E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?” Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?” Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”
Li Mak 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 5:29-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo