Rit 2:4-12

Rit 2:4-12 VKF

Pandan Rit nan jaden an, Bowaz te vin sòti lavil Bètleyèm epi li salye tout travayè l yo, li di yo “SENYÈ a beni nou!” Epi travayè yo reponn li, “SENYÈ a beni w!” Apre sa, Bowaz mande travayè anchèf la: “Kilès jèn madanm sa a ye?” Travayè a reponn: “Se madanm peyi Mowab la ki te vin avèk Nawomi an. Li te vini bonè maten an, li mande si nou ka kite l mache dèyè travayè yo pou l ka ranmase grenn ki rete dèyè. Depi l rive la a, li travay san rete, sof lè pou l te pran yon ti poz tou kout.” Konsa Bowaz di Rit: “Tande non pitit fi m, ou mèt rete isit la toutotan ou vle pou ranmase grenn lòj. Ou pa bezwen al nan jaden lòt moun. Rete toupre medam k ap travay yo. Gade byen pou wè ki kote mesye yo ap travay epi mache pye pou pye dèyè medam yo k ap ranmase yo. Mwen pase mesye yo lòd pou yo pa anouye w. Lè ou swaf dlo, al bwè dlo nan basen kote moun k ap travay avè m yo tire dlo mete a.” Lè Bowaz fin pale, Rit mete ajenou, li bese tèt li byen ba epi li di Bowaz: “Poukisa ou pran ka m kon sa a, malgre ou konnen mwen se yon etranje?” Bowaz reponn Rit konsa: “Kite m di ou, yo banm tout detay kòman ou ede bèlmè w depi lè mari w te mouri. Mwen aprann kòman ou kite papa w ak manman w, ak pwòp peyi w, pou ou ka vini ak Nawomi nan yon peyi ou pa t menm konnen. Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.”

Li Rit 2