1 Korent 15:35-58

1 Korent 15:35-58 1998 Haïtienne (HAT98)

Men, yon moun va mande m: Ki jan moun ki mouri yo pral leve sòti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen? Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l pa mouri anvan. Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm. Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo. Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pat gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò. Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a. Limyè solèy la gen bèlte pa l, lalin lan gen bèlte pa l, zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo. Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve sòti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l, li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l, li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki sòti nan Lespri tou. Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki sòti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki sòti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li sòti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki sòti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n sanble ak moun ki sòti nan syèl la. Men sa mwen vle di, frè m yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l pa janm pouri. M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li. Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an! Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

1 Korent 15:35-58 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mais quelqu’un peut demander : comment les morts se réveillent-ils ? Quelle sorte de corps vont-ils avoir ? Réfléchis donc ! Quand tu sèmes une graine, elle doit d’abord mourir avant de devenir une plante vivante. Et qu’est-ce que tu sèmes ? Tu ne sèmes pas la plante qui va pousser, tu sèmes seulement une graine, peut-être un grain de blé ou une autre semence. Ensuite, Dieu donne à cette graine le corps qu’il veut, et il donne à chaque graine le corps qui est le sien. Aucune chair ne ressemble à une autre. Il y a une différence entre la chair des humains et la chair des animaux, entre la chair des oiseaux et la chair des poissons. Il y a aussi des corps célestes et des corps terrestres. Mais la beauté des corps célestes n’est pas la même que la beauté des corps terrestres. La beauté du soleil n’est pas la beauté de la lune, et leur beauté n’est pas celle des étoiles. Et même chaque étoile a une beauté différente de celle des autres étoiles. Quand les morts se relèveront, ce sera la même chose. Ce qu’on met dans la terre comme une graine, c’est un corps qui doit pourrir. Mais quand il se réveille de la mort, il ne peut plus pourrir. Ce qu’on met dans la terre, c’est un corps qui ne vaut plus rien. Mais quand il se réveille de la mort, il est plein de gloire. Ce qu’on met dans la terre, c’est un corps faible. Mais quand il se réveille de la mort, il est plein de force. Le corps qu’on met dans la terre comme une graine, c’est un simple corps humain. Mais quand il se réveille de la mort, l’Esprit Saint lui donne la vie. Il y a donc un corps qui est un simple corps humain. Mais il y a aussi un corps qui reçoit la vie de l’Esprit Saint. Dans les Livres Saints, on lit : « Adam, le premier homme, c’est un simple être humain qui a reçu la vie. » Le dernier Adam est rempli de l’Esprit Saint, qui donne la vie . Ce qui vient d’abord, ce n’est pas l’être qui vit par l’Esprit Saint, c’est le simple être humain. L’être qui vit par l’Esprit Saint vient après. Dieu a modelé le premier homme avec de la terre. Cet homme-là vient de la terre, mais le deuxième homme vient du ciel. Ceux qui viennent de la terre sont comme celui que Dieu a modelé avec de la terre. Ceux qui viennent du ciel sont comme celui qui est venu du ciel. Nous avons ressemblé d’abord à l’homme modelé avec de la terre. Plus tard, nous ressemblerons aussi à l’homme qui vient du ciel. Frères et sœurs chrétiens, voici ce que j’affirme : ce qui est fait de chair et de sang ne peut pas participer au Royaume de Dieu. Et ce qui doit pourrir ne peut pas posséder la vie qui ne finit pas. Maintenant, je vais vous dire une chose mystérieuse : nous ne mourrons pas tous, mais tous, nous serons transformés. Cela se fera très vite, en un clin d’œil, quand la trompette sonnera le dernier jour. Oui, la trompette sonnera. Alors les morts se réveilleront pour une vie qui ne finit pas, et nous, nous serons transformés. En effet, ce qui pourrit doit recevoir la vie qui ne finit pas. Et ce qui meurt doit recevoir la vie qui dure toujours. Quand cela arrivera, ce qui doit pourrir recevra la vie qui ne finit pas. Et ce qui doit mourir recevra la vie qui dure toujours. Donc, tout se passera comme les Livres Saints le disent : « Une victoire totale a fait disparaître la mort. Mort, où est ta victoire ? Mort, où est ton arme ? » L’arme de la mort, c’est le péché, et la loi rend le péché plus puissant. Mais remercions Dieu qui nous donne la victoire par notre Seigneur Jésus-Christ. Alors, mes frères et mes sœurs très aimés, soyez forts, soyez solides ! Travaillez toujours mieux au service du Seigneur. Vous le savez, en le servant, vous ne travaillez pas pour rien.

1 Korent 15:35-58 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?” Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen. Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn. Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li. Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo. Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo. Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt. Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl kon sa tou gen kò espirityèl. Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun ki te resevwa lavi.” Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl. Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la. M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri. M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje. Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme. Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè: “Lanmò disparèt paske l pèdi batay la. Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote zam ou?” Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa. Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an. Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.

1 Korent 15:35-58 New International Version (NIV)

But someone will ask, “How are the dead raised? With what kind of body will they come?” How foolish! What you sow does not come to life unless it dies. When you sow, you do not plant the body that will be, but just a seed, perhaps of wheat or of something else. But God gives it a body as he has determined, and to each kind of seed he gives its own body. Not all flesh is the same: People have one kind of flesh, animals have another, birds another and fish another. There are also heavenly bodies and there are earthly bodies; but the splendor of the heavenly bodies is one kind, and the splendor of the earthly bodies is another. The sun has one kind of splendor, the moon another and the stars another; and star differs from star in splendor. So will it be with the resurrection of the dead. The body that is sown is perishable, it is raised imperishable; it is sown in dishonor, it is raised in glory; it is sown in weakness, it is raised in power; it is sown a natural body, it is raised a spiritual body. If there is a natural body, there is also a spiritual body. So it is written: “The first man Adam became a living being”; the last Adam, a life-giving spirit. The spiritual did not come first, but the natural, and after that the spiritual. The first man was of the dust of the earth; the second man is of heaven. As was the earthly man, so are those who are of the earth; and as is the heavenly man, so also are those who are of heaven. And just as we have borne the image of the earthly man, so shall we bear the image of the heavenly man. I declare to you, brothers and sisters, that flesh and blood cannot inherit the kingdom of God, nor does the perishable inherit the imperishable. Listen, I tell you a mystery: We will not all sleep, but we will all be changed— in a flash, in the twinkling of an eye, at the last trumpet. For the trumpet will sound, the dead will be raised imperishable, and we will be changed. For the perishable must clothe itself with the imperishable, and the mortal with immortality. When the perishable has been clothed with the imperishable, and the mortal with immortality, then the saying that is written will come true: “Death has been swallowed up in victory.” “Where, O death, is your victory? Where, O death, is your sting?” The sting of death is sin, and the power of sin is the law. But thanks be to God! He gives us the victory through our Lord Jesus Christ. Therefore, my dear brothers and sisters, stand firm. Let nothing move you. Always give yourselves fully to the work of the Lord, because you know that your labor in the Lord is not in vain.

1 Korent 15:35-58 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mais, demandera peut-être quelqu’un, comment les morts ressusciteront-ils ? Avec quel corps reviendront-ils à la vie ? Insensés que vous êtes ! Dans la nature, la graine que vous semez ne peut reprendre vie qu’après être passée par la mort. Lorsque vous faites vos semailles, vous ne mettez pas en terre le corps que la plante aura quand elle aura poussé, mais une simple graine, un grain de blé par exemple ou quelque autre semence. Et Dieu lui donne le corps qu’il veut. A chaque semence correspond un corps particulier. Tous les êtres vivants n’ont pas non plus la même chair : les hommes ont leur propre chair, les animaux en ont une autre, les oiseaux une autre encore, une autre aussi les poissons. De même, nous distinguons les « corps » des astres de ceux des créatures terrestres ; chacun d’entre eux a son aspect propre. Le soleil a son propre éclat, de même que la lune, et le rayonnement des étoiles est encore différent. Et chaque étoile même brille d’un éclat particulier. Il en va de même pour la résurrection. Lorsque le corps est porté en terre comme la graine que l’on sème, il est corruptible, et il ressuscite incorruptible ; semé infirme et faible, il ressuscite plein de force et glorieux. Ce que l’on enterre, c’est un corps doué de la seule vie naturelle ; ce qui revit, c’est un corps dans lequel règne l’Esprit de Dieu. Aussi vrai qu’il existe un corps doté de la seule vie naturelle, il existe aussi un corps régi par l’Esprit. L’Ecriture ne déclare-t-elle pas : Le premier homme, Adam, devint un être vivant , doué de la vie naturelle ? Le dernier Adam est devenu, lui, un être qui, animé par l’Esprit, communique la vie. Mais ce qui vient en premier lieu, ce n’est pas ce qui appartient au règne de l’Esprit, c’est ce qui appartient à l’ordre naturel ; ce qui appartient au règne de l’Esprit ne vient qu’ensuite. Le premier homme, formé de la poussière du sol, appartient à la terre. Le « second homme » appartient au ciel. Or, tous ceux qui ont été formés de poussière sont semblables à celui qui a été formé de poussière. De même aussi, ceux qui appartiennent au ciel sont semblables à celui qui appartient au ciel. Et comme nous avons porté l’image de l’homme formé de poussière, nous porterons aussi l’image de l’homme qui appartient au ciel. Ce que je dis, frères et sœurs, c’est que notre corps de chair et de sang ne peut accéder au royaume de Dieu : ce qui est corruptible ne peut avoir part à l’incorruptibilité. Voici, je vais vous révéler un mystère : nous ne passerons pas tous par la mort, mais nous serons tous transformés, en un instant, en un clin d’œil, au son de la trompette dernière. Car, lorsque cette trompette retentira, les morts ressusciteront pour être désormais incorruptibles, tandis que nous, nous serons changés. En effet, ce corps corruptible doit se revêtir d’incorruptibilité et ce corps mortel doit se revêtir d’immortalité. Lorsque ce corps corruptible aura revêtu l’incorruptibilité et que ce corps mortel aura revêtu l’immortalité, alors se trouvera réalisée cette parole de l’Ecriture : La victoire totale sur la mort ╵ a été remportée . O mort, qu’est devenue ta victoire ? O mort, où est ton dard ? Le dard de la mort, c’est le péché, et le péché tire sa force de la Loi. Mais loué soit Dieu qui nous donne la victoire par notre Seigneur Jésus-Christ. C’est pourquoi, mes chers frères et sœurs, soyez fermes, ne vous laissez pas ébranler, travaillez sans relâche pour le Seigneur, sachant que la peine que vous vous donnez au service du Seigneur n’est pas inutile.