Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè. Frè m ak sè m yo, m pa konsidere mwen gentan rive deja. Men gen yon bagay mwen fè: Mwen bliye sa ki dèyè m epi m ap vanse pou m atenn objektif la. Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la. Se pou nou tout ki vin byen devlope nan Kris la panse konsa. Si nou pa wè l konsa, Bondye va fè sa klè pou nou. Sèlman, an nou kontinye ale ansanm sou menm chemen sa a.
Li Fil 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 3:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo