1 Wa 18:16-46

1 Wa 18:16-46 1998 Haïtienne (HAT98)

Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l rapò. Akab vin kontre Eli. Wè Akab wè Eli, li di l: — Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa! Eli reponn li: — Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Senyè a te bay, n'al adore zidòl Baal yo. Kounyeya, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou. Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la. Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: — Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n sèvi! Men pèp la pa di yon mo. Eli di yo: — Nan tout pwofèt Senyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofèt Baal. Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l, y'a koupe l an moso, y'a mete l sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. M'a mete l sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife. Y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Senyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: — Nou dakò! Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo: — Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a. Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare li. Lèfini, yo pran rele Baal depi maten jouk rive bò midi. Yo t'ap di: — Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Men ankenn vwa, pyès repons. Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: — Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l. Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l la. San t'ap koule sou yo konsa. Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, okenn vwa pa reponn! Anyen pa pati. Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Senyè a paske yo te kraze l. Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Senyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a. Li pran wòch yo, li rebati lotèl Senyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo. Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: — Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa, li di yo: — Fè l yon dezyèm fwa. Apre yo fè l, li di yo ankò: — Fè l yon twazyèm fwa. Yo fè l ankò. Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la. Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: — Senyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Senyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Senyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Senyè a voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: — Se Senyè a ki Bondye! Se Senyè a ki Bondye! Lè sa a, Eli di yo: — Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo. Apre sa Eli di wa Akab konsa: — Kounyeya, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini. Akab al manje, l'al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Li di domestik li a: — Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: — M pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade. Sou setyèm fwa a, domestik la di li: — Mwen wè yon ti nyaj k'ap moute sou lòtbò lanmè a. Li gwosè yon plamen. Lè sa a, Eli bay domestik li a lòd sa a: — Ale jwenn wa Akab, w'a di li: Moute cha ou ale lakay ou anvan lapli bare ou. Yon sèl kou a, syèl la vin sonm. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute cha li. L'ale Jizreyèl. Pouvwa Senyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.

1 Wa 18:16-46 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors Obadia va rejoindre Akab et il lui raconte ce qui s’est passé. Akab va à la rencontre d’Élie. Dès qu’il l’aperçoit, il lui dit : « Voilà celui qui porte malheur au peuple d’Israël ! » Élie répond : « Ce n’est pas moi qui porte malheur à Israël. C’est toi et la famille de ton père ! Vous désobéissez aux commandements du SEIGNEUR en adorant les Baals ! Maintenant, fais rassembler tout le peuple d’Israël autour de moi sur le mont Carmel. Que les Israélites viennent avec les 450 prophètes du dieu Baal ! Qu’ils viennent avec les 400 prophètes de la déesse Achéra que la reine Jézabel protège ! » Le roi Akab réunit tous les Israélites et il rassemble les prophètes sur le mont Carmel. Élie s’avance devant tout le peuple et dit : « Jusqu’à quand est-ce que vous allez danser tantôt pour l’un, tantôt pour l’autre ? Si c’est le SEIGNEUR qui est Dieu, adorez le SEIGNEUR ! Si c’est Baal qui est Dieu, adorez Baal ! » Mais dans le peuple, personne ne lui répond. Élie continue : « Moi, je suis le seul prophète du SEIGNEUR qui reste. Les prophètes de Baal, eux, sont 450 ! Amenez-nous deux taureaux pour le sacrifice : les prophètes de Baal vont en choisir un. Ils le découperont et ils le placeront sur du bois, mais sans allumer le feu. Moi, je ferai la même chose avec l’autre taureau. Je le placerai sur le bois, mais je n’allumerai pas le feu. Ensuite, ils prieront leur dieu, et moi, je prierai le SEIGNEUR. Celui qui répondra aux prières en allumant le feu, c’est lui qui est Dieu. » Tout le peuple répond : « Nous sommes d’accord. » Alors Élie dit aux prophètes de Baal : « Choisissez un taureau et préparez-le. Vous êtes les plus nombreux, c’est à vous de commencer. Ensuite, priez votre dieu, mais n’allumez pas le feu. » Les prophètes de Baal prennent le taureau qu’Élie leur donne, et ils le préparent pour le sacrifice. Puis ils prient Baal depuis le matin jusqu’à midi. Ils disent : « Baal, réponds-nous ! » Et ils dansent autour de l’autel qu’ils ont fabriqué. Mais ils ne reçoivent aucune réponse. Alors vers midi, Élie se moque d’eux en disant : « Criez plus fort ! C’est un dieu. Il est occupé ! Il règle peut-être une affaire importante, ou bien il est en voyage, ou alors il dort, et il faut le réveiller ! » Les prophètes de Baal crient plus fort. Selon leur coutume, ils se font des marques sur le corps avec des épées et des lances, jusqu’à ce que le sang coule. Dans l’après-midi, ils entrent en transe, jusqu’au moment du sacrifice. Mais ils ne reçoivent aucune réponse : pas un mot, pas un signe. Alors Élie dit au peuple : « Approchez-vous de moi ! » Et tout le peuple s’approche de lui. Élie répare l’autel du SEIGNEUR qui a été détruit. Il prend douze pierres, parce que les fils de Jacob ont donné naissance à douze tribus. C’est à Jacob que le SEIGNEUR a dit : « Maintenant, tu t’appelleras Israël . » Avec ces pierres, Élie reconstruit un autel au SEIGNEUR. Puis, il creuse tout autour un fossé qui peut contenir à peu près 30 litres d’eau. Élie met du bois sur l’autel. Il découpe le taureau et place les morceaux sur le bois. Ensuite, il donne cet ordre à ceux qui sont là : « Remplissez quatre seaux d’eau et versez-les sur la viande et sur le bois ! » Ils obéissent. Élie leur dit : « Faites-le une deuxième fois ! » Ils recommencent. Élie dit encore : « Faites-le une troisième fois ! » Ils le font. L’eau coule autour de l’autel et elle remplit même le fossé. À l’heure habituelle du sacrifice, le prophète Élie s’approche de l’autel. Il dit : « SEIGNEUR, Dieu d’Abraham, d’Isaac et d’Israël, montre aujourd’hui que tu es le Dieu d’Israël. Montre que je suis ton serviteur et que j’agis sur ton ordre. Réponds-moi, SEIGNEUR, réponds-moi ! Alors les gens sauront que c’est toi, le SEIGNEUR, qui es Dieu. Et ainsi, tu ramèneras leur cœur vers toi. » Le SEIGNEUR fait donc descendre du feu qui brûle le sacrifice, le bois, les pierres et la poussière. Le feu avale aussi l’eau du fossé. Quand les Israélites voient cela, tous se mettent à genoux, le front contre le sol, et ils disent : « C’est le SEIGNEUR qui est Dieu ! C’est le SEIGNEUR qui est Dieu ! » Élie leur dit : « Saisissez les prophètes de Baal ! Aucun ne doit fuir ! » Les gens les saisissent tous. Élie les fait descendre au bord du torrent de Quichon, et là, il les fait tous tuer. Après ces événements, Élie dit au roi Akab : « J’entends le bruit de la pluie. Maintenant, tu peux manger et boire. » Le roi Akab va manger et boire. Élie monte sur le mont Carmel. Là, il s’incline jusqu’à terre, le visage entre les genoux. Puis il dit à son serviteur : « Monte, et regarde vers la mer. » Le serviteur monte, il regarde et dit : « Il n’y a rien. » Sept fois de suite, Élie lui dit : « Retourne ! » La septième fois, le serviteur dit : « Il y a un petit nuage qui monte de la mer. Il est gros comme un poing. » Élie répond : « Monte et dis au roi Akab : “Attelle tes chevaux et descends avant que la pluie t’arrête !” » Le ciel devient de plus en plus sombre, à cause des nuages poussés par le vent. Une pluie violente se met à tomber. Akab monte sur son char et il part pour Izréel. Le SEIGNEUR remplit Élie de force. Alors il attache ses vêtements pour partir. Il court devant le char d’Akab jusqu’à l’entrée d’Izréel.

