1 Jan 2:1-29

1 Jan 2:1-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te fè sakrifis tèt li bay Bondye pou peche nou, non sèlman pou peche pa nou, men tou pou peche lemonn antye. Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la. Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a. Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gentan ap klere. Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou. Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche. Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg. Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri. M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la. Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men kounyeya, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. Moun sa yo pat avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pat avèk nou tout bon. Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka sòti nan verite a. Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou. Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la. Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an. M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo. Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pèsonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la. Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.

1 Jan 2:1-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mes enfants, je vous écris ces choses-là pour que vous évitiez de commettre des péchés. Mais si quelqu’un commet des péchés, nous avons un défenseur devant le Père : c’est Jésus-Christ, le juste. Lui, il s’est offert en sacrifice, pour que Dieu pardonne nos péchés. Et Dieu pardonne non seulement nos péchés à nous, mais aussi les péchés du monde entier. Si nous gardons les commandements de Dieu, nous savons que nous connaissons Dieu. Si quelqu’un dit : « Je connais Dieu », mais s’il n’obéit pas à ses commandements, c’est un menteur, la vérité n’est pas en lui. Mais celui qui obéit à la parole de Dieu, son amour pour Dieu est vraiment parfait. Ainsi nous savons que nous sommes unis à Dieu. Si quelqu’un dit : « Je reste uni à Dieu », il doit vivre comme Jésus-Christ a vécu. Amis très chers, ce n’est pas un commandement nouveau que je vous écris, c’est un commandement ancien. Vous l’avez reçu depuis le début . Ce commandement ancien, c’est la parole que vous avez entendue. Et pourtant, je vous écris un commandement nouveau , qui est vraiment nouveau en Jésus et doit l’être en vous. En effet, la nuit s’en va et la vraie lumière brille déjà. Si quelqu’un dit : « Je suis dans la lumière », mais s’il déteste son frère ou sa sœur, celui-là est encore dans la nuit. Celui qui aime son frère ou sa sœur reste dans la lumière, il ne risque pas de tomber dans le péché. Mais celui qui déteste son frère ou sa sœur est dans la nuit, il marche dans la nuit. Il ne sait pas où il va, la nuit l’a rendu aveugle. Mes enfants, dans cette lettre, je vous dis : « Dieu pardonne vos péchés grâce au nom du Christ. » Vous, les parents, je vous dis : « Vous connaissez celui qui existe depuis toujours. » Vous, les jeunes, je vous dis : « Vous avez vaincu le Mauvais . » Vous, les enfants, je vous dis encore : « Vous connaissez le Père. » Vous, les parents, je vous dis encore : « Vous connaissez celui qui existe depuis toujours. » Vous, les jeunes, je vous dis encore : « Vous êtes forts, la parole de Dieu reste en vous, et vous avez vaincu le Mauvais. » N’aimez pas le monde ni ce qui est dans le monde. Si quelqu’un aime le monde, il n’aime pas Dieu le Père. Voici ce qu’on trouve dans le monde : les mauvais désirs que chacun porte en soi, l’envie de posséder ce qu’on voit, et l’orgueil qui vient de la richesse. Eh bien, tout cela ne vient pas du Père, mais du monde. Le monde ne dure pas, et les mauvais désirs ne durent pas non plus. Mais celui qui fait ce que Dieu veut, celui-là vit pour toujours. Mes enfants, c’est bientôt la fin des temps. Vous avez entendu dire : « L’ennemi du Christ arrive. » Maintenant, beaucoup d’ennemis du Christ sont déjà là. C’est pourquoi nous le savons : c’est bientôt la fin des temps. Ces gens-là sont partis de notre communauté, mais ils n’étaient pas nos frères et nos sœurs. S’ils avaient été nos frères et nos sœurs, ils seraient restés avec nous. Maintenant, c’est clair : ces gens-là n’étaient pas nos frères et nos sœurs. Mais vous, vous avez reçu l’Esprit de Dieu, c’est le Christ qui vous l’a donné. Voilà pourquoi vous tous, vous connaissez la vérité. Je ne vous ai pas écrit : « Vous ignorez la vérité », mais je vous ai écrit : « Vous connaissez la vérité, et aucun mensonge ne peut venir de la vérité. » Qui est le menteur ? C’est celui qui dit : « Jésus n’est pas le Christ. » Voilà l’ennemi du Christ, il rejette et le Père et le Fils ! Tous ceux qui rejettent Jésus le Fils, rejettent aussi le Père. Celui qui accepte le Fils accepte aussi le Père. C’est pourquoi, gardez en vous les paroles entendues depuis le début. Si les paroles entendues depuis le début restent en vous, vous aussi, vous resterez unis au Fils et au Père. Oui, le Christ nous l’a promis : nous vivrons avec Dieu pour toujours. Voilà ce que je voulais vous écrire sur ceux qui veulent vous tromper. Quant à vous, le Christ vous a donné son Esprit, et cet Esprit habite en vous. Alors vous n’avez pas besoin d’un maître. En effet, c’est l’Esprit Saint qui vous apprend tout, et ce qu’il vous apprend est vrai, ce n’est pas un mensonge. C’est pourquoi, restez unis au Christ, comme l’Esprit Saint vous l’a appris. Oui, mes enfants, restez unis au Christ. Alors, quand il paraîtra, nous serons pleins de confiance. Ce jour-là, nous ne serons pas couverts de honte devant lui. Vous savez que le Christ est juste. Alors reconnaissez ceci : tous ceux qui font ce qui est juste sont enfants de Dieu.

