Mak 2:13-28

Mak 2:13-28 VKF

Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.” Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?” Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.” Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?” Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene. Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.” Apre sa, yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo ranmase kèk zepi ble pou yo manje. Kèk Farizyen di Jezi: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?” Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje? Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba, konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”

Li Mak 2

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an