Fil 3:1-11

Fil 3:1-11 VKF

Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou. Veye kò nou ak chyen yo! Veye kò nou ak moun k ap fè move bagay. Veye kò nou ak moun ki ta vle sikonsi tout moun. Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikris nou mete konfyans nou. Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou. Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen. Kanta zèl pou relijyon Jwif la, mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen. Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris. Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la. Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li. Alò, m gen espwa m va resisite tou, menm jan li menm li te resisite.

Li Fil 3

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an