1 Jan 2:1-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a. Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun. Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li. Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv. Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja. Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg. M ap ekri nou lèt sa a, pitit mwen yo, paske peche nou yo padone poutèt non Kris la. M ap ekri nou lèt sa a, papa yo, paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an. M ap ekri nou, nou menm ki jèn, paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo. Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou papa yo, paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo, paske nou gen fòs. Pawòl Bondye a rete nan nou, epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo. Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li. Paske tout sa ki nan mond lan: dezi lachè, lanvi pou nou genyen sa je nou wè, lògèy ki ranpli nou poutèt byen nou genyen, tout sa pa soti nan Papa a, men yo soti nan mond lan. Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan. Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo. Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a. Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a. Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la. Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou. Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl. M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo. Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa. Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini. Si nou konnen Pitit la dwat, konnen tou, moun ki toujou fè sa ki byen, se pitit Bondye.

1 Jan 2:1-29 New International Version (NIV)

My dear children, I write this to you so that you will not sin. But if anybody does sin, we have an advocate with the Father—Jesus Christ, the Righteous One. He is the atoning sacrifice for our sins, and not only for ours but also for the sins of the whole world. We know that we have come to know him if we keep his commands. Whoever says, “I know him,” but does not do what he commands is a liar, and the truth is not in that person. But if anyone obeys his word, love for God is truly made complete in them. This is how we know we are in him: Whoever claims to live in him must live as Jesus did. Dear friends, I am not writing you a new command but an old one, which you have had since the beginning. This old command is the message you have heard. Yet I am writing you a new command; its truth is seen in him and in you, because the darkness is passing and the true light is already shining. Anyone who claims to be in the light but hates a brother or sister is still in the darkness. Anyone who loves their brother and sister lives in the light, and there is nothing in them to make them stumble. But anyone who hates a brother or sister is in the darkness and walks around in the darkness. They do not know where they are going, because the darkness has blinded them. I am writing to you, dear children, because your sins have been forgiven on account of his name. I am writing to you, fathers, because you know him who is from the beginning. I am writing to you, young men, because you have overcome the evil one. I write to you, dear children, because you know the Father. I write to you, fathers, because you know him who is from the beginning. I write to you, young men, because you are strong, and the word of God lives in you, and you have overcome the evil one. Do not love the world or anything in the world. If anyone loves the world, love for the Father is not in them. For everything in the world—the lust of the flesh, the lust of the eyes, and the pride of life—comes not from the Father but from the world. The world and its desires pass away, but whoever does the will of God lives forever. Dear children, this is the last hour; and as you have heard that the antichrist is coming, even now many antichrists have come. This is how we know it is the last hour. They went out from us, but they did not really belong to us. For if they had belonged to us, they would have remained with us; but their going showed that none of them belonged to us. But you have an anointing from the Holy One, and all of you know the truth. I do not write to you because you do not know the truth, but because you do know it and because no lie comes from the truth. Who is the liar? It is whoever denies that Jesus is the Christ. Such a person is the antichrist—denying the Father and the Son. No one who denies the Son has the Father; whoever acknowledges the Son has the Father also. As for you, see that what you have heard from the beginning remains in you. If it does, you also will remain in the Son and in the Father. And this is what he promised us—eternal life. I am writing these things to you about those who are trying to lead you astray. As for you, the anointing you received from him remains in you, and you do not need anyone to teach you. But as his anointing teaches you about all things and as that anointing is real, not counterfeit—just as it has taught you, remain in him. And now, dear children, continue in him, so that when he appears we may be confident and unashamed before him at his coming. If you know that he is righteous, you know that everyone who does what is right has been born of him.

1 Jan 2:1-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mes chers enfants, je vous écris ceci afin que vous ne péchiez pas. Si, toutefois, il arrivait à quelqu’un de commettre un péché, nous avons un Défenseur auprès du Père : Jésus-Christ le juste. Car il a expié nos péchés, et pas seulement les nôtres, mais ceux de gens du monde entier. Voici comment nous savons que nous connaissons Christ : c’est parce que nous obéissons à ses commandements. Si quelqu’un dit : « Je le connais » sans obéir à ses commandements, c’est un menteur et la vérité n’est pas en lui. Celui qui observe sa Parole a vraiment pour Dieu un amour parvenu à sa pleine maturité. C’est ainsi que nous savons que nous sommes unis à lui. Celui qui prétend qu’il demeure en Christ doit aussi vivre comme Christ lui-même a vécu. Mes chers amis, ce n’est pas un nouveau commandement que je vous écris : il s’agit d’un commandement ancien que vous avez reçu dès le commencement, et ce commandement ancien, c’est le message que vous avez entendu. Mais en même temps, c’est un commandement nouveau que je vous écris, et l’on en voit la réalisation en Christ et en vous, car les ténèbres se dissipent et la lumière véritable brille déjà . Celui qui prétend être dans la lumière tout en détestant son frère, est encore présentement dans les ténèbres. Celui qui aime son frère demeure dans la lumière, et rien en lui ne risque de causer sa chute. Mais celui qui déteste son frère est dans les ténèbres : il marche dans les ténèbres sans savoir où il va, parce que les ténèbres l’ont rendu aveugle. Je vous écris ceci, enfants : vos péchés vous sont pardonnés grâce à Jésus-Christ. Je vous écris ceci, pères : vous connaissez celui qui est dès le commencement. Je vous écris ceci, jeunes gens : vous avez vaincu le diable. Je vous le confirme, enfants : vous connaissez le Père. Je vous le confirme, pères : vous connaissez celui qui est dès le commencement. Je vous le confirme, jeunes gens : vous êtes forts, la Parole de Dieu demeure en vous et vous avez vaincu le diable. N’aimez pas le monde ni rien de ce qui fait partie de ce monde. Si quelqu’un aime le monde, l’amour pour le Père n’est pas en lui. En effet, tout ce qui fait partie du monde : les mauvais désirs qui animent l’homme livré à lui-même, la soif de posséder ce qui attire les regards, et l’orgueil qu’inspirent les biens matériels, tout cela ne vient pas du Père, mais du monde. Or le monde passe avec tous ses attraits, mais celui qui accomplit la volonté de Dieu demeure éternellement. Mes enfants, c’est la dernière heure. Vous avez appris qu’un « anti-Christ » doit venir. Or, dès à présent, beaucoup d’antichrists sont là. Voilà pourquoi nous savons que nous sommes entrés dans la dernière heure. Ces adversaires de Christ sont sortis de chez nous mais, en réalité, ils n’étaient pas des nôtres. Car, s’ils avaient été des nôtres, ils seraient restés avec nous. Mais ils nous ont quittés pour qu’il soit parfaitement clair que tous ne sont pas des nôtres. Vous, au contraire, vous avez été oints du Saint-Esprit par celui qui est saint, et vous avez tous la connaissance. Si je vous écris, ce n’est pas parce que vous ne connaissez pas la vérité, mais parce que vous la connaissez, et qu’aucun mensonge ne vient de la vérité. Alors qui est le menteur ? C’est celui qui nie que Jésus est Christ. Et « l’anti-Christ », c’est celui qui refuse de reconnaître le Père et le Fils. Tout homme qui nie que Jésus est le Fils de Dieu ne connaît pas non plus le Père. Celui qui reconnaît que Jésus est le Fils de Dieu connaît aussi le Père. C’est pourquoi, tenez-vous soigneusement à l’enseignement que vous avez reçu dès le commencement. Si ce que vous avez entendu dès le commencement demeure en vous, vous demeurerez aussi unis au Fils et au Père. Et voici la promesse qu’il vous a faite : la vie éternelle. C’est au sujet de ceux qui vous entraînent dans l’erreur que je vous écris ces choses. Quant à vous, l’Esprit dont vous avez été oints par Christ demeure en vous. Vous n’avez donc pas besoin que l’on vous instruise, car cet Esprit dont vous avez été oints vous enseigne tout. Il est véridique, il ne ment pas. Restez donc attachés à cet enseignement tel que vous l’avez reçu de l’Esprit. Mes enfants, demeurez attachés à Christ pour qu’au moment où il paraîtra, nous soyons remplis d’assurance et que nous ne nous trouvions pas tout honteux loin de lui au moment de sa venue. Vous savez que Dieu est juste ; reconnaissez, par conséquent, que tout homme qui accomplit ce qui est juste est né de lui.

1 Jan 2:1-29

1 Jan 2:1-29 HAT98

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an