1 Tesalonisyen 5:12-18
1 Tesalonisyen 5:12-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
1 Tesalonisyen 5:12-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Frères et sœurs, nous vous demandons ceci : respectez ceux qui travaillent parmi vous comme responsables. Le Seigneur vous les a donnés pour vous conseiller. Montrez-leur beaucoup de respect et d’amour à cause de ce qu’ils font. Soyez en paix entre vous. Frères et sœurs, nous vous demandons encore ceci : faites des reproches aux paresseux. Donnez du courage à ceux qui n’en ont pas beaucoup, soutenez les faibles, soyez patients envers tous. Attention, personne ne doit rendre le mal pour le mal ! Mais cherchez toujours à faire le bien, entre vous et avec tous. Soyez toujours joyeux, priez sans cesse, remerciez Dieu en toute occasion. C’est ce qu’il attend de vous qui êtes unis au Christ Jésus.
1 Tesalonisyen 5:12-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun. Toujou fè kè ou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.
1 Tesalonisyen 5:12-18 New International Version (NIV)
Now we ask you, brothers and sisters, to acknowledge those who work hard among you, who care for you in the Lord and who admonish you. Hold them in the highest regard in love because of their work. Live in peace with each other. And we urge you, brothers and sisters, warn those who are idle and disruptive, encourage the disheartened, help the weak, be patient with everyone. Make sure that nobody pays back wrong for wrong, but always strive to do what is good for each other and for everyone else. Rejoice always, pray continually, give thanks in all circumstances; for this is God’s will for you in Christ Jesus.
1 Tesalonisyen 5:12-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Nous vous demandons, frères et sœurs, d’apprécier ceux qui travaillent parmi vous, qui vous dirigent au nom du Seigneur et qui vous avertissent. Témoignez-leur une grande estime et de l’affection à cause de leur travail. Vivez en paix entre vous. Nous vous le recommandons, frères et sœurs : avertissez ceux qui mènent une vie déréglée, réconfortez ceux qui sont découragés, soutenez les faibles, soyez patients envers tous. Veillez à ce que personne ne rende le mal pour le mal mais, en toute occasion, recherchez le bien, dans vos rapports mutuels comme envers tous les hommes. Soyez toujours dans la joie. Priez sans cesse. Remerciez Dieu en toute circonstance : telle est pour vous la volonté que Dieu a exprimée en Jésus-Christ.