1 Wa 18:16-46 New International Version (NIV)

So Obadiah went to meet Ahab and told him, and Ahab went to meet Elijah. When he saw Elijah, he said to him, “Is that you, you troubler of Israel?” “I have not made trouble for Israel,” Elijah replied. “But you and your father’s family have. You have abandoned the LORD’s commands and have followed the Baals. Now summon the people from all over Israel to meet me on Mount Carmel. And bring the four hundred and fifty prophets of Baal and the four hundred prophets of Asherah, who eat at Jezebel’s table.” So Ahab sent word throughout all Israel and assembled the prophets on Mount Carmel. Elijah went before the people and said, “How long will you waver between two opinions? If the LORD is God, follow him; but if Baal is God, follow him.” But the people said nothing. Then Elijah said to them, “I am the only one of the LORD’s prophets left, but Baal has four hundred and fifty prophets. Get two bulls for us. Let Baal’s prophets choose one for themselves, and let them cut it into pieces and put it on the wood but not set fire to it. I will prepare the other bull and put it on the wood but not set fire to it. Then you call on the name of your god, and I will call on the name of the LORD. The god who answers by fire—he is God.” Then all the people said, “What you say is good.” Elijah said to the prophets of Baal, “Choose one of the bulls and prepare it first, since there are so many of you. Call on the name of your god, but do not light the fire.” So they took the bull given them and prepared it. Then they called on the name of Baal from morning till noon. “Baal, answer us!” they shouted. But there was no response; no one answered. And they danced around the altar they had made. At noon Elijah began to taunt them. “Shout louder!” he said. “Surely he is a god! Perhaps he is deep in thought, or busy, or traveling. Maybe he is sleeping and must be awakened.” So they shouted louder and slashed themselves with swords and spears, as was their custom, until their blood flowed. Midday passed, and they continued their frantic prophesying until the time for the evening sacrifice. But there was no response, no one answered, no one paid attention. Then Elijah said to all the people, “Come here to me.” They came to him, and he repaired the altar of the LORD, which had been torn down. Elijah took twelve stones, one for each of the tribes descended from Jacob, to whom the word of the LORD had come, saying, “Your name shall be Israel.” With the stones he built an altar in the name of the LORD, and he dug a trench around it large enough to hold two seahs of seed. He arranged the wood, cut the bull into pieces and laid it on the wood. Then he said to them, “Fill four large jars with water and pour it on the offering and on the wood.” “Do it again,” he said, and they did it again. “Do it a third time,” he ordered, and they did it the third time. The water ran down around the altar and even filled the trench. At the time of sacrifice, the prophet Elijah stepped forward and prayed: “LORD, the God of Abraham, Isaac and Israel, let it be known today that you are God in Israel and that I am your servant and have done all these things at your command. Answer me, LORD, answer me, so these people will know that you, LORD, are God, and that you are turning their hearts back again.” Then the fire of the LORD fell and burned up the sacrifice, the wood, the stones and the soil, and also licked up the water in the trench. When all the people saw this, they fell prostrate and cried, “The LORD—he is God! The LORD—he is God!” Then Elijah commanded them, “Seize the prophets of Baal. Don’t let anyone get away!” They seized them, and Elijah had them brought down to the Kishon Valley and slaughtered there. And Elijah said to Ahab, “Go, eat and drink, for there is the sound of a heavy rain.” So Ahab went off to eat and drink, but Elijah climbed to the top of Carmel, bent down to the ground and put his face between his knees. “Go and look toward the sea,” he told his servant. And he went up and looked. “There is nothing there,” he said. Seven times Elijah said, “Go back.” The seventh time the servant reported, “A cloud as small as a man’s hand is rising from the sea.” So Elijah said, “Go and tell Ahab, ‘Hitch up your chariot and go down before the rain stops you.’ ” Meanwhile, the sky grew black with clouds, the wind rose, a heavy rain started falling and Ahab rode off to Jezreel. The power of the LORD came on Elijah and, tucking his cloak into his belt, he ran ahead of Ahab all the way to Jezreel.

1 Wa 18:16-46 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Abdias courut donc rejoindre Achab et lui annonça la chose. Alors Achab vint à la rencontre d’Elie. Lorsqu’il l’aperçut, il lui cria : Te voilà, toi qui sèmes le malheur en Israël ! Elie lui répondit : Ce n’est pas moi qui sème le malheur en Israël, mais c’est toi et la famille de ton père, puisque vous avez refusé d’obéir aux commandements de l’Eternel, et que tu t’es rallié au culte des dieux Baals. Maintenant, convoque tout Israël en ma présence sur le mont Carmel. Tu y rassembleras aussi les quatre cent cinquante prophètes de Baal et les quatre cents prophètes de la déesse Ashéra qui sont tous entretenus par la reine Jézabel. Achab envoya des messagers à tous les Israélites et il rassembla les prophètes sur le mont Carmel. Alors Elie s’avança devant tout le peuple et s’écria : Combien de temps encore sauterez-vous des deux côtés ? Si l’Eternel est le vrai Dieu, suivez-le. Si c’est Baal, alors ralliez-vous à lui ! Mais le peuple ne lui répondit pas un mot. Elie poursuivit : Je suis le seul prophète de l’Eternel qui reste et il y a quatre cent cinquante prophètes de Baal. Qu’on nous amène deux taureaux ; qu’ils choisissent pour eux l’un d’eux, qu’ils le découpent et qu’ils en disposent les morceaux sur le bois, mais sans y allumer de feu. Je ferai de même avec l’autre taureau : je le placerai sur le bois et je n’y mettrai pas le feu. Puis vous invoquerez votre dieu, et moi j’invoquerai l’Eternel. Le dieu qui répondra en faisant descendre le feu, c’est celui-là qui est Dieu. Tout le peuple répondit : D’accord ! C’est bien ! Elie se tourna vers les prophètes de Baal et leur dit : Choisissez pour vous l’un des taureaux et préparez-le les premiers, car vous êtes les plus nombreux ; puis invoquez votre dieu, mais ne mettez pas le feu au bois. On leur donna le taureau et ils le prirent et le préparèrent. Puis ils invoquèrent Baal, du matin jusqu’à midi, en répétant : O Baal, réponds-nous ! Mais il n’y eut ni voix ni réponse. Ils sautaient autour de l’autel qu’ils avaient dressé. Vers midi, Elie se moqua d’eux et leur dit : Criez plus fort ! Puisqu’il est dieu, il doit être plongé dans ses réflexions, ou il a dû s’absenter, ou bien il est en voyage ! Ou peut-être dort-il et faut-il le réveiller. Les prophètes crièrent à tue-tête et se firent, selon leur coutume, des incisions dans la peau à coups d’épées et de lances jusqu’à ce que le sang ruisselle sur leur corps. L’heure de midi était passée et ils demeurèrent encore dans un état d’exaltation jusqu’au moment de l’offrande du soir. Mais il n’y eut ni voix, ni réponse, ni aucune réaction. Alors Elie ordonna à tout le peuple : Approchez-vous de moi ! Tout le peuple avança vers lui. Elie rétablit l’autel de l’Eternel qui avait été démoli. A cet effet, il prit douze pierres, une pour chacune des tribus des descendants de Jacob, à qui l’Eternel avait déclaré : « Tu t’appelleras Israël. » Il rebâtit avec ces pierres un autel dédié à l’Eternel. Autour, il creusa une rigole capable de contenir une trentaine de litres. Puis il disposa des bûches de bois sur l’autel, dépeça le taureau, plaça les morceaux de viande sur le bois et ordonna : Remplissez quatre cruches d’eau et répandez-la sur l’holocauste et sur le bois. On fit ainsi. – Faites-le encore une fois, ordonna-t-il. Ils le firent. – Une troisième fois ! Et ils le firent une troisième fois. L’eau se répandit autour de l’autel et remplit la rigole. A l’heure habituelle de l’offrande du soir, le prophète Elie s’approcha de l’autel et pria : Eternel, Dieu d’Abraham, d’Isaac et d’Israël, que l’on sache aujourd’hui que c’est toi qui es Dieu en Israël, que je suis ton serviteur et que j’ai fait tout cela sur ton ordre ! Réponds-moi, Eternel, réponds-moi, afin que ce peuple sache que c’est toi, Eternel, qui es le vrai Dieu, et que c’est toi qui veux ramener leurs cœurs à toi comme autrefois. Le feu de l’Eternel tomba du ciel, et consuma l’holocauste, le bois, les pierres et la terre, et il réduisit en vapeur l’eau de la rigole. Quand le peuple vit cela, tous tombèrent le visage contre terre en s’écriant : C’est l’Eternel qui est Dieu ! C’est l’Eternel qui est Dieu ! Elie leur ordonna : Saisissez les prophètes de Baal, qu’aucun d’eux ne s’échappe ! Ils se saisirent d’eux. Elie les fit descendre dans le ravin du Qishôn pour les y égorger. Ensuite, Elie dit à Achab : Allez, va manger et boire, car j’entends le grondement qui annonce l’averse. Achab alla manger et boire, tandis qu’Elie montait vers le sommet du mont Carmel où il se prosterna jusqu’à terre, le visage entre les genoux. Il dit à son jeune serviteur : Monte plus haut et regarde du côté de la mer. Celui-ci monta, scruta l’horizon et revint dire : Je ne vois rien. Elie l’envoya sept fois pour regarder. A la septième fois, le serviteur annonça : Je vois venir un petit nuage qui s’élève de la mer, il n’est pas plus grand que la main d’un homme. Alors Elie lui ordonna : Va dire à Achab : « Dépêche-toi d’atteler ton char et de rentrer chez toi, sinon la pluie te bloquera. » Déjà, de tous côtés, le ciel s’obscurcissait d’épais nuages poussés par un vent de tempête. Soudain, une pluie torrentielle se mit à tomber. Achab monta sur son char et partit pour Jizréel. Rempli de force par l’Eternel, Elie serra sa ceinture autour des reins et courut devant le char du roi Achab jusqu’à l’entrée de Jizréel.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an