Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.” Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, youn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.” Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.” Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.”
Li Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:17-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo