1 Timote 2:1-15

1 Timote 2:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. Se yon sèl Bondye ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò. Se Jezikri. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. Se poutèt sa, li voye m kòm apòt pou m anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti. Wi, mwen vle pou, nenpòt ki kote, lèzòm ka lapriyè Bondye san fè kòlè san fè diskisyon. Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon. Mwen pmwen pa bay fanm dwa anseye, ni pran otorite sou gason. Se pou yo reterete yo dousman. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa te Adan Satan te twonpe. Se fanm lan li te twonpe fè li dezobeyi lòd Bondye. Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye.

1 Timote 2:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Avant tout, je recommande ceci : il faut faire des demandes à Dieu, le prier, le supplier et le remercier pour tous les êtres humains. Il faut prier pour ceux qui nous gouvernent et pour toutes les autorités. Alors nous pourrons mener une vie calme et tranquille en étant fidèles à Dieu et en nous conduisant bien. Voilà ce qui est beau et ce qui plaît à Dieu notre Sauveur. Il veut que tous soient sauvés et arrivent à connaître la vérité. En effet, il y a un seul Dieu. Il y a aussi un seul intermédiaire entre Dieu et les êtres humains : c’est un être humain, le Christ Jésus, qui a donné sa vie pour libérer tous les humains. C’est là le témoignage que le Christ a donné au moment fixé par Dieu. Et c’est à cause de ce témoignage que Dieu a fait de moi un messager et un apôtre. Il m’a chargé d’enseigner aux non-Juifs ce qu’il faut croire et ce qui est vrai. Je dis la vérité, je ne mens pas. Je veux donc que les hommes prient partout, en levant les mains vers le ciel. Ils doivent le faire avec un cœur pur, en abandonnant toute colère et toute dispute. Je veux aussi que les femmes s’habillent correctement. Elles doivent avoir une tenue digne et simple, sans coiffure compliquée. Elles ne doivent pas porter de bijoux en or, ni de perles ou d’habits trop chers. Mais elles doivent montrer leur beauté par leurs bonnes actions. Cela convient à des femmes qui affirment leur amour pour Dieu. Pendant l’enseignement, les femmes doivent rester tranquilles en écoutant avec respect. Je ne leur permets pas d’enseigner ni de dire aux hommes ce qu’ils doivent faire. Elles doivent donc garder le silence. En effet, Dieu a d’abord fait Adam, ensuite il a fait Ève. Et ce n’est pas Adam qui s’est laissé tromper, c’est la femme : elle s’est laissée tromper, puis elle a désobéi à Dieu. Pourtant, elle sera sauvée en ayant des enfants, mais à une condition : elle doit garder fidèlement la foi et l’amour et mener une vie simple qui plaît à Dieu.

1 Timote 2:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi. Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun. Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa. Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a. Mwen vle pou tout mesye yo priye tout kote. Mesye sa yo dwe moun k ap viv pou fè Bondye plezi epi k ap leve men yo devan Bondye san kòlè, san akwochay ak moun. Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo. Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se kon sa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye. Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total. Mwen pa pèmèt yon madanm fè mari l wont devan lòt moun nan fason l ap anseye l. Li pa dwe lakòz yon eskandal, paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt apre l. Epi tou, se pa Adan ki te kite yo twonpe l, men se madanm nan: li fin kite yo twonpe l epi li dezobeyi Bondye. Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li. Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.

1 Timote 2:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Je recommande en tout premier lieu que l’on adresse à Dieu des demandes, des prières, des supplications et des remerciements pour tous les hommes. Que l’on prie pour les rois et pour tous ceux qui sont au pouvoir, afin que nous puissions mener, à l’abri de toute violence et dans la paix, une vie qui exprime, dans tous ses aspects, notre piété et qui commande le respect. Voilà ce qui est bien devant Dieu, notre Sauveur, ce qu’il approuve. Car il veut que tous les hommes soient sauvés et parviennent à la connaissance de la vérité. En effet, il y a un seul Dieu, et de même aussi un seul médiateur entre Dieu et les hommes, un homme : Jésus-Christ. Il a offert sa vie en rançon pour tous. Tel est le témoignage qui a été rendu au moment voulu. C’est pour publier ce témoignage que j’ai été institué prédicateur et apôtre (je dis la vérité, je ne mens pas), pour enseigner aux non-Juifs ce qui concerne la foi et la vérité. C’est pourquoi je veux qu’en tout lieu les hommes prient en élevant vers le ciel des mains pures, sans colère ni esprit de dispute. Je veux que les femmes agissent de même, en s’habillant décemment, avec discrétion et simplicité. Qu’elles ne se parent pas d’une coiffure recherchée, d’or, de perles ou de toilettes somptueuses, mais plutôt d’œuvres bonnes, comme il convient à des femmes qui déclarent vivre pour Dieu. Que la femme reçoive l’instruction dans un esprit de paix et de parfaite soumission. Je ne permets pas à une femme d’enseigner, ni de prendre autorité sur l’homme. Qu’elle garde plutôt une attitude paisible. En effet, Adam fut créé le premier, Eve ensuite. Ce n’est pas Adam qui a été détourné de la vérité, c’est la femme, et elle a désobéi au commandement de Dieu, mais elle sera sauvée grâce à sa descendance. Quant aux femmes, elles seront sauvées si elles persévèrent dans la foi, dans l’amour, et dans une vie sainte en gardant en tout le sens de la mesure.