Men sa m aprann konsènan Lalwa: Lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal la ki parèt. M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m. Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li. Ala tèt chaje, ala mizè pou mwen! Ki lès ki pou sove m anba kò lanmò sa a? (Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.
Li Wòm 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Wòm 7:21-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo