Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo? Moyiz di: Onore papa nou ak manman nou. Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò. Men nou menm nou di: lè yon moun di papa l oswa manman l: mwen pa ka ede w paske mwen konsakre tout afè m bay Bondye. Konsa nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp la. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Nou fè anpil lòt bagay kon sa ankò.”
Li Mak 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 7:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo