Rit 1:6-18

Rit 1:6-18 VKF

Pandan l nan peyi Mowab, Nawomi vin aprann SENYÈ a te vizite peyi Jida epi li te ba yo yon bon rekòt. Li pran desizyon ak bèlfi l yo pou l kite peyi Mowab. Nawomi te kite plas kote yo t ap viv la, epi de bèlfi li yo te pati avèk li. Yo pran wout ki ta mennen Nawomi tounen nan peyi Jida. Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò. Se pou SENYÈ a fè nou chak jwen yon lòt mari ak yon lòt bon kote pou nou viv!” Nawomi anbrase bèlfi l yo, li di yo orevwa, epi yo tonbe kriye byen fò. De bèlfi yo reponn, yo di Nawomi: “Non, n ap retounen avè w pou n ale viv nan mitan pèp ou a.” Men Nawomi di: “Pitit fi m yo, retounen ale kote nou te soti non! Poukisa pou n ta vini avèk mwen? M pa ka fè lòt pitit gason ankò pou marye avèk nou. Tounen, pitit fi m yo. Paske mwen fin granmoun, m p ap ka marye ankò! Sipoze sa ta posib; sipoze mwen ta gen yon mari aswè a epi m ta fè de pitit gason, nou panse nou t ap rete tann yo grandi pou yo marye avèk nou? Èske nou t ap ka rete tout tan sa a san marye? Non, pitit fi mwen yo. Nou pa oblije soufri menm jan avè m. Sevre, se men SENYÈ a menm ki vire kont mwen.” Lè sa a yo tout te pran kriye ankò. Òpa anbrase bèlmè li Nawomi epi di li orevwa. Men Rit menm pa t vle kite Nawomi ale. Li deside rete ak Nawomi. Nawomi di Rit: “Ou wè, men bèlsè ou kase tèt tounen lakay li pou l al sèvi pwòp dye pa li yo. Fè sa tou, ale avèk li.” Men, Rit reponn: “Pa fòse m kite w ale poukont ou. Kote ou fè, se la m ap fè. Kote ou dòmi, se la m ap dòmi. Pèp pa w la, se li k i va pèp pa mwen. Bondye pa w la, se li ki va Bondye m tou. Kote ou mouri, se la m vle mouri, kote ou antere se la m vle antere tou. Se pou SENYÈ a ta pini m trè di si se pa ta lanmò sèlman ki ta separe m ak ou.” Lè Nawomi wè Rit pa deside vire do kite l, li sispann fòse l.

Li Rit 1

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Rit 1:6-18