1 Korent 10:1-13

1 Korent 10:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Frè m yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nyaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la. Yo tout te batize nan nyaj la ak nan lanmè a ansanm avèk Moyiz. Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a. Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap sòti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm. Atousa, anpil ladan yo pat fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l lan. Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l, jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo. Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. Se sa k fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l pou l pa tonbe. Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

1 Korent 10:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Frères et sœurs chrétiens, je veux vous rappeler ce qui est arrivé à nos ancêtres. Ils ont tous été protégés par le nuage, ils ont tous traversé la mer Rouge . Ils ont tous été baptisés dans le nuage et dans la mer, en étant unis à Moïse. Ils ont tous mangé la même nourriture spirituelle et ils ont bu la même boisson spirituelle. En effet, ils ont bu à un rocher spirituel qui les suivait , et ce rocher, c’était le Christ. Pourtant, parmi eux, presque personne n’a plu à Dieu, c’est pourquoi ils sont morts dans le désert . Ces choses-là sont arrivées pour nous servir d’exemples. Alors nous n’aurons pas envie de faire le mal comme nos ancêtres . N’adorez pas les faux dieux, comme certains parmi eux l’ont fait. Les Livres Saints racontent cela : « Le peuple s’est assis pour manger et pour boire. Ensuite, les gens se sont mis debout pour s’amuser. » N’ayons pas une vie immorale en agissant comme certains d’entre eux l’ont fait, et 23 000 sont morts en un seul jour . Ne provoquons pas le Seigneur, comme certains parmi eux l’ont fait, et des serpents les ont fait mourir. Enfin, ne nous plaignons pas, comme certains parmi eux l’ont fait, et l’ange de la mort les a détruits. Ces choses-là sont arrivées à nos ancêtres pour nous servir d’exemples. On les a écrites pour nous avertir, nous qui sommes bientôt arrivés à la fin des temps. C’est pourquoi celui qui se croit solide doit faire attention à ne pas tomber. Toutes les tentations que vous avez rencontrées étaient normales pour des hommes et des femmes. Dieu est fidèle, et il ne permettra pas que vous soyez tentés au-dessus de vos forces. Quand vous serez tentés, Dieu vous donnera la force de le supporter et le moyen d’en sortir.

1 Korent 10:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la. Yo tout te travèse lanmè a. Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm anba nyaj la ak nan lanmè a. Yo tout te manje menm manje espirityèl la. Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la. Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a. Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay. Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.” Pa lage kò nou nan imoralite seksyèl jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz 23,000 ladan mouri nan yon sèl jou. Pa tante Kris menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri. Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo. Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive. Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.

1 Korent 10:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Car il ne faut pas que vous ignoriez ceci, frères et sœurs : après leur sortie d’Egypte, nos ancêtres ont tous marché sous la conduite de la nuée, ils ont tous traversé la mer, ils ont donc tous, en quelque sorte, été baptisés « pour Moïse  » dans la nuée et dans la mer. Ils ont tous mangé une même nourriture spirituelle. Ils ont tous bu la même boisson spirituelle, car ils buvaient de l’eau jaillie d’un rocher spirituel qui les accompagnait ; et ce rocher n’était autre que Christ lui-même. Malgré tout cela, la plupart d’entre eux ne furent pas agréés par Dieu, puisqu’ils périrent dans le désert. Tous ces faits nous servent d’exemples pour nous avertir de ne pas tolérer en nous de mauvais désirs comme ceux auxquels ils ont succombé. Ne soyez pas idolâtres comme certains d’entre eux l’ont été, selon ce que rapporte l’Ecriture : Le peuple s’assit pour manger et boire, puis il se leva pour se divertir . Ne nous laissons pas entraîner à l’immoralité sexuelle comme firent certains d’entre eux et, en un seul jour, il mourut vingt-trois mille personnes. N’essayons pas de forcer la main à Christ, comme le firent certains d’entre eux qui, pour cela, périrent sous la morsure des serpents. Ne vous plaignez pas de votre sort, comme certains d’entre eux, qui tombèrent sous les coups de l’ange exterminateur. Tous ces événements leur sont arrivés pour nous servir d’exemples. Ils ont été mis par écrit pour que nous en tirions instruction, nous qui sommes parvenus aux temps de la fin. C’est pourquoi, si quelqu’un se croit debout, qu’il prenne garde de ne pas tomber. Les tentations qui vous ont assaillis sont communes à tous les hommes. D’ailleurs, Dieu est fidèle et il ne permettra pas que vous soyez tentés au-delà de vos forces. Au moment de la tentation, il préparera le moyen d’en sortir pour que vous puissiez y résister.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an