Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. Pitit fi Ewodyas la al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse. Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.” Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”
Li Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:21-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo