Wòm 4:8-25

Wòm 4:8-25 VKF

Se yon gwo benediksyon lè Senyè a retire peche yon moun nan lis kote yo te ekri!” Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a. Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa. Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se kon sa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. Se kon sa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.” Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste. Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.” Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.

Li Wòm 4

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Wòm 4:8-25