Rit 4:1-12

Rit 4:1-12 VKF

Bowaz ale nan antre vil la, kote lidè vil la yo te konn reyini epi li chita. Lè manm fanmi ki pi pwòch Elimelèk la, sa Bowaz t ap pale Rit la, te vin parèt, Bowaz di l: “Avanse non zanmi m, vin chita.” Konsa, mesye a avanse epi li chita. Bowaz te reyini dis nan notab lavil la epi li mande yo pou yo chita. Yo tout te chita la. Apre sa, Bowaz di mesye ki pi pwòch fanmi Elimelèk la kon sa: “Nawomi, te retounen soti nan peyi Mowab. Kounye a l ap vann pòsyon tè ki te pou Elimelèk, frè nou an. Mwen deside fè ou konnen sa devan tout moun ak tout lidè ki chita la yo pou si ou vle achte l. Si ou ap pran l, fè sa. Si ou p ap fè l, di m sa pou m ka konnen paske se ou ki premye moun ki gen dwa sa a; se apre w mwen vini. Mesye a te reponn wi m ap achte l.” Lè sa a, Bowaz di l: “Si ou achte pòsyon tè a nan men Nawomi, ou ap oblije marye ak Rit tou, dam peyi Mowab la, defen an te mouri kite a. Konsa pitit gason ki pral fèt ak Rit la ka vin eritye papa l epi tè a ap toujou rete nan fanmi defen an.” Lè sa a, nonm ki te fanmi pwòch Elimelèk la di Bowaz: “M p ap pran l ankò, m pa vle kreye pwoblèm pou byen pa m yo. M ba ou dwa pa m nan, ou mèt achte tè a.” Te gen yon koutim nan peyi Izrayèl lè sa a, lè moun ap pran angajman konsènan yon pwopriyete, youn retire sandal li, li bay lòt la l. Yo te konn fè l konsa, se te yon fason pou siyen anba angajman an. Konsa, apre lòt pwotektè a fin di Bowaz: “Ou mèt achte l ou menm,” li te retire sandal li bay Bowaz. Bowaz pran lapawòl, li di dis notab yo ak tout lòt moun ki te la yo: “Nou tout sèvi m temwen. Jodi a m achte nan men Nawomi pòsyon tè ki te pou Elimelèk la ak tout sa ki te pou pitit li yo Kilyon ak Malon. Anplis de sa, m ap tou pran Rit, dam Malon te mouri kite a, pou l vin madanm mwen. Konsa, non fanmi lan ak tout eritaj fanmi lan ap kontinye pwolonje epi tout moun nan vil la ap toujou sonje defen yo. Mwen pran nou tout pou temwen m jodi a!” Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou. Se pou SENYÈ a fè Rit ba ou anpil pitit, menm jan ak lakay Perèz, Pitit gason Tama te fè pou Jida a.”

Li Rit 4