Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?” Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil. Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
Li Mak 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 16:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo