Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!” Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.” Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun. Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. Antotal te gen senk mil gason ki te manje.
Li Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:38-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo