vous allez démontrer la réalité de votre engagement. Aussi ces membres du peuple saint loueront-ils Dieu pour l’obéissance par laquelle s’exprime votre foi en l’Evangile de Christ. Ils le loueront aussi pour la largesse avec laquelle vous partagez vos biens avec eux et avec tous. Ils prieront pour vous, traduisant ainsi l’affection qu’ils vous portent, à cause de la grâce surabondante que Dieu vous a accordée. Béni soit Dieu pour son don incomparable !

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an