Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.” Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a.
Li Mak 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 5:35-40
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo