1 Jan 2:3-11
1 Jan 2:3-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la. Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a. Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gentan ap klere. Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou. Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche. Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
1 Jan 2:3-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Si nous gardons les commandements de Dieu, nous savons que nous connaissons Dieu. Si quelqu’un dit : « Je connais Dieu », mais s’il n’obéit pas à ses commandements, c’est un menteur, la vérité n’est pas en lui. Mais celui qui obéit à la parole de Dieu, son amour pour Dieu est vraiment parfait. Ainsi nous savons que nous sommes unis à Dieu. Si quelqu’un dit : « Je reste uni à Dieu », il doit vivre comme Jésus-Christ a vécu. Amis très chers, ce n’est pas un commandement nouveau que je vous écris, c’est un commandement ancien. Vous l’avez reçu depuis le début . Ce commandement ancien, c’est la parole que vous avez entendue. Et pourtant, je vous écris un commandement nouveau , qui est vraiment nouveau en Jésus et doit l’être en vous. En effet, la nuit s’en va et la vraie lumière brille déjà. Si quelqu’un dit : « Je suis dans la lumière », mais s’il déteste son frère ou sa sœur, celui-là est encore dans la nuit. Celui qui aime son frère ou sa sœur reste dans la lumière, il ne risque pas de tomber dans le péché. Mais celui qui déteste son frère ou sa sœur est dans la nuit, il marche dans la nuit. Il ne sait pas où il va, la nuit l’a rendu aveugle.
1 Jan 2:3-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li. Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv. Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja. Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.
1 Jan 2:3-11 New International Version (NIV)
We know that we have come to know him if we keep his commands. Whoever says, “I know him,” but does not do what he commands is a liar, and the truth is not in that person. But if anyone obeys his word, love for God is truly made complete in them. This is how we know we are in him: Whoever claims to live in him must live as Jesus did. Dear friends, I am not writing you a new command but an old one, which you have had since the beginning. This old command is the message you have heard. Yet I am writing you a new command; its truth is seen in him and in you, because the darkness is passing and the true light is already shining. Anyone who claims to be in the light but hates a brother or sister is still in the darkness. Anyone who loves their brother and sister lives in the light, and there is nothing in them to make them stumble. But anyone who hates a brother or sister is in the darkness and walks around in the darkness. They do not know where they are going, because the darkness has blinded them.
1 Jan 2:3-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Voici comment nous savons que nous connaissons Christ : c’est parce que nous obéissons à ses commandements. Si quelqu’un dit : « Je le connais » sans obéir à ses commandements, c’est un menteur et la vérité n’est pas en lui. Celui qui observe sa Parole a vraiment pour Dieu un amour parvenu à sa pleine maturité. C’est ainsi que nous savons que nous sommes unis à lui. Celui qui prétend qu’il demeure en Christ doit aussi vivre comme Christ lui-même a vécu. Mes chers amis, ce n’est pas un nouveau commandement que je vous écris : il s’agit d’un commandement ancien que vous avez reçu dès le commencement, et ce commandement ancien, c’est le message que vous avez entendu. Mais en même temps, c’est un commandement nouveau que je vous écris, et l’on en voit la réalisation en Christ et en vous, car les ténèbres se dissipent et la lumière véritable brille déjà . Celui qui prétend être dans la lumière tout en détestant son frère, est encore présentement dans les ténèbres. Celui qui aime son frère demeure dans la lumière, et rien en lui ne risque de causer sa chute. Mais celui qui déteste son frère est dans les ténèbres : il marche dans les ténèbres sans savoir où il va, parce que les ténèbres l’ont rendu aveugle.