Mwen vire pou m wè vwa a ki t ap pale avè m nan. Lè m vire, mwen wè sèt chandelye an ò. Epi, nan mitan chandelye yo, mwen wè tankou se yon moun. Li te gen yon wòb tou long sou li ak sentiwon an ò boukle sou pwatrin li. Tèt li ak cheve li te tou blan. Yo te sanble ak yon lenn blan, menm jan ak lanèj. Epi je li te tankou yon flanm dife tou wouj. Pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil. Vwa li te tankou bri vwa gwo dlo k ap desann. Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.
Li Rev 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Rev 1:